Gotson Pierre
Pòtoprens, 30 novanm 2024 [AlterPresse] --- 7 mwa depi Konsèy prezidansyèl tranzisyon an tabli an Ayiti. Se te 25 avril enstalasyon te fèt nan Pòtoprens, apre pi gwo enstans egzekitif la te fin fòme 12 avril.
Si depi 7 mwa gen lòt figi ki senbolize pouvwa a, e sètènman yon lòt jesyon pouvwa a 2 tèt, sitiyasyon fondamantal peyi a ak popilasyon an, se menmman, parèyman.
Sou sèten pwen sa parèt angrave. Egzanp, aspè sekirite a. Fòs lòd yo miltipliye entèvansyon ak operasyon. Men, gang yo kontinye teworize popilasyon an epi gagannen Leta a.
Moun pa sispann kouri, enstitisyon gouvènmantal yo pa pran plas yo, popilasyon an lwen pou l ta tanmen rejwenn sèvis ak pwoteksyon. Epi pou kè poze ka koumanse tounen.
Men, depi nan tèt, Leta a paralize ak zafè koripsyon ki sal 3 manm Kpt a. Si Kpt a pa rezoud pwoblèm pa l, kouman pou l fè abòde pwoblèm peyi a? [gp apr 30/11/2024 13:00]
Sous foto : OCHA