Español English French Kwéyol

Ayiti : 221 lane apre Batay Vètyè, ki kote pwojè libète ak byennèt la ye?

James Darbouze*

Entèvansyon piblik otè a voye bay AlterPresse [1]

« Li pa dwe chans
Li pa dwe konkirans
Byennèt la dwe pou tout moun
Se pa li k dwe fè diferans»
Rebèl Pakamò

« Ce n’est pas assez d’avoir expulsé de votre pays les barbares qui l’ont ensanglanté depuis deux siècles ; ce n’est pas assez d’avoir mis un frein aux factions toujours renaissantes qui se jouaient tour à tour du fantôme de liberté que la France exposait à vos yeux ; il faut, par un dernier acte d’autorité nationale, assurer à jamais l’empire de la liberté dans le pays qui nous a vus naitre ; il faut ravir au gouvernement inhumain qui tient depuis longtemps nos esprits dans la torpeur la plus humiliante, tout espoir de nous ré-asservir.»

An 1802, Napoleyon Bonapat voye ekspedisyon Leklè avèk 25 000 solda pou kontrekare pouvwa Tousen Louvèti ak objektif sekrè retabli lesklavaj. Leklè mouri, lafyèv jon touye l, Wochanbo ranplase l. Depi nan finisman lane 1801, Napoleyon te deja nonmen Wochanbo asistan kòmandan jeneral Chal Leklè pou ekspedisyon Sendomeng lan. Jeneral Wochanbo vin ranfòse twoup ekpedisyon yo avèk 10,000 gason. Li vini tou avèk 400 chen (Dogues de Cuba) pou kase revòlt kaptif Sendomeng yo. Eske sa ap pèmèt sitiyasyon franse a retabli? Eske sa ap pèmèt franse yo repran kontwòl peyi a ?

Donatien de Rochambeau (1755 – 1813) enpoze yon rejim laterè nan peyi a. Anpatikilye sou mas kaptif yo ak ansyen konbatan nan lame Tousen. Nwayad, pann, boule moun sou poto a, kloure yo sou kwa se sa ki tounen pen kotidyen kaptif yo nan ansyen koloni Sen Domeng [2]. Malgre Tousen tonbe (7 avril 1803), batay la kapote yon moman epi apre l kontinye. 18 novanm 1803, se dènye batay ekspedisyon Leklè pou Sendomeng nan. Revolisyon kaptif yo, ki te dire plis pase dis lane depi 14 out 1791, pote lamayòl epi fòse twoup kolonizasyon franse rann tèt yo.

Apre 12 lane batay, soti nan kongrè Bwa Kayiman (14 out 1791) pase nan soulèvman jeneral esklav (kaptif) yo (21-22 out 1791) pase nan 18 me 1803, Ayiti pran Lendepandans li. 18 novanm 1803, malgre Lame nasyonal nou an t ap lapide lame blan franse yo, li t ap bat yo bò kou, lè Wochanbo wè Lame franse a ap pèdi, li rele otan. Li mande kanpe lagè a epi l dakò pou l siyen yo pèdi. E se sa ki pral rive vre ! Desalin aksepte. Amistis siyen epi Wochanbo avèk twoup bandi li yo pral gen posiblite anbake pou retounen lakay yo nan peyi Lafrans. San di petèt Zansèt nou yo te « sivilize » ! Yo te aksepte règ angajman nan Lagè. Se kanmenm frapan pou Lame endijen nan pa kenbe solda ak tout rejiman lame franse yo kom prizonye pou echanj.

Dizuit (18) novanm 1803, Lame endijèn ayisyen an bay Lafrans yon kal pou listwa. Se pa yon mit, tout liv istwa rakonte sa. Apre eksperyans kal pou listwa sa, Lafrans pa pral abandone pwojè ekspansyon kolonyal yo. Okontrè : le 14 jen 1830, senk (5) lane apre 1825, Lame franse debake an Aljeri nan swit yon ensidan diplomatik. Konsil franse nan peyi a te gen yon dèt anvè dey d’Alger yo refize peye, olye yo peye l, yo anvayi peyi a. Yo kase dan yo Ayiti men anpi kolonyal Lafrans la kontinye pran ekstansyon. La colonie de Madagascar et dépendances est une colonie française ayant existé de 1897 à 1946, avant de devenir un territoire d’outre-mer jusqu’à 1958.

Dizuit (18) novanm 1803, nan Vètyè, lame franse bat ba (kapitilie). Se yon dat istorik. Wochanbo, youn nan jeneral pi kriyèl, sanginè ak pi kriminèl ki te nan direksyon lame sa aksepte lage pye l. Li mande padon ! Negosiyasyon fèt nan demen 19 novanm pandan tout jounen epi kondisyon yo sele. Jounen jodi a, 221 lane apre Batay Vètyè, ki kote pwojè libète ak byennèt la ye ?

