Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Bal mawon touye yon jenn fi 18 lane nan Solino, eta ijans jis rive 3 novanm 2024, ...

Pòtoprens, 18 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Lannuit jedi 17 oktòb 2024 la, yon jenn fi 18 lane mouri ak yon bal mawon, ki pran l nan tèt, detan l te andedan lakay li nan katye Solino, Pòtoprens.

Bandi ak zam te atake katye Solino, Dèlma 24, Fò nasyonal ak lòt katye anba lavil Pòtoprens lan. Te gen anpil kout zam ki tap chante jedi 17 oktòb 2024 la, nan moman Konsèy prezidan pou tranzisyonn an / Kpt ak gouvènman tranzisyon an t al mete yon bouke flè douvan estati Jean-Jacques Dessalines, okazyon 218 lane depi yo te asasinen l nan dat 17 oktòb 1806 lan.

Vandredi 18 oktòb 2024 la, kout zam k ap chante lakoz tansyon an monte anpil ankò, nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan, tankou anba lavil lan ak nan komin Taba.

Katye, tankou Nazon, Pòs Machan, Solino, anba Dèlma, te anba kout zam san rete. Gen machin yo kwaze antravè sou Nazon. Gen tou barikad kawoