Español English French Kwéyol

Ayiti : Vyolans gang lage gwo enkyetid nan zòn ki viwonnen aryopò entènasyonal Pòtoprens

Pòtoprens, 16 des. 2024 [AlterPresse] --- Pandan yon bon pati nan jounen lendi 16 desanm 2024 la, te gen boukantay kout zam ant bandi ak lapolis nasyonal la, nan zòn Vilaj Solidarite, tou pre wout aryopò entènasyonal Pòtoprens lan.

Se yon sitiyasyon ki lakoz ankò gwo kè sote nan tout katye ki viwonnen aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Toujou dimanch 15 desanm 2024 la, bandi yo te twoke kòn ak lapolis nasyonal la, ki t ap eseye retire yon gwo machin, kriminèl yo te mete nan zòn Vilaj Solidarite, tou pre wout aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Lapolis nasyonal d Ayiti a estannbay kounye a nan zòn Vilaj Solidarite a, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Nan menm ofansiv malfra nan plizyè katye Pòtoprens, bandi ak zam Viv ansanm yo blese plizyè moun anba bal. Yo boule anpil kay ak legliz dedye Pòs Machan an, dapre imaj disponib yo

Yon lòt fwa ankò, laterè gang ak zam yo pouse yon kantite fanmi kouri kite lakay yo, pou al chèche refij lòt kote dimanch 15 desanm 2024 la.

Se menm sitiyasyon sa a ki tabli nan lès kapital la kote gang yo kontinye ap opere kè pòpòz.

Yon lòt bò, lannuit dimanch 15 desanm 2024 la, bandi ak zam ki te sou motosiklèt asasinen yon fanm ak yon gason, ki te nan yon machin sou Dèlma a. Poko gen enfòmasyon sou idanite fanm ak gason, bandi ak zam asasinen yo.

Men tou, nan wikenn pase a, lapolis fè yon gwo kout bèk sou gang ba Dèlma yo. Nan boukantay kout zam ak lapolis nasyonal la, youn nan chèf gang Viv ansanm yo, ki rele Jeff Mafia, moun plis konnen sou non Kendy, ki gen baz li nan ba Dèlma, mouri dimanch 15 desanm 2024 la nan Pòtoprens.

Jeff Mafia a, moun plis konnen sou non Kendy an, se te youn nan asosye gang Jimmy Cherizier, ki bay tèt li non Babekyou an, dapre enfòmasyon disponib yo.

Gen anpil lòt manm gang ki tonbe tou nan boukantáy kout zam ak lapolis nasyonal d Ayiti a, ki te fè fas kare ak kriminèl teworis yo. [apr 16/12/2024 15 :00]