Jwif-eran nan pwòp peyi nou : èske se pou sa Zansèt yo te batay?

Nou tout ki grandi epi ki ale lekòl pa bò isit, nou konnen Desalin pa vle wè blan. Avèk rezon. Sitou lè nou konsidere rapò kontradiksyon ant pwojè Loksidan genyen pou Limanite ak pwojè zansèt yo. Nan fondalnatal li, depi emèjans sa nou ta kapab rele pwotokapitalis rasyal la, Loksidan wè tout lòt moun ki pa yo menm, ki pa sanble avèk yo tankou esklav, sitwayen dezyèm zòn pou pèmèt yo menm yo viv byen pandan lòt moun ap pase mati. Nou konnen an Ayiti kisa sa vle di n ap pase mati.

Ideyal ak orizon batay zansèt nou yo se libète ak byennèt pou tout moun. Nan ideyal sa pa gen plas pou moun ap pase mati pou yon lòt viv byen. Pa gen plas pou bourik travay bay chwal galonnen.

Nan yon powèm li pibliye nan rekèy Lespwa ki rele « Libète [3] », powèt maksis ayisyen Paul Laraque (1920 – 2007) ede nou wè klè kijan libète ak byennèt marande nan lavi pratik chak grenn moun tankou nan tewori. Premye estwòf powèm nan pati konsa :
Lè ou grangou e pa gen manje
pa gen libète
lè ou travayè e ou pa gen tè
pa gen libète
lè ou ouvriye e ou lan mizè
pa gen libète
lè ou gen dyòl e ou pa kab pale
pa gen libète

Avèk kèk ti modifikasyon toupiti ki gen pou wè avèk epòk kote l t ap evolye a, se egzateman lide libète ak byennèt sa pwojè Desalin nan te pote pou tout moun, anpatikilye pou mas ansyen kaptif yo. Nan dezyèm estwòf la Laraque rapousib pou l di :
libète se dwa pou n rekolte sa n plante
dwa pou n konn li ak ekri
dwa pou n fè pwezi
dwa pou n fè lanmou
jouk li jou
se dwa a lavi
pou tout moun travay e tout moun jwi

Depi entènasyonal la, anpatikilye Etazini, fin enstale nan lane 2011 rejim PHTK a nan tèt peyi a, malgre Rene Preval t ap bay yo bon sèvis, listwa nou menm k ap viv nan peyi a anbake nan yon twou won san fon. Jiskaske jounen jodi a nou tounen jwif eran nan pwòp peyi nou. Nan moman nou ap pale la, anpil moun nan rejyon Pòtoprens ap kouri nan tout direksyon san yo pa konnen ki kote yo prale. Jan yon madanm ki t ap kouri kite Solino di sa, mas pèp la viktim yon konplo entènasyonal la melanje ak Leta ayisyen, sosyete sivil epi ajan lokal ak zam ap aplike.
Lavi moun tounen yon lanfè. Kouri monte, kouri desann. Dòmi nan lari ak ti bebe ki fenk fèt. Pase jou san benyen ak menm rad la sou kò yo. San konte sila yo ki pèdi tout zafè yo nèt paske neg ak zam mete dife lakay yo. Pa gen asirans k ap kouvri pou yo, ki pral ranbouse yo anyen. Pa gen sekirite sosyal, pa gen ankenn pwoteksyon sosyal. Tout moun lage de bra balan ! Se jisteman nan moman sa pou nou sonje pwojè libète ak byennèt pou tout moun. Se nan moman sa tou pou nou sonje kijan Loksidan blan kolonyalis toujou kanpe anfas pwojè sa. Se nan moman ak nan kontèks nou ye la jounen jodi a, avèk dominasyon konpòtman ak atitid grapyay, li parèt enpòtan pou n raple poukisa, ki vizyon ak pwojè, zansèt yo te mennen gwo batay kont Lafrans ak tout Loksidan kolonyal pandan 13 lane (1791-1804).

Libète ak byennèt pou tout moun

Pwojè libète ak byennèt pou tout moun nan se yon pwojè ki transande Desalin. Li te la anvan Desalin men Desalin pral ranmase l. Li marande ak filozofi Bwa Kayiman, filozofi natif natal ayisyen. Si nou vle ale pi lwen, nou ta gen dwa di pwojè sa monte depi Kawonabo nan batay li t ap mennen kont ekstèminasyon, dappiyanp, ekspwopriyasyon ak eksplwatasyon premye nasyon yo. Pase nan Makandal, nan Boukman pou rive nan Akao ak jouk jounen jodi a, nou ta gen dwa di fòmil ki kristalize pi byen pwojè sa chita nan prensip Bwa Kayiman anpatikilye nan twa premye prensip yo : 1) Tout moun se moun, nanpwen moun pase moun. 2) Si gen pou youn (1), gen pou de (2). 3) Pa dwe gen privilèj pou pèsonn [4].

