Pòtoprens, 22 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Simen latwoubláy san gade dèyè sou teritwa Ayiti a. Atake premye minis Garry Conille ak lòt manm gouvènman tranzisyon an. Se objektif endividi, ak move entansyon nan tèt yo, ta vle rapousuiv nan jou sa yo. Se sa ministè lajistis fè konnen nan yon nòt avètisman.
Ministè lajistis ak sekirite piblik di l mande lajistis ak lapolis kontinye pran tout dispozisyon konsekan, pou asire pwoteksyon lavi ak byen tout fanm ak gason nan peyi a, espesyalman tout sila k ap sèvi leta a.
Gouvènman peyi Etazini a voye yon pinga bay tout sila k ap simen laterè sou teritwa Ayiti a, nan yon pozisyon nan dat madi 22 oktòb 2024 la.
Gouvènman peyi Etazini a deklare li leve lavwa kont zak laterè ak lòt kalte vyolans, gang ak zam yo ap plede simen sou teritwa peyi d Ayiti a, nan objektif pou simen latwoubláy divès kote. Gouvènman Etazii a di l kanpe bò kote popilasyon an, lapolis nasyonal d Ayiti a ak fòs miltinasyonal la. Tout sila, ki lotè zak brigandaay sa yo, ap gen pou rann kont sou zak yo, pou reponn de zak yo ni douvan otorite peyi d Ayiti, ni douvan otorite entènasyonal yo.
Jan sa te diskite avèk Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ak premye minis Garry Conille, lè a rive pou Ayisyèn ak Ayisyen yo fè yon inite nasyonal nan batay entènasyonal kont gang ak zam yo. Se pa moman pou gen chire pit politik. N ap soutni ak tout fòs nou jefò Conille ak kabinè li an, pou fè vanse priyorite nasyonal Kpt a tabli yo. Se sa anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti ekri sou kont X li.
Yon moun yo konnen sou non Michelet mouri anba bal, yon timoun 3 lane ak yon elèv blse anba bal, bandi ak zam, ki te sou motosiklèt, tire lendi 21 oktòb 2024 la sou yon lekòl komin Lestè, depatman Latibonit. Se lapolis nasyonal d Ayiti a ki konfime sa k pase a nan yon nòt.
Michelet, yo te kouri mennen lopital, mouri anba bal yo te tire sou li a. Bandi ak zam, ki te sou motosiklèt, pa t gen tan antre andedan lekòl Lestè a. Men, yo t ap simen kout zam tribò babò, ki blese yon timoun 3 lane ak yon elèv nan lekòl la. Se sa lapolis nasyonal la fè konnen. Sitiyasyon an plizoumwen kal, adi 22 oktòb 2024 la, nan komin Lestè,dapre lapolis nasyonal la ki di li ranfòse prezans li nan komin depatman latibonit sa a.
Apre atak jedi 10 oktòb 2024 la, anpil fanm ak gason Akayè sètoblije deplase kouri kite lakay yo, lendi 21 oktòb 2024 la, lè gang ak zam atake yo ankò, sou lanmè ak atè. Se kout rèl pwoteksyon sivil nan komin Akayè sou AlterPresse ak AlterRadio.
Gang ak zam yo te pase sou lanmè Karyès epi atè, apati komin Kabarè, ki sou kontwòl yo depi plizyè mwa. Sitiyasyon an mangonmen nann komin Akayè, kote tout aktivite bloke madi 22 oktòb 2024 la. Popilasyon an kontinye rele anmwe, pou otorite yo pran dispozisyon pou met bout nan laterè, y ap sibi depi plizyèjou, anba men gang ak zam Viv ansanm yo.
Kout zam te kontinye chante nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan lendi 21 oktòb 2024 la. Popilasyon nan divès katye te pran dispozisyon mete barikad, pou prevni tout atak gang ak zam bò lakay yo.
Moun nan Solino ak lòt katye toupre toujou anba gwo tansyon ak atak gang ak zam, yon jou apre lapolis nasyonal la te di li reprann kontwòl nètalkole anpil zòn, tankou Sen Michèl, Paul Lochard, Sylvio Cator, Anglade, Koridò Bastia, nan Pòtoprens. Kout zam kontinye ap chante naan katye Solino, kote gang ak zam yo boule anpil anpil kay, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Moun nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ak nan depatman Latibonit toujou ap fè fas kare ak atak gang kriminèl ak zam yo. Malerezman, lapolis nasyonal la ak fòs miltinasyonal la sanble pa gen ase repondong pou kwape zak laterè sa yo. Se dizon Inisyativ sosyete sivil la sou AlterPresse ak AlterRadio.
Kpt a ak chèf gouvènman tranzisyon an pa montre yo ka fè tèt ansanm, pou pote solisyon nan kriz k ap brase bil peyi d Ayiti a. Se konsiderasyon Inisyativ sosyete sivil la sou AlterPresse ak AlterRadio.
Konsèy prezidan pou tranzisyon an ak Garry Conille montre yo manke kilti politik. Chire pit nan pi wo nivo politik peyi d Ayiti a, se konsekans estrikti tranzisyon an ki pa anouraje tèt ansanm nan mitan sila k ap dirije yo. Dwe gen jefò pou met enterè peyi a anlè tout enterè paspouki. Si sa pa fèt, se tout moun k ap pèdi. Se lòt konsiderasyon Inisyativ sosyete sivil la sou AlterPresse ak AlterRadio. [ppsf emb rc apr 22/10/2024 15:00]
