Español English French Kwéyol

Ayiti : Nan kafou tenten

Gotson Pierre

Pòtoprens, 23 novanm 2024 [AlterPresse] --- Vyolans ap pete plafon an Ayiti, patikilyèman nan kapital la. Nan volonte yo pou okipe tout zòn metwopolitèn Pòtoprens la, gang frape sou rezistans popilasyon an ansanm ak lapolis.

Bilan, 110 bandi mouri nan 3 jou. Pou kèk moun se yon siy revèy popilasyon an ki pran lavi l an men, devan fayit Leta.



An prensip, popilasyon an fèt pou defann tèt li. Se opinyon ki esprime.

Sitou li difisil pou espere l ap jwenn konkou k ap soti deyò, apre Risi ak Chin bloke yon demand Leta ayisyen, pou Misyon miltinasyonal sekirite ki pa bay rezilta a tounen yon misyon lapè nasyonzini.

Se mepri dirijan ayisyen jwenn bò kote dirijan entènasyonal.

Ayisyen twouve li anfas tèt li nan yon lòt kafou listwa. Kouman Ayisyen fè rive nan kafou tenten sa a? Kouman pou li soti la? [gp apr 23/11/2024 13 :30]



Sous foto : OCHA