Pa gen dout se apati Bwa Kayiman, toyo 1791 la, pwojè altènatif sosyete nou an kanpe. Prensipal lidè soulèvman jeneral kaptif yo cheminen nan pwojè sa : yon pwojè libète, egalite ak solidarite mawon avèk esklav (kaptif). Malgre pwojè sa a akouche nan lanfè kondisyon esklavaj yo nan Sendomeng, objektif li sete transfòme sosyete sa nètalkole pou konstwi yon lòt lavi. Se objektif sa ki te kòz inite nan mitan lidè mas kaptif yo.

Men sa Manigat ekri : « jusqu’à l’achèvement de l’indépendance plénière sous Dessalines (fin 1803), la praxis de la révolution a récupéré, réactivé et incorporé la tradition des marrons pour atteindre le triple objectif d’émanciper tous les esclaves, déplacer la propriété des terres et enfanter une nouvelle nation.» [5] Nou kapab konsidere se avèk twa objektif sa yo nan tèt li Desalin ap pran lidèchip batay libète ak byennèt pou tout moun nan. Jan nou pral wè sa pi devan, l ap goumen pou l we kijan li kapab rapid vit eseye reyalize objektif sa yo.

Anpil istoryen kesyone prezans Tousen Louvèti nan kongrè Bwa Kayiman an. Pa kont gen plis akò sou patisipasyon Jean Francois, Biassou ak Desalin [6]. Jan Janil ekri sa : «Reyinyon Bwa Kayiman (14 out 1791) te fèt pou atake asenal sistèm vètikal ak otoritè kolon yo te mete kanpe; menmsi mas afriken yo te nan kaptivite, kominyon lidè yo nan yon menm pwojè sete yon sòt pratik libète (…) » [7]

Dayè nan Pwoklamasyon jeneral endepandans la 1e janvye 1804, zansèt yo kodifye yon ansanm eleman pou montre diferans fondamantal, radikal nou avèk blan franse yo « ce peuple barbare ».

« Il existe des Français dans notre île, et vous vous croyez libres et indépendants de cette république (…) quand nous lasserons-nous de respirer le même air qu’eux? Qu’avons-nous de commun avec ce peuple bourreau ? Sa cruauté comparée á notre patiente modération ; sa couleur à la nôtre ; l’étendue des mers qui nous séparent, notre climat vengeur, nous disent assez qu’ils ne sont pas nos frères, qu’ils ne le deviendront jamais, et que s’ils trouvent un asile parmi nous, ils seront encore les machinateurs de nos troubles et de nos divisions. »

Et vous, hommes précieux, généraux intrépides qui, insensibles à vos propres malheurs, avez ressuscité la liberté en lui prodiguant tout votre sang ; sachez que vous n’avez rien fait si vous ne donnez aux nations un exemple terrible, mais juste, de la vengeance que doit exercer un peuple fier d’avoir recouvré sa liberté, et jaloux de la maintenir ; effrayons tous ceux qui oseraient tenter de nous la ravir encore : commençons par les Français.... Qu’ils frémissent en abordant nos côtes, sinon par le souvenir des cruautés qu’ils y ont exercées, au moins par la résolution terrible que nous allons prendre de dévouer à la mort quiconque, né français, souillerait de son pied sacrilège le territoire de la liberté.

Men Desalin pa t yon fristre malgre eksperyans ekslavaj yo te make l pèsonèlman. Tout leyitmotiv li rete leyitmotiv byennèt pou kominote a. Sosyete Desalin te vle konstwi anfas sosyete Loksidan an, se pa t yon sosyete ki chita sou resantiman, vanjans ak fristrasyon. Nan pwojè libète ak byennèt pou tout moun Desalin nan, gen batay kont eksplwatasyon klas, batay kont dominasyon etranje ak alyenasyon “etranje” kiltirèl.

Nan yon atik li ekri an 2019 (Jean Jacques Dessalines, the avenger and mediator [8]) filozòf Paul Mocombe eksplike nou kontrèman ak lidè tradisyonèl Ayiti, sa ki fè Anperè Jean-Jacques Dessalines, fondatè eta-nasyon ayisyen an inik, se lefèt ke aprè li fin vanje natif natal Tayino yo ak Afriken yo nan zile a kont Franse, Panyòl, ak Angle, li pral eseye jwe wòl medyatè ant de (2) sistèm ak fòm entegrasyon sosyal ki nan goumen. Sou yon bò nou jwenn etik katolik/potestan ak lespri kapitalis lakay elit milat ak ti-boujwa kreyòl nwa ki te ranmase vizyon ak konsepsyon mond ansyen mèt kolonyal yo; sou lòt bò a nou jwenn etik vodou ak lespri kominis lakay majorite Afriken yo [9]. Majorite Afriken yo te melanje atitid ak konpòtman pa yo ansanm avèk natif natal Tayino yo, pou kapab konstitye nasyon ayisyen an.

