Pòtoprens, 21 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Nan moman operasyon lapolis nasyonal la ak sipò fòs miltinasyonal la, gen plizyè bandi ki mouri nan boukantáy kout zam ak lapolis nasyonal la nan plizyè katye Pòtoprens (Solino, Fò nasyonal ak zòn ki viwonnnen yo) nan dènye jou sa yo. Se sa divès temwayáy fè AlterPresse ak AlterRadio konnen.
Lendi 21 oktòb 2024 la, gen ralanti nan aktivite transpò piblik, aktivite komès ak lekòl nan zòn toupre katye Solino, Lali, Nazon, avni Poupla ak lòt katye anba lavil Pòtoprens lan. Sitiyasyon sa a, se konsekans atak ak zam bandi Viv Ansanm yo ap fè, depi jedi 17 oktòb 2024 la, nan zòn Solino, ri maya, kafou Peyan, dèlma 24 ak lòt katye.
Gang ak zam kraze ak boule anpil anpil kay nan katye sa yo. Tansyon an wo anpil nan katye sa yo ak lòt, ak kout zam k ap chante jis rive lendi 21 oktòb 2024 la. Tout fanmi, ki poko deplase nan katye sa yo, sou biskèt ak nan gwo madoulè, avèk sitiyasyon tèt chaje sa a.
San l pa di si gen bandi ki mouri, lapolis nasyonal d Ayiti a fè konnen li gen kontwòl nètalkole zòn Sen Michèl, Paul Lochard, Sylvio Cator, Anglade, Koridò Bastia, nan Pòtoprens, ki te anba men gang ak zam yo, anvan operasyon lapolis nasyonal la t al mennen ak sipò fòs miltinasyonal la nan blòk Solino a.
Ak sipò fòs miltinasyonal la, lapolis nasyonal la di li angaje l nan operasyon nan zòn Solino, kote li rive kwape bandi ak zam ki te deja anvayi plizyè katye. Lapolis nasyonal la di tou li ranfòse prezans li nan zòn sa yo, pou fe fas kare ak gang ak zam k ap simen laterè yo.
Lapolis nasyonal la presize tou li deplòtonnen nan komin Taba, kote kout zam ap chante depi plizyè jou.
Gen plis pase 10 bandi, ki tonbe nan boukantay kout zam ak lapolis nan Site Doudoun, komin Kwadèboukè. Lapolis nasyonal la di li rive sezi yon zam manch long modèl AK47 ak lot materyèl, nan operasyon li mennen lannuit samdi 19 ak dimanch 20 Oktob 2024 la nan komin Kwadèboukè ak Taba.
Nan zòn Sivadye, komin Jakmèl, depatman Sidès, lapolis nasyonal la fè konnen li arete Jerry Güer, 30 lane, manm gang ak zam Dan fè, ki blese nan operasyon lapolis la. Jerry Guer ap pran swen lopital Jakmèl kounye a, dapre sa lapolis la ajoute.
Akoz kout zam k ap pati san rete depi jedi 17 oktòb 2024 la, se plis pase 4 mil moun ki sètoblije deplase kite katye Solino, anba Dèlma ak Taba, pou al chèche refij lòt kote. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim)
Plis pase 60 pousan nan moun deplase sa yo kouri ale nan sant akèy ki te la deja anvan evenman yo ak nan nouvo sant akèy. Rès moun deplase yo jwennn refij lakay fanmi ak zanmi. Se lòt presizyon Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).
Depi kounye a, pou pote kole dirèk dirèk nan dispozisyon pou defann teritwa nasyonal la, gen plizyè santèn ofisye polis ak militè lame d Ayiti, ki t ap garanti sekirite anpil gwo chabrak nan leta, k ap deplòtonnen nan batay kont gang ak zam, k ap plede simen atak ak laterè sou popilasyon an. Se desizyon ki soti nan yon reyinyon ijans, lendi 21 oktòb 2024 la, ant premye minis Garry Conille ak fòs sekirite nasyonal peyi d Ayiti yo.
Gouvènman tranzisyon an pwomèt ankò li p ap kite okenn lòt teritwa bay bandi ak zam, sitou katye Solino ak lòt zòn. Gouvènman an di li p ap negosye sou sekirite popilasyon an. Conille redi ankò li pral chita pale ak patnè entènasyonal yo sou ijans, pou ranfòse pote kole ki ka kore jefò otorite nasyonal yo pou garanti sekirite sou tout teritwa peyi d Ayiti yo.
Li lè li tan pou fanm ak gason, ki nan direksyon politik peyi d Ayiti a, met enterè popilasyon an anlè tout enterè patizan ak chire pit pèsonèl, pou evite peyi a plonje nan plis tyouboum ak kriz toujou. Se rekòmandasyon Obsèvatwa entènasyonal pou demokrasi ak gouvènans / bon jan jesyon, ki tabli Monreyal / Kebèk.
Obsèvatwa entènasyonal pou demokrasi ak gouvènans / bon jan jesyon di tèt li chaje anpil douvan zak laterè gang ak zam yo, k ap montre pisans yo genyen anfas fòs sekirite nasyonal yo nan kontinye asasinen ak dechèpiye popilasyon an. Sekirite, se pi gwo sousi popilasyon an.
Yon lòt bò, òganizasyon sa a ki tabli Monreyal mande Konsèy prezidan pou tranzisyon an ak gouvènman tranzisyon an pran dispozisyon, ki ka pèmèt yo konplete Konsèy elektoral pwovizwa a, ki manke moso kounye a, avèk 7 manm sou 9 li dwe genyen. Se dispozisyon pou konplete Kep a, ki ka voye yon siyal bay popilasyon an sou posiblite eleksyon nan finisman lane 2025 k ap vini a, jan akò 3 avril 2024 la te prevwa l la. Se lòt rekòmandasyon Obsèvatwa entènasyonal pou demokrasi ak gouvènans / bon jan jesyon, ki tabli Monreyal. [ppsf emb rc apr 21/10/2024 14:26]