Gotson Pierre
Pòtoprens, 14 des. 2024 [AlterPresse] --- Yon kwonik masak sou masak. Yon kwonik piye, kraze, boule tout kay, tout byen. Yon kwonik kouri monte kouri desann toupatou nan peyi d Ayiti pou eseye sove lavi.
Lavi pran lyann pou yon bon valè nan popilasyon an. Kò moun ki pa anba tè, kò moun k ap mache toujou, se kadav. Nanm yo vole gagè nan kontèks kote tout fòs piblik fè bèk atè devan fòs gang.
Jefò fèt, san rezilta. Lapolis tounen Tirivyè Latibonit. Yon jou apre, se masak... Defi yo anpil nan Solino, Nazon, Dèlma, Laplenn, Taba, Tòsèl, Pènye, ba Latibonit, wo Latibonit ak anpil lòt kote.
Kilès k ap di yon mo, ki pa pwomès van. Kilès k ap fè kichòy ki bay rezilta? Kote pou je vire gade? Bòkote Konsèy prezidansyèl tranzisyon? Bòkote gouvènman? Bòkote kominote entènasyonal? [gp apr 14/12/2024 12 :00]