Daprè Mocombe, nan konstriksyon Leta nasyon ayisyen an gen de (2) gran etik (fason moun aji ak konpòte yo nan rapò ak tèt yo epi youn avèk lòt) ki dyametralman opoze k ap fwote : a) yon etik vodou ki jwenn jenèz ak orijin li nan seremoni Bwa Kayima (14 out 1791). Etik vodou a opoze nèt alkole ak b) etik pwodiktivite (purposive-rationality) ajan liberal blan ak afranchi yo, milat ak ti boujwa klas sosyal kreyòl yo, sou zile a. Se etik vodou a ki alabaz sistèm kont-plantasyon anti esklavaj la. Li chita sou prensip vodou ak lespri kominis klas sosyal nan jwèt lang mas Afriken yo ak oganizasyon lidèchip Vodou yo, oungan yo, manbo yo, gangan yo/doktè fey, ak gran moun yo.

Pandan manm de (2) ansyen klas sosyal yo, elit milat ak ti boujwa nwa, t ap chache entegre Ayiti nan rejim kapitalis mondyal pouvwa ewopeyen yo te monte nan diznevyèm syèk la, Desalin li menm t ap eseye konstwi siman ideyolojik nasyon ayisyen an apati de (2) sistèm distenk ak fòm entegrasyon sosyal aktè sosyal sou zile a.

Pou Mocombe, se lanmò Desalin ki pral konvèti Ayiti nan sa yo ap rele “peyi pi pòv nan emisfè Lwès la” paske lanmò Desalin, ak sasinay tout kolaboratè ki te sou menm liy avèk li yo, kase dinamik konstriksyon revolisyonè ayisyen an. Zak sa mete nou sou yon wout paralèl. Sou kesyon sa, men sa Janil ekri [10] :

«Aprè sasinay Desalin, nouvo dirijan yo pral aplike yon politik fè kado Latè, selon objektif ekonomik yo. Politik sa pral kreye yon kouch espekilatè ki kapte pwodui lamanjay yo epi vide yo nan gran pò lavil yo. Espekilatè yo ekspòte pwodwi latè peyizan yo (danre) voye vann an Ewòp oswa Etazini. Lè bato yo ap tounen yo pote pwodwi manifaktire menm espekilatè sa yo vann peyizan yo. Doub mouvman komèsyal sa a mare peyi a nan pye kapital entènasyonal la sou yon bò, ak peyizan yo nan boujwazi entènasyonal la sou lòt bò a. Konsa alyans ki genyen ant grandon ak komèsan bò lanmè a (bord de mer) asire medyasyon depandans peyi a.»

Anpil peyi gen ewo, moun ki batay pou Lendepandans yo oswa ki batay pou chanje sans listwa yo men pa gen anpil peyi ki gen mod ewo tankou Desalin. Etazini pa egzanp gen George Washington kòm jeneral ki goumen kont Lame angle pou peyi a pran endepandans li, men Washington pa yon ewo tankou Desalin. Desalin patikilye ! Menm nan istwa peyi Ayiti, Desalin se yon ewo diferan. Sa k fè patikilarite Desalin se dèske li pa t gen yon vizyon rabougri sosyete a, yon vizyon redwi ki chita sou enterè pèsonèl li oswa enterè gwoup ak klan li. Li pa t yon medyòk. Si l te gen yon vizyon rabougri, si l te yon medyòk, yo pa t ap asasinen l.

Pa egzanp, pa gen anyen ki te fòse Desalin revandike jistis sosyal ak ekite pou sila ki te kite papa yo an Afrik. Li te kapab menmjan avèk anpil dirijan nan epòk la ak jounen jodi a, konsanti rantre nan kont maltaye, chache ti akomodman pou li menm ak fanmi l jwi, pandan rès mas moun yo ap penpennen nan malsite. Tousen, Petsyon, Bwaye, Kristòf pa t gen pwoblèm sa. Pa t gen pèsonn ki te fòse l mande :
Sa n ap fè la mesyedam
nou pap kite anyen
pou malere ki kite papa yo
an Afrik yo ?

Yo touye l la menm. Kidonk lè n ap pale de Desalin kit se pou nou menm ayisyen oubyen pou nenpòt ki lòt nasyon oswa pèp sou Latè ki swete pran libète, oubyen k ap revolte kont kelkeswa fòm eksplwatasyon, dominasyon ak opresyon ; Desalin se yon senbòl.

