Pòtoprens, 23 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Se mèkredi 23 oktòb 2024 la yo chante antèman pè nan legliz katolik women nan peyi d Ayiti Michel Frantz Grandoit, ki mouri anba maladi Pòtoprens, vandredi 18 oktòb 2024 la, ak 79 lane sou tèt li.
Yo te mennen pè Michel Frantz Grandoit lopital, akoz eta sante l ki t ap deteryore. Se te youn nan manm Akademi kreyòl ayisyen an / Aka. Se te yon espesyalis nan ledikasyon ak jesyon. Li te angaje anpil nan lavi politik ak sosyal nan peyi d Ayiti, tankou nan batay pou jete diktati bout di Divalye yo nan lane 1986. Li te travay anpil nan Latibonit, sitou nan Dezam. Se limenm ki te responsab Misyon Alfa, legliz katolik women nan peyi d Ayiti te tanmen nan lane 1985 pou alfabetizasyon, nan lang kreyòl la, anpil fanm ak gason nan peyi d Ayiti. Pè Michel Frantz Grandoit te fèt Pòtoprens nan dat 29 septanm 1945. Li mouri vandredi 18 oktòb 2024 nan Pòtoprens ak 79 lane sou tèt li.
Plizyè bandi, ki t ap eseye pase nan Williamson, pa twò lwen bouk Akayè, nan nò Pòtoprens, mouri, madi apremidi 22 oktòb 2024 la, nan boukantáy kout zam ak lapolis nasyonal d Ayiti a. Se presizyon sou AlterPresse ak AlterRadio pwoteksyon sivil Akayè, ki fè konnen lapolis Akayè te jwenn sipò popilasyon nan zòn nan ak bourad lapolis depatman Latibonit.
Gen yon bato, ki te soti Pòtoprens pou pote zam ak bal bay bandi yo, ki koule ak tout sa k te ladan, nan lanmè Akayè a. Popilasyon Akayè a kanpe dèyè lapolis nasyonal la, pou fè rezistans kont gang ak zam yo aak anpeche koin Akayè tounen yon lòt teritwa pèdi nan peyi d Ayiti. Men lapolis Akayè a dwe jwenn plis sipò toujou pou fè fas kare ak menas gang ak zam yo, ki toujou ret yon malè pandye sou Akayè. Se rekòmandasyon pwoteksyon sivil Akayè.
Seksyon kominal Delis, Fon Batis ak Boukasen, se la anpil anpil fanmi Akayè (pi fò se granoun ak timoun) kouri al pran refij, san yo pa gen tan sove anyen lakay yo, akoz atak gang ak zam depi plizyè jou. Leta poko fè anyen pou ride fanmi deplase sa yo nann seksyon kominal Delis, Fon Batis ak Boukasen, kote pa gen sèvis leta ki pi enpòtan yo, tankou dlo elatriye. Se kout rèl pwoteksyon sivil Akayè a sou AlterPresse ak AlterRadio.
Kout zam toujou ap chante nan katye Solino ak zòn ki toupre. Men, gen plizyè bandi, ki tonbe nan boukantay kout zam ak lapolis nasyonal la nan Solino, dèlma 24 ak lòt zòn ki toupre, kote lapolis nasyonal la tabli baz pou fè fas kare ak gang kriminèl ak zam yo. Se sa lapolis nasyonal la fè konnen.
Madi 22 oktòb 2024 la, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, gen bal ki tonbe sou youn nan 2 machin blende anbasad Etazini nan peyi d Ayiti. Erezzman, pa gen ofisyèl nan machin blende sa yo ki gen anyen. Se sa anbasad Etazini nan peyi d Ayiti fè konnen.
Gouvènman Etazini a pase men nan regleman sou kòmann machandiz ak lòt pwodui, k ap soti sou teritwa ameriken an pou vini nan peyi d Ayiti. Objektif desizyon sa a, se pote kole ak jefò k ap fèt kont trafik zam ak bal ak tout lòt pwodui danje pou sekirite nan peyi d Ayiti. Se deklarasyon sekretè leta ameriken an apre Barbara Feinstein, nan yon entèvyou sou medya Lavwa Lamerik.
