Pòtoprens, 18 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Rezilta bakaloreya jiyè 2024 la montre pi fò elèv, ki te konpoze nan 10 depatman peyi d Ayiti yo, pa pase.
Se depatman Nip, depatman Sidès ak Plato santral, ki bay plis rannman (plis pase 50 pousan elèv ki pase) nan ekzamen ofisyèl bakaloreya jiyè 2024 yo, dapre rezilta Biwo nasyonal ekzamen leta yo (Bunexe) ki vin jwenn AlterPresse yo.
Nip
Avèk yon pousantay plis pase 67 pousan, depatman Nip bay plis elèv ki pase nan ekzamen bakaloreya jiyè 2024 yo, sou tout 10 depatman peyi d Ayiti yo. Jisteman, depatman Nip bay plis pase 2 mil 600 elèv ki pase, sou plis pase 3 mil 900 ki te konpoze.
Sidès
Avèk yon pousantáy plis pase 60 pousan, depatman Sidès bay plis pase 2 mil 600 elèv ki pase sou plis pase 4 mil 300 ki te konpoze.
Plato santral
Avèk yon pousantáy plis pase 57 pousan, depatman Plato santral bay plis pase 3 mil 800 elèv ki pase, sou plis pase 6 mil 600 ki te konpoze.
Lwès
Avèk yon pousantáy plis pase 49 pousan, depatman Lwès bay plis pase 21 mil 400 elèv ki pase, sou plis pase 43 mil 400 elèv ki te konpoze nan ekzamen bakaloreya jiyè 2024 yo.
Nò
Avèk yon pousantáy plis pase 46 pousan, Depatman Nò bay sèlman plis pase 5 mil 400 ki pase, sou plis pase 11 mil 600 ki te konpoze,
Sid
Avèk yon pousantáy plis pase 36 pousan, Depatman Sid bay sèlman plis pase 2 mil 300 ki pase, sou plis pase 6 mil 300 jèn fi ak jenn gason ki te konpoze.
Nòdès
Avèk yon pousantáy plis pase 34 pousan, depatman Nòdès báy sèlman plis pase mil 500 elèv ki pase, sou plis pase 4 mil 400 ki te konpoze.
Nòdwès
Avèk yon pousantáy plis pase 29 pousan, depatman Nòdwès bay sèlman plis pase mil 900 elèv ki pase, sou plis pase 6 mil 400 ki te konpoze.
Latibonit
Avèk yon pousantáy plis pase 27 pousan, Latibonit bay sèlman plis pase 3 mil 200 elèv ki pase, sou plis pase 11 mil 300 ki te konpoze.
Grandans
Avèk yon pousantáy plis pase 18 pousan, Grandans bay sèlman 700 elèv ki pase, sou plis pase 3 mil 600 ki te konpoze. [rc apr 18/10/2024 10:00]