Istoryen George Eddy Lucien eksplike asasinay Desalin rantre nan yon gwo pwojè koudeta kontrevolisyonè. Moun ak ekip ki pran inisyativ mouvman sa, pa jis deside yo ap touye yon moun, yon gwo jeneral estratèj. Yo angaje nan tout yon demach pou kanpe anfas pwojè libète ak byennèt pou tout moun nan. Se sa k fè yo pral asosye ak entènasyonal la pou anbake peyi a sou yon lòt wout. Non sèlman, yo ap asasinen tout pwòch kolaboratè Desalin (Kapwa, Mentor, Bwawon elt…), men yo pral entèdi site non Desalin nan peyi a [11]. Men sa pa vle di poutan pwojè a mouri. Rapid vit (apati 1807), Goman nan Grandans pral ranmase pwojè a epi kontinye batay pou libète byennèt la.


Loksidan blan kanpe anfas Ayiti

Depi 1492, se yon pwen ki pa janm chanje nan matris rapò Loksidan avèk Lemonn. Nan yon premye tan rasis avèk kapitalis se de (2) fas yon menm sistèm. Nan yon dezyèm tan, ekwasyon an pran fòm rasis ak enperyalis (pi wo degre sistèm kapitalis la). Nou dwe konsyan sou sa epitou nou dwe klè sa pa p chanje konsa.

Jiskaprezan peyi Loksidan yo kontinye ap vann yon libète ki egal sèlman bilten vòt nan eleksyon malatchong, eleksyon pou mennen mimi bay makou. Te mèt gen tanpèt, te mèt gen siklòn, moun mèt ap mouri anba bal, oubyen ap viv anba dekonb fòk gen eleksyon. Ki eleksyon ankò ? Pèspektiv libète byennèt zansèt yo ak Desalin te diferan.

Ki kote pwojè libète ak byennèt pou tout moun nan ye jounen jodi a ? Eske pwoje sa mouri avek Desalin ?

Pou n byen konprann sitiyasyon pwojè libète ak byennèt la, gen yon tèm ki fondamantal pou n kapte. Se tèm istoryèn Stéphanie Latte Abdallah kreye ki se « Futuricide » la. Pou istoryèn nan, nan batay Izrayel ap mennen kont pèp palestinyen an nan Gaza, nan jefò Izrayel ap fè pou l redwi listwa ak lavni Gaza nan sann, lame Izrayel la ap fè yon "futuricide". Futuricide la se pa yon kategori senp nou kapab pran konsa konsa nan sans yon moun ta gen dwa mande èske nan tout lagè objektif chak kan k ap goumen yo se pa redwi advèsè an nan sann, mete do l atè. Nou kapab di non. Se sa k fè gen konvansyon ak regleman nan lagè.

Nan lojik futuricide la gen yon volonte pou « ekstèmine », pou fini avèk li epi pou rann tout « futur », tout lavni, tout demen enposib. Se egzateman menm chema sa Loksidan blan kolonyalis te toujou aplike nan rapò yo avèk nou menm Ayisyen, oswa avèk tout sosyete ki pa sanble yo, ki pa aksepte repwodui sèl modèl lavi ak devlopman yo a. Nou fè lendepandans men yo deside kanpe anfas nou. Yo di nou p ap pase. Nou pa gen dwa egziste. Yo pral fè tout kalite konbin ak kont maltaye pou anpeche nou devlope pwòp vizyon ak pwojè sosyete altènatif nou ki chita sou libète ak byennèt pou tout moun [12].

Natirèlman fòk nou di tou pou yo rive fè sa, yo mize sou eleman anndan peyi a ki toujou pataje menm referan kiltirèl, sosyal ak politik avèk yo ki chita sou opresyon, dominasyon, eksplwatasyon ak eksklizyon. E parapò ak pwojè libète ak byennèt la, se menm rapò sa k ap kontinye jiskaprezan. Se poutet sa, jan Janil di sa nan youn atik li te ekri an 2003, youn nan gwo batay nou genyen pou n mennen nan peyi a jounen jodi a, se goumen pou konbat penetrasyon kiltirèl ak dominasyon kominote entènasyonal la sou ak an Ayiti [13].

Ki kote pwojè Libète ak byennèt la ye jounen jodi a ?

221 lane apre 18 novanm 1803, pwojè libète ak byennèt pou tout moun nan egzateman kote l te ye 17 oktòb 1806 la. Sa pa vle di pa gen batay ki mennen pandan 218 lane sa yo. Sa pa vle di tou pa gen ti gany ki fèt detanzantan. Jan Janil raple sa si n ap konsidere istwa peyi a gen anpil koneksyon nan batay Goman, Akao mennen avèk pwojè Desalin nan. Nou ta gen dwa siyale tou gen ti gany toupiti ki te fèt sou Salnave, Soulouque, Salomon oswa Stenio Vincent men anjeneral batay pou libète ak byennèt pou tout moun nan pa vanse. Okontrè nou ta gen dwa di pandan swasant (60) dènye lane sa yo, anpatikilye pandan peryòd Divalye yo ak Lavalas la, pwojè libète ak byennèt pou tout moun nan fè gwo bak afòs kondisyon lavi mas moun yo nan peyi a degrade globalman.

