Gotson Pierre
Pòtoprens, 21 desanm 2024 [AlterPresse] --- Èske gen resèt pou refè yon ekonomi ki kraze? Èske gen solisyon tou pare?
Ki modèl yo ta kab pran nan sa k konsène ka Ayiti jodi a, kote pifò aktivite nèt kanpe, yon peyi ki dekonekte? Modèl yon peyi ki soti nan lagè? Modèl yon peyi ki sibi yon michan katastwòf natirèl?
Konbyen kriz prèske 4 an sa a koute? Kouman pou yo ta mezire l?
Tantativ avanse yon chif, tankou 1,34 milya dola ki fèk soti ofisyèlman, se yonn. Men nou konnen se yon kapital ki pratikman kraze nan yon peyi santralize, ak yon bann lòt vil ki prèske mouri.
Se yon peyi kouri, yon peyi san koule, yon peyi grangou, yon peyi dodin, yon peyi anachi nou gen pou mete kanpe. [gp apr 21/12/2024 18:00]
