Español English French Kwéyol

2025, kafou pwennfèpa pou Ayiti

Gotson Pierre

Pòtoprens, 06 janv. 2025 [AlterPresse] --- Èske 2025 ki antre a kapab pote yon soulajman nan krim ak move lavi an Ayiti?

Se lespwa sa a anpil moun manifeste. Men siyal yo poko pote ankenn asirans ap gen yon lòt chimen ki trase pou sosyete a.

Otorite yo deklare Ayiti nan lagè kont gang. Yo sanble rekonèt fòs lòd yo poukont yo pap kab ranpòte lagè sa a, malgre kèk jefò ki fèt.

Yo lanse apèl bay tout sektè nan popilasyon an. Kisa ki pral fèt konkrètman pou yon angajman politik nan lagè sa ? Kouman otorite yo ap fè pou bay popilasyon an konfyans li kab ranpòte lagè sa a?



Lagè sa a, li mande efektif lapolis ak lame, li mande zam, mwayen lojistik, estrateji ak taktik. Li mande yon kominikasyon politik byen balanse atravè mwayen apworiye pou pote mesaj ki nesesè pou popilasyon an kab pote kole tout bon.

Si se pa sa, pita kab pi tris. [gp apr 06/01/2025 07:00]