Nou pa bezwen pale sou tout dènye rejim PHTK tèt kale yo depi 2011. Ajenda PHTK fè yon sèl ak pwojè « futuricide » entènasyonal la pou Ayiti. Akoz tout eleman sa yo, pwojè libète ak byennèt la nan kafou tenten pandan demach « futuricide » entènasyonal la ap vanse. Depi 2019, peyi a ap travèse yon kriz jeneralize k ap krabinen tout kouch sosyal nan popilasyon an. Lavi paralize nan tout zòn popilè yo ki reprezante majorite peyi a nan Pòtoprens tankou nan pwovens. Chak jou ki pase, espas vital yo ap vin pi piti pandan kalite lavi moun pa sispann degrade. Selon OIM gen pase 700 000 deplase entèn, moun ki oblije kouri kite kay yo akoz sitiyasyon ensekirite, lagè ak afwontman gwoup ki gen zam nan men yo. Dènye rapò CNSA sou kesyon sekirite lamanjay nan peyi a fè konnen 60 % moun nan difikilte pou yo manje yon repa chak jou.

Dènye enfomasyon CNSA fè konnen sou 12 milyon moun k ap viv nan peyi a, 5.5 milyon ladan yo gen difikilte pou yo manje yon repa pa jou, yo nan ensekirite pou yo manje. Prensipal sous ensekirite nan lamanjay la se povrete lafanmi yo. Selon chif Bank Mondyal (2012), sou chak 100 ayisyen, 59 ladan yo pòv, sa vle di yo ap viv ak mwens pase 2 dola US chak jou ($US 1,90 / jou). Anmentan tou, peyi a pami sila nan Lemonn ki pi ekspoze pou katastwòf natirèl. Plis pase 96 % popilasyon ekspoze daprè chif enstitisyon entènasyonal.

An 2019, peyi a te klase 169yèm sur 189 pays nan sa ki gen pou wè ak devlopman moun. Sou chak 1000 moun k ap travay nan peyi a, 6 sèlman gen yon diplòm nan yon domèn teknik oswa pwofesyonèl [14]. Daprè « Haut-Commissariat des Nations Unies aux droits de l’homme », pou piti 3 661 moun pèdi lavi yo soti mwa janvye pou rive mwa jen 2024.

De mo pou n konkli

Kidonk jounen jodi a plis pase anvan gen nesesite pou reyaktive pwojè libète ak byennèt pou tout moun Desalin lan. Anvan tout bagay, premye batay la se sou teren ideyolojik nou dwe genyen l. Jounen jodi a, se ideyoloji loksidan k ap dominen nan peyi a. Se mòd lavi blan yo ki parèt dezirab nan zye anpil moun, si se pa pifò moun, sitou sila yo ki pase lekòl ak inivèsite.

Pou pwojè libète ak byennèt pou tout moun nan rebalanse fòk li rive kanpe anfas pwojè dominasyon senbolik entènasyonal la epi fòk li mennen gwo gany sou teren ideyolojik. Lontan anvan zansèt nou yo te vin angaje batay dirèk kont kolon franse yo sou teren lagè, yo te fè premye kase chèn nan sèvo yo. Pou sa fèt, yo te konstwi yon ideyoloji altènatif. Yo pran distans ak vizyon blan kolonyalis yo, yo mande pou « jete pòtre dye blan » an, yo pral vini ak pwop vizyon pa yo sou tout kesyon ki gen pou wè ak lavi moun (cf. Pyè Michel Chery, Douz prensip Bwa Kayiman, 2009).

Jounen jodi a se nan faz sa nou ye. Nou pa kapab reyaktive pwojè libète ak byennèt pou tout moun nan peyi a ak nan Limanite toutotan nou kontinye viv tèt nou kòm sibaltèn, toutotan nou kontinye konsidere tèt nou nan soumisyon parapò ak mòd lavi epi vizyon blan yo. Fòn sonje prensip tout moun se moun nanpwen moun pase moun !!!

Alòs pou n reponn kesyon ki kote pwojè libete byennèt la ye jodi a ? Nou kapab di nou pa avanse ni nou pa ko ka jwenn yon lòt ekip patriyot Desalinyen ki pou di byennèt pou tout moun. Desalin te kòmanse fonde yon Leta, li te angaje konstriksyon yon nasyon ak yon patri. Oligak yo asasinen l pou yo te kase dinamik sa. Efektivman yo rive fè sa vre !

Kesyon k ap ajite nou jounen jodi a : èske li fè sans pou byennèt tout moun, tout yon nasyon, ta kapab repoze sou do yon sèl moun? Menmsi li te yon gwo jeneral ak yon gwo estratèj ? Eksperyans Desalin nan montre nou nesesite pou n soti nan lojik ewo ak zewo. Li enpòtan e nesesè pou tout moun nan mas pèp la rasanble nan pwojè libète ak byennèt pou tout moun nan. Fòk tout moun konprann pwosesis ki angaje a epi wè klè nan sa k ap fèt la ak ki kote l ap mennen. Konsa ! Lè yon Desalin disparèt, san mii (100,000) lidè pou batay byennèt kolektif la ap parèt.

