Español English French Kwéyol

Ayiti : Dcpj arete Magalie Habitant ak chofè l jedi 9 janvye 2025 lan nan Laboul, Petyonvil

Petyonvil (Ayiti) 9 janvye 2025 [AlterPresse] --- Jedi 9 janvye 2025 la, ajan Direksyon santral lapolis k ap traváy pou lajistis la (Dcpj) arete nan Laboul, Petyonvil, ansyen direktris Sèvis nasyonal ki anchaje fatra yo, Magalie Habitant, ansanm ak chofè l Lener Jean-Philippe.

Pòtvwa an apre lapolis nasyonal la, Lionel Lazarre, ki konfime arestasyon 2 moun sa yo, pa di AlterPresse ak AlterRadio sou ki baz Dcpj arete Magalie Habitant ak chofè l, jedi 9 janvye 2025 lan nan Laboul. [ppsf rc apr 09/01/2025 13:30]