Madi 22 oktòb 2024 la, bò 10zè diswa, gen 2 kab nan sistèm telefòn Digicel la, ki koupe nan zòn Akayè. Se yon sitiyasyon, ki gen konsekans sou sèvis entènasyonal konpayi a, tankou Entènèt. Moncash ak apèl entènasyonaal yo. See kout rèl sou kont X li direktè konpayi Digicel la, Jean Philippe Brun, ki fè konnen ekip konpayi a mobilize pou fè reparasyon yo pi vit posib.
Ogmantasyon zak laterè gang kriminèl ak zam yo angrave sitiyasyon dwa moun yo, nan dènye jou sa yo, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ak nan depatman latibonit, kote bandi yo kontinye atake popilasyon an. Se kout rèl chèf Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti a (Binuh), Maria Isabel Salvador, ki t ap esplike, madi 22 oktòb 2024 la douvan Konsèy sekirite Nasyon zini yo, kouman sitiyasyon an ye jodi a nan peyi d Ayiti.
Nan dènye 3 mwa sa yo, gen plis fanm ak gason ki sètoblije kouri deplase kite laky yo, pou al chèche refis lòt kote. Sa ki fè se plis pase 700 mil moun ki nan kouri, ki sètoblie kite lakay yo depi lane 2023 pou rive oktòb 2024 la sou teritwa Ayiti a.
Natif natal peyi Ekwatè a, Maria Isabel Salvador, di li krenn pou chire pit, ki parèt ap bouyi ant Konsèy prezidan pou tranzisyon an ak gouvènan tranzisyon an, pa met reta nan sa k dwe fèt nan peryòd tranzisyon an an peyi d Ayiti.
Chèf Binuh an mande otorite yo chèche konplete Konsèy elektoral manke moso a, yo enstale vandredi 18 oktòb 2024 la, san delege òganizasyon k ap defann dwa moun yo, ni delege òganizasyon k ap defann dwa fanm yo.
Sitiyasyon an, ki te deja grav, pa sispaann deteryore sou teritwa Ayiti a. Se chak jou popilasyonn an ap sibi tout kalte zak maspinay dwa moun avèk gang kriminèl ak zam yo k ap fè timoun jwe wòl siveye rapòte epi k ap sèvi ak timoun pou komèt tout kalte zak kriminèl, detan yo fè yo tounen esklav nan fè bagay. Se kout rèl, madi 22 oktòb 2024 la douvan Konsèy sekirite Nasyon zini yo, direktris ekzekitif Fonn Nasyon zini pou timoun yo (Unicef), natif natal ameriken Catherine Russel.
Dwe gen dispozisyon pou asire pwoteksyon dwa moun yo, pou kwape laterè ak lòt vyolans gang ak zam yo, ogmante resous lajan pou ogmante kapasite òganizasyon imanitè yo sou teren an. Gen nesesite pou laji pi plis toujou pwogram repons imanitè yo, sitou nan zòn ki anba kontwòl gang ak zam yo. Kominote entènasyonal la gen ase kapasite pou ride peyi d Ayiti soti nan sa l ye a. Se volonte a sèlman ki manke. Nou paka kite peyi d Ayiti plonje pi plis toujou nan tyouboum. Se deklarasyon direktris egzekitif Fon Nasyon zini pou timoun yo, natif natal ameriken Catherine Russell douvan konsey sekirite Nasyon zini yo.
Otorite peyi d Ayiti yo dwe pran dispozisyon konsekan, ki ka pèmèt fanm ak gason migran, otorite Repiblik Dominiken ap pouse do yo, rive nan bon kondisyon sekirite sou teritwa Ayiti a. Se ekzijans apeprè 15 òganizasyon k ap defaann dwa moun ak dwa fanm ak gason migran yo, nan yon lèt tou louvri bay Kònsèy prezidan pou tranzisyon an.
Anplis demach diplomat pou met bout nan kriz migrasyon sa a, dwe gen dispozisyon pou pwoteje dokiman idantite fanm ak gason migran sa yo, ak pou al gade nan ki kondisyon otorite dominiken yo fèmen fannm ak gason migran yo. Se lòt rekòmandasyon apeprè 15 òganizasyon k ap defaann dwa moun ak dwa fanm ak gason migran yo, nan yon lèt tou louvri bay Kònsèy prezidan pou tranzisyon an. [ppsf emb rc apr 23/10/2024 15:25]