……….

Kèk referans :
Bell Hooks, All About Love: New Visions, Gloria Watkins, 2000, éditions divergences 2022, pour la version française (A propos d’amour).
Saint Victor Jean Baptiste, Le fondateur devant l’histoire, Presses Nationales d’Haïti, 2006, Port-au-Prince.
Timoléon Brutus, L’homme d’airain, Presses Nationales d’Haïti, 2006, Port-au-Prince.
Jean Alix René, Hommage à Jean Jacques Dessalines, Fondateur d’Haïti, à l’occasion du 200ème anniversaire de son assassinat, Desalinyen # 4, Premye Ane, Septanm-Oktòb, 2008.
Sibylle Fischer, Modernity Disavowed: Haiti and the cultures of slavery in the age of revolution, Duke University Press, 2004, 2nd printing, 2005.
Jean Anil Louis Juste, Comprendre l’hégémonie de l’Internationale Communautaire en Haïti, Alterpresse, 22 septembre 2003.
Sylvie Laurent, Capital et race : Histoire d’une hydre moderne, Editions du Seuil, 2024, 512 p
Stéphanie Latte Abdallah, Par-delà le futuricide. Quelle après-guerre à Gaza ?, Recherches internationales 2024/2 N° 129, Pages 179 à 186
Alain Badiou, Méfiez-vous des blancs, Habitants du rivage, Fayard, 2019.
Susan Buck-Morss, Hegel, Haiti, and Universal History, University of Pittsburgh Press, 2009.
L’occupation d’Haïti par les Etats-Unis : 1915 …. 1972, KAKO # 6 (Spécial), Juillet 1972.
Paul Mocombe, Jean Jacques Dessalines, the avenger and mediator, Journal of cultural and Social Anthropology, Volume 1, Issue 1, 2019, pp. 1-11.
Pierre Michel Chery, Peleren, Educa Vision, 2015
Karen Salt, The Unfinished Revolution: Haiti, Black Sovereignty and Power in the Nineteenth-Century Atlantic World, Liverpool University Press, 2019.
Christophe Colomb, La découverte de l’Amérique, Écrits complets (1492-1505) Traduit par Soledad Estorach et Michel Lequenne, Ed. La Découverte / Collection Poche, 2015.
James Darbouze, « Comment le suprémacisme blanc a entrepris de détruire Haïti. », Nouveaux Cahiers du Socialisme, Juin 2021.
James Darbouze (2021). Trapped in the Imperial Grip: The United States’ systemic anti-Blackness at home and abroad shatters illusions of democracy in Haiti. Achieving true independence demands solidarity. NACLA Report on the Americas, 53:1, 39-44, DOI: 10.1080/10714839.2021.1891632
Jacques de Cauna, Haïti, l’éternelle révolution: histoire de sa décolonisation (1789-1804), PRNG Editions, 2017
Berthony Du Pont, Jean-Jacques Dessalines: itinéraire d’un révolutionnaire, L’Harmattan, 2006.
Serge Latouche, L’occidentalisation du monde, Essai sur la signification, la portée et les limites de l’uniformisation planétaire, La Découverte /Poche, 1992.

……

* Filozòf kritik, sosyològ, militan, pwofesè nan ILA. Manm Gwoup Refleksyon-FPSPA, yon think tank pwogresis, depi 2019.


[1Tèks sa se estrè yon gwoup refleksyon sou orijin sitiyasyon n ap viv nan peyi a jounen jodi a. Nou te prezante yon premye vèsyon nan yon aktivite Sant Kiltirèl Solèy te fè sou zoom pou make 17 oktòb. Vèsyon nou pibliye nan kad komemorasyon batay 18 novanm 1803 a pi devlope.

[2Jean Claude Fignole, Une heure pour l’éternité. Paris: Sabine Wespieser, 2008.

[3Paul Laraque, “Libète” in Lespwa, Editions Mémoire, Port-au-Prince, Haïti, 2001.

[4Douz Prensip Bwa Kayiman, Pyè Michel Chery, 2009

[5Leslie F. Manigat, Eventail d’Histoire Vivante d’Haiti : Des préludes à la Révolution de Saint Domingue jusqu’à nos jours (1789-1999) - Une Contribution à «la Nouvelle Histoire» Haïtienne, Collection du CHUDAC, Port-au-Prince, Haïti, 2001, Tome 1, p. 79.

[6Jean Alix René, Hommage à Jean Jacques Dessalines, Fondateur d’Haïti, à l’occasion du 200ème anniversaire de son assassinat, Desalinyen # 4, Premye Ane, Septanm-Oktòb, 2008.

