Pòtoprens, 20 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Yon lòt fwa ankò, se anpil anpil fanm ak gason ki sètoblije kouri deplase kite lakay yo nan katye Solino ak lòt katye nan Pòtoprens, akoz laterè gang ak zam yo depi jedi 17 oktòb 2024 la.
Gang ak zam kraze ak boule anpil anpil kay nan zòn Solino, ri maya, kafou Peyan, dèlma 24 ak lòt katye. Tansyon an wo anpil nan katye sa yo ak lòt, ak kout zam k ap chante jis rive dimanch 20 oktòb 2024 la. Tout fanmi, ki poko deplase nan katye sa yo, sou biskèt ak nan gwo madoulè, avèk sitiyasyon tèt chaje sa a.
Lannuit jedi 17 oktòb 2024 la, yon bal mawon touye nan tèt yon jenn fi 18 lane, ki te andedan lakay li nan Solino.
Se depi jedi 17 oktòb 2024 la gwoup gang, ki bay tèt yo non Viv ansanm, ap simen kout zam pi plis toujou nan katye Solino, Fò nasyonal, dèlma 24 ak lòt katye nan Pòtoprens.
Konsa, bandi ak zam yo kontinye atake katye Solino, Dèlma 24, Fò nasyonal ak lòt katye anba lavil Pòtoprens lan.
Te gen anpil kout zam ki t ap chante jedi 17 oktòb 2024 la, nan moman Konsèy prezidan pou tranzisyonn an (Kpt) ak gouvènman tranzisyon an t al mete yon bouke flè douvan estati Jean-Jacques Dessalines, nan Mize panteyon nasyonal la (Mupanah), okazyon 218 lane depi yo te asasinen Dessalines nan dat 17 oktòb 1806.
Vandredi 18 oktòb 2024 la, kout zam te lakoz tansyon an monte anpil ankò, nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan, tankou anba lavil lan ak nan komin Taba. Katye, tankou Nazon, Pòs Machan, Solino, anba Dèlma, te anba kout zam san rete. Gen plizye milite Lame d AYiti k ap pran swen lopital, apre yo te blese nan boukantay kout zam ak bandi ak zam, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio).
Vandredi 18 oktòb 2024 la, 6 militè gwoup zile Bahamas rive nan peyi d Ayiti, pou antre nan fòs miltinasyonal la, ki koumanse deplòtonnen depi madi 25 jen 2024 la sou teritwa Ayiti a.
Vandredi 18 oktòb 2024 la, tout 15 manm konsèy sekirite Nasyon zini yo vote yon rezolisyon, ki toujou kenbe desizyon anbago, ki vle di pa kite zam, bal ak lòt materyèl ak ekipman militè antre nan peyi d Ayiti.
Vandredi 18 oktòb 2024 la, pè nan legliz katolik women nan peyi d Ayiti Michel Frantz Grandoit mouri Pòtoprens anba maladi ak 79 lane sou tèt li
Yo te mennen pè Michel Frantz Grandoit lopital, akoz eta sante l ki t ap deteryore.
Grandoit te youn nan manm Akademi kreyòl ayisyen an (Aka). Se te yon espesyalis nan ledikasyon ak jesyon. Li te angaje anpil nan lavi politik ak sosyal nan peyi d Ayiti, tankou nan batay pou jete diktati bout di Divalye yo nan lane 1986. Li te travay anpil nan Latibonit, sitou nan Dezam. Se limenm ki te responsab Misyon Alfa, legliz katolik women nan peyi d Ayiti te tanmen nan lane 1985 pou alfabetizasyon, nan lang kreyòl la, anpil fanm ak gason nan peyi d Ayiti. Pè Michel Frantz Grandoit te fèt Pòtoprens nan dat 29 septanm 1945. Li mouri vandredi 18 oktòb 2024 nan Pòtoprens ak 79 lane sou tèt li.
20 oktòb 2001 – 20 oktòb 2024, sa fè Gwoup Medyaltènatif 23 lane depi l ap feraye sou teren an. Gwoup Medyaltènatif, se yon asosyasyon ki anchaje AlterPresse, AlterRadio, Accès Medias ak Medias Tic.
Se majistra-jij Benjamin Felisme, ki anchaje mennen ankèt sou eskandal koripsyon ki konsènen 3 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles, ansanm ak ansyen prezidan konsèy administrasyon Bank nasyonal kredi a (Bnc), Raoul Pascal Pierre-Louis. Se desizyon dwayen tribinal sivil Pòtoprens lan, Bernard Sainvil, ki voye dosye Inite lit kont koripsyon an bay jij Benjamin Felisme.
Se te mèkredi 2 oktòb 2024 la, nan yon rapò ankèt li rann piblik, Inite lit kont koripsyon (Ulcc) mande lajistis peyi d Ayiti rapousuiv 3 manm Konsèy prezidan pou ttranzisyon an Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles, plis ansyen prezidan konsèy administrasyon Bank nasyonal kredi a (Bnc) Raoul Pierre-Louis, poutèt Ulcc sispèk yo fè sa k pa sa.
Abi konfyans, pran lajan anba tab, asepte zak koripsyon san pa fè anyen kont sa, se divès akizasyon Inite lit kont koripsyon fè sou Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles, plis Raoul Pascal Pierre-Louis. Inite lit kont koripsyon mande lajistis rapousuiv tou Lonick Leandre, yon konsil peyi d Ayiti nan Santiago de Los Caballeros – 2zyèm vil nan Repiblik Dominiken – li jwenn, ki te patisipe nan yon reyinyon, nan yon otèl Petyonvil, avèk 3 manm Kpt yo plis Raoul Pascal Pierre-Louis.
Patrick Saint-Hilaire, delege legliz katolik women peyi d Ayiti a, se li ki pral jwe wòl prezidan Konsèy elektoral pwovizwa manke moso a. Se desizyon 7 sou 9 manm Kep a pran samdi 19 oktòb 2024 la, yon jou apre Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) enstale yo
Schnaida Adely, delege vodou a, ap jwe wòl prezidan an apre Konsèy elektoral pwovizwa manke moso a. Jacques Desrosiers, delege jounalis yo, ap jwe wòl trezorye Kep a. Epi Nemrod Sanon, delege sendika yo, ap jwe wòl sekretè Konsèy elektoral pwovizwa manke moso a.
Se vandredi 18 oktòb 2024 la Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) enstale 7 olye 9 manm Konsèy elektoral pwovizwa a. Se te nan Konsèy minis, ki te fèt mèkredi 18 septanm 2024 la, ekip tranzisyon an te deside lonmen yon gwoup manke moso 7 moun, 2 fanm ak 5 gason, olye 9, pou vin manm Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Ekip tranzisyon an te pwomèt y ap konplete Kep a, lè òganis k ap defann dwa moun yo ak asosyasyon k ap defann dwa fanm yo chwazi delege pa yo, ki pou ale nan Konsèy elektoral pwovizwa a. [ppsf emb rc apr 20/10/2024 12:04]