Pòtoprens, 16 des. 2024 [AlterPresse]--- Vyolans kontinye nan Pòtoprens, 600 lòt polisye Kenyan, kriz Kpt, 34 an eleksyon 16 desanm 90…
1. 16 desanm 1990 / 16 desanm 2024 fè 34 lane depi divès òganizasyon te met ansanm nan yon gwo mouvman pou voye Jean Bertrand Aristide, ki te pè nan legliz katolik women nan peyi d Ayiti nan epòk la, al patisipe kòm kandida pou pòs prezidan nan premye eleksyon lib apre peryòd prèske 29 lane rejim bout di diktati Divalye yo.
2. Nan boukantay kout zam ak lapolis nasyonal la, youn nan chèf gang Viv ansanm yo, ki rele Jeff Mafia, moun plis konnen sou non Kendy, mouri dimanch 15 desanm 2024 la nan Pòtoprens.
3. Nan menm atak dimanch 15 desanm 2024 la nan plizyè katye Pòtoprens, bandi ak zam Viv ansanm yo blese plizyè moun anba bal. Yo boule anpil kay ak legliz dedye Pòs Machan an, dapre imaj disponib yo.
4. Pandan yon bon pati nan jounen lendi 16 desanm 2024 la, te gen boukantay kout zam ant bandi ak lapolis nasyonal la, nan zòn Vilaj Solidarite, tou pre wout aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Se yon sitiyasyon ki lakoz ankò gwo kè sote nan tout katye ki viwonnen aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
5. Pa gen sekirite. Laterè a toujou rèd mare, Depi enstalasyon l nan dat 25 avril 2024 la, Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) pa regle anyen pou lavi miyò popiasyon an. Yon premeye gouvènman pran 4 mwa ap pase popilasyon an nan betiz. Yon dezyèm gouvènman, ki déjà gen yon mwa, parèt fò nan bèl pawòl ak lonmen pil ak pakèt moun nan administrasyon piblik la, pou zewo rezilta. Se kout rèl anpil anpil moun.
6. Malgre tout latwoubláy nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ak nan depatman Latibonit lan, anbasadè peyi Etazini nan peyi d Ayiti, Dennis Bruce Hankins, kwè ta gen pwogrè nan zafè sekirite nan peyi d Ayiti.
7. Nan semenn k ap vini yo, ta sipoze gen 600 nouvo polisye ak militè, k ap soti nan peyi Kenya, Guatemala ak Bahamas, k ap vin rejwenn 400 polisye Kenya ki deja sou teren an, andedan fòs miltinasyonal la. Se lòt deklarasyon anbasadè peyi Etazini nan peyi d Ayiti, Dennis Bruce Hankins, ki pa bay presizyon sou dat polisye ak militè etranje sa yo ta dwe rive sou teritwa Ayiti.
8. Nou kontinye ap mande yon pouvwa ekzekitif 2 tèt, avèk kòm prezidan yon jij k ap soti nan lakou kasasyon, k ap lonmen yon premye minis ak yon gouvènman 12 minis fanm ak gason teknisyen. Sektè ki gen delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta dwe mete anssanm ak sektè legliz, inivèsite, federasyon bawo avokat ak avoka yo, diaspora ayisyen aletranje yo, pou met kanpe yon estrikti 15 fanm ak gason, k ap anchaje fè kontwòl sou aksyon gouvènman sa a. Se pozisyon Kolektif 4 desanm 2013 la.
9. Nan yon pozisyon tèt ansanm, pati politik Pitit Desalin, kolektif pati politik 30 janvye 2023 yo, platfòm politik Rezistans demokratik (Red) ak pati politik Angaje pou devlopman (Ede), plis akò 21 desanm 2022 a, tout ansanm òganizasyon politik sa yo, ki te siyen akò politik 3 avril 2024 la, kontinye ekzije yo mete sou kote 3 konseye prezidan Smith Augusti, Emmanuel Vertilaitre ak Louis Gerald Gilles, ki ge non yo site an eskandal koripsyon Baank nasyonal kredi a (Bnc).
10. Jefò pou sekirite a va bay rezilta si l mache ak lespri tèt ansanm, ki nan sèvis enterè jeneral peyi a, nan direksyon eleksyon nan bon jan patisipasyon tout fanm ak gason ki gen dwa vote, nan direksyon eleksyon moun ka fè konfyans. Se dizon, nan yon mesaj sou X, Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh), ki di l ap kore tout jefò, ki ka fè popilasyon an vin kwè nan otorite li yo, vin fè otorite li yo konfyans, sou baz libète ak dwa granmoun total kapital. [apr 16/12/2024 19 :00]