[7Jean Anil Louis Juste : « La rencontre de Bois Caïman (14 août 1791) voulait assauter l’arsenal du verticalisme et de l’autoritarisme ; la communion dans un même projet était une sorte de pratique de liberté. Le travail pour soi devenait la vision qui aurait semblé guider le Soulèvement Général des Esclaves dans la nuit du 21 au 22 août 1791. »

[8Paul Mocombe, Jean Jacques Dessalines, the avenger and mediator, Journal of cultural and Social Anthropology, Volume 1, Issue 1, 2019, pp. 1-11

[9Pozisyon Manigat sou Vodou a pa diferan. Men sa l ekri nan premye tòm Eventail d’histoire vivante : « Mais, à cette phase, le vaudou, avec ses "mystères" jalousement gardés à l’abri des indiscrétions des colons qui n’y voyaient littéralement que du feu, devenait plutôt comme un creuset où se forgeaient la conscientisation contestataire et les revendications futures, et où se fortifiait la haine de l’oppresseur blanc en opposant les dieux des noirs au Dieu des blancs comme Boukman le fera, quitte à masquer leurs esprits venus de « Guinée » derrière les saints catholiques en un syncrétisme à la fois sécuritaire, différenciateur et pseudo-identitaire.. Cette religion, c’était la seule chose qu’ils possédaient en propre. Outre sa fonction ludique et onirique, elle allait jouer le rôle d’abord d’un catalyseur, puis de suscitatrice, et enfin de détonateur dans la préparation et l’élaboration idéologique et morale de la révolution servile.» Leslie F. Manigat, Eventail d’Histoire Vivante d’Haiti : Des préludes à la Révolution de Saint Domingue jusqu’à nos jours (1789-1999) - Une Contribution à «la Nouvelle Histoire» Haïtienne, Collection du CHUDAC, Port-au-Prince, Haïti, 2001, Tome 1, p. 79.

[10Traduction libre : « Après l’assassinat de Dessalines, la politique agraire de don, menée selon les visées économiques extraverties, a créé une couche de spéculateurs qui captent les denrées et les drainent aux ports respectifs de leur ville d’influence. Les produits paysans sont exportés vers l’Europe ou les Etats-Unis. Les bateaux ramènent au pays, des produits manufacturés que ces mêmes spéculateurs revendent aux paysans. Ce double mouvement commercial relie d’une part, la terre au capital et de l’autre, les paysans à la bourgeoisie internationale. L’alliance grandon-commerçant du bord de mer assure donc une médiation dépendante. » Jean Anil Louis-Juste, Comprendre l’hégémonie de l’Internationale Communautaire en Haïti, AlterPresse, 22 septembre 2003.

[11Li enpòtan pou n remake Desalin te gen tan klè sou pèspektiv rayisman sa pou li menm endividyèl. Depi nan Pwoklamasyon 1e Janvye a li te di : «Et toi, peuple trop longtemps infortuné (…) souviens-toi que c’est sur ta constance et ton coupage que j’ai compté (…); rappelle-toi que j’ai tout sacrifié pour voler à ta défense, parents, enfants, fortune, et que maintenant je ne suis fiche que de ta liberté; que mon nom est devenu en horreur à tous les peuples qui veulent l’esclavage, et que les despotes et les tyrans ne le prononcent qu’en maudissant le jour qui m’a vu naitre ». Sèl sa li pa t antisipe, li pa t gen tan wè se anndan peyi a sa t ap kòmanse avèk ajan pwojè neyokolonyal la.

[12Nou kapab konsilte sou pwen sa yon atik mwen te pibliye nan lane 2021 konsènan rapò enperyalis USA devlope avèk Ayiti pandan tout 19èm ak kòmanse 20èm syèk la. DARBOUZE (James) (2021). Trapped in the Imperial Grip: The United States’ systemic anti-Blackness at home and abroad shatters illusions of democracy in Haiti. Achieving true independence demands solidarity. NACLA Report on the Americas, 53:1, 39-44, DOI: 10.1080/10714839.2021.1891632. Janil eksplike tou kijan sasinay Desalin nan pral entwodui yon re-oryantasyon global nan peyi a sitou apati 1825. Anil ekri : « L’extraversion économique néo-coloniale a [été] consolidée, depuis la fameuse dette de l’Indépendance (1825), (…). La résistance offensive des paysans n’a pas su défaire cette solide entente. Les révoltes de Goman et d’Acaau ont échoué pour se transformer en une forme de résistance passive et individualisée.»

[13Jean Anil Louis-Juste, Comprendre l’hégémonie de l’Internationale Communautaire en Haïti, AlterPresse, 22 septembre 2003.

[14Pwen sa patikilyèman enpòtan lè nou sonje depi nan Konstitisyon 20 me 1805 lan, atik 11 (Deklarasyon preliminè) te gen tan fikse : «Tout citoyen doit posséder un art mécanique».