Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Bandi ak zam Gran Ravin tire sou yon elikoptè Nasyon zini ki pa sibi domaj, plis pase 10 mlil moun sètoblije kouri kite lakay yo nan komin Pòtoprens, Dèlma ak Taba

Pòtoprens, 25 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Gen yon elikoptè Nasyon zini, ki t ap soti Pòtoprens pou ale Okáy, depatman Sid, ki resevwa bal nan zòn Gran Ravin. Erezman, pa t gen pèsonn nan elikoptè a, ni 15 pasaje yo, ki viktim. Se sa Ofis nasyonal avyasyon sivil (Ofnac) konfime.

Atak sa a te fè pilòt elikoptè a kase tèt tounen pou al ateri an ijans nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Ofis nasyonal avyasyon sivil peyi d Ayiti / Ofnac fè konnnen l ap kontinye rasanble enfòmasyon poun konnen plis sou zak agresyon sa a.

Madi 22 oktòb 2024 la, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, gen bal ki te tonbe sou youn nan 2 machin blende anbasad Etazini nan peyi d Ayiti. Erezman, pa t gen ofisyèl nan machin blende sa yo ki gen anyen. Se sa anbasad Etazini nan peyi d Ayiti te fè konnen.

Akoz atak gang ak zam yo, gen yon lòt gwoup nan ekip anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti, ki ta dwe pati kite peyi a. Se sa yon sous bò kote anbasad ameriken nan peyi d Ayiti fè jounal ameriken konnen.

Gouvènman ameriken an te deja leve lavwa semen sa a kont zak laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo, k ap gen pou reponn de zak yo douvan otorite nasyonal ak otorite entènasyonal yo. Se avètisman gouvènman ameriken an te báy semenn sa a.

Jedi 25 Oktob 2024 la, yon polisye national Saewt team ak 2 lòt moun mouri anba bal gang ak zam, nan katyue Solino, Pòtoprens. Toujou gen anpil moun ki kontinye ap kouri kite katye Solino ak zon ki antoure l yo, akoz atak gang ak zam Viv ansanm yo.

Maten vandredi 25 oktob 2024 la, anpil moun ankò te setoblije kouri kite katye Solino, akoz gwo tansyon ki toujou genyen nan katye sa a, dapre temwanyaj ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Kouráy polisye, k ap fe rezistans fas kare ak bandi ak zam yo nan katye Solino, pa sifi pou pote solissyon nan sitiyasyon laterè a. Polisye yo ap fatige, epi minisyon ap diminye. Se kout rel sou kont X li Sendika nasyonal lapolis nasyonal d Ayiti a(Spnh-17), ki mande alatèt Lapolis nasyonal yo sèvi ak fòs la pi byen, pou kwape baz gang ak zam yo sou Bèlè ak anba Delma.

Se sou rasin pwoblèm lan pou n aji. Se dizon Spnh-17.

Ant vandredi 18 pou rive 25 oktòb 2024 la, se plis pase 10 mlil moun ki setoblije kouri kite lakay yo, nan komin Pòtoprens, Dèlma ak Taba, akoz laterè gang ak zam yo. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).

Anplis operasyon sou teren an, pi gwo batay kont gang ak zam yo se kraze tout rezo kriminèl k ap kore gang ak zam yo ak lajan, epi tou arete tout sila ki nabn konfyolo ak gang ak zam yo. Se rekòmandasyon biwo nan peyi d Ayiti òganiuzasyon leta ameriken yo (Loea).

Nan tet Kole ak Gouvenman peyi Kanada a, Oganizasyon leta ameriken yo di y ap kore jefò Lapolis nasyonal d AYiti, nan ride yo jwenn pi bon mwayen ak fòmasyon pou mennen batay kont gang ak zam yo.

Gouvènman Kanada a leve lavwa kont zak laterè gang ak zam yo, ki kontinye lage anpil soufrans nan mitan popilasyon an.

Vyolans san parèy ak zak koripsyon yo mete lavi tout moun, sitou timoun yo, nan gwo danje. Zak vyolans sa yo gen men politik dèyè yo. Se nan objektif pou kraze jesyon nabn petryòd tranzisyon an, ki ta dwe pèmèt sekirite retounen blayio ak refè eskanp figi enstitisyon peyi a. Tout sila ki konsènen yo dwe respekte kòmsadwa sa k te prevwa pou fèt nan peryòd tranzisyon an. Se deklarasyon minis zafè etranje Kanada a Melanie Joly.

Dwe gen dispozisyon konsekan pou fè sispann tout bon zak tizonnay ak lòt abi, k ap fèt sou timoun nan lekòl peyi d Ayiti yo. Se rekòmandasyon World Vision international

World Vision international denonse move Pratik tizonnay ak kadejak, ki rive souvan nan espas lekòl yo, anpil fwa avèk kase fèy kouvri zak agresyon sa yo, san pa gen estrikti ki aji kont zak sa yo

Gen ajan migrasyon Repiblik Dominiken, k ap pran ant 17 mil pou rive 20 mil peso dominiken (ki vle di ant 41 mil pou rive 50 mil goud konsa) sou chak migran, pou y opa pouse do yo soti sou teritwa dominiken an. Se enfomasyon platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr) rapòte, sou baz temwayáy migran ayisyen nan medya dominiken ak òganizasyon k ap defann dwa fanm ak gason migran yo.

Jedi 25 oktòb 2024 la, gadkòt peyi Jamayik mennen vini nan vil ok »ay, depatman Sid peyi d Ayiti, 17 fanm ak gason migran natif natal Ayiti, ki t ap viv depi plizyè lane sou teritwa Jamayik la. [ppsf emb rc apr 25/10/2024 15:30]