Pòtoprens, 16 des. 2024 [AlterPresse] --- Malgre tout latwoubláy nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ak nan depatman Latibonit lan, anbasadè peyi Etazini nan peyi d Ayiti, Dennis Bruce Hankins, kwè ta gen pwogrè nan zafè sekirite nan peyi d Ayiti.
Se nan aktivite Atizana nan fèt, Hankins fè kalte deklarasyon sa a, malgre anpil anpil moun toujou sètoblije ap kouri kite lakay yo, akoz laterè gang ak zam yo.
Nan semenn k ap vini yo, ta sipoze gen 600 nouvo polisye ak militè, k ap soti nan peyi Kenya, Guatemala ak Bahamas, k ap vin rejwenn 400 polisye Kenya ki deja sou teren an, andedan fòs miltinasyonal la. Se lòt deklarasyon anbasadè peyi Etazini nan peyi d Ayiti, Dennis Bruce Hankins, ki pa bay presizyon sou dat polisye ak militè etranje sa yo ta dwe rive sou teritwa Ayiti.
Dennis Bruce Hankins fè konnen tou gen lòt ekipman k ap vin jwenn lapolis nasyonal d Ayiti a ak fòs miltinasyonal la, pou kore batay kont gang ak zam yo sou teritwa Ayiti a.
Pa gen sekirite. Laterè a toujou rèd mare, Depi enstalasyon l nan dat 25 avril 2024 la, Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) pa regle anyen pou lavi miyò popiasyon an. Yon premeye gouvènman pran 4 mwa ap pase popilasyon an nan betiz. Yon dezyèm gouvènman, ki déjà gen yon mwa, parèt fò nan bèl pawòl ak lonmen pil ak pakèt moun nan administrasyon piblik la, pou zewo rezilta. Se kout rèl anpil anpil moun.
Ant Akayè ak Gresye, pase nan Kabarè, Sous Matla, Ti Tanyen, Kanayan, Laplenn, Mòn Kabrit, Kwadèboukè, Gantye, Taba, Tòsèl, Pènye, Dwouya, Site Solèy, anba Dèlma, Bèlè, anba lavil Pòtoprens lan, Kafou Fèy, Matisan, Gran Ravin, Ti Bwa, Maryani, gang ak zam fè kenken. Toulèjou, anpil fanmi sètoblije ap kouri kite lakay yo, pou al chèche refij lòt kote. Leta a parèt pa ekziste ditou douvan zak kriminèl teworis yo, k ap pran plis teritwa jou an jou. [apr 16/12/2024 15 :00]
