Español English French Kwéyol

Ayiti : Dlo lapli lakoz pou pi piti 4 moun mouri nan Pòdpè

Yon atik Pierre Philor Saint-Fleur

Pòdpè (Ayiti), 23 desanm 2024 [AlterPresse] --- Gwo lapli, k ap tonbe nan jou sa yo sou peyi d Ayiti, lakoz pou pi piti 4 moun mouri nan yon kay, lannuit dimanch 22 pou antre lendi 23 desanm 2024 la, nan vil Pòdpè, depatman Nòdwès peyi d Ayiti, dapre enfòmasyon AlterPresse rasanble.

Ta gen lòt moun ki disparèt nan moman lapli yo.

Maten lendi 23 desanm 2024 la, gen anpil moun y ap chèche, yo poko jwenn nan vil Pòdpè.

Se dlo ki soti nan larivyé Pòdpè, ki anvayi tout katye vil depatman Nòdwès sa a.

Katye ri 3 Gras, Lòt bò pon ak dèlafabrik (dèyè lafabrik) anvayi ak dlo.

Tout lari vil Pòdpè, se dlo.

Gen anpil kay ak biznis ki kraze. Gen anpil anpil lòt ki anba dlo.

Dlo, ki desann yo, bwote plizyè machin ak motosiklèt nan divès katye vil Pòdpè.

Lendi maten 23 desanm 2024 la, sikilasyon machin ak motosiklèt vin konplike anpil nan Pòdpè, apre gwo lapli ki tonbe nan dènye jou sa yo.

Anpil fanmi sinistre nan inondasyon sa yo sètoblije kite lakay yo, ki anba dlo, pou al chèche refij lòt kote.

Lendi maten 23 desanm 2024 la, tan an kontinye fèmen nan depatman Nòdwès la, espesyalman nan vil Pòdpè. [ppsf rc apr 23/12/2024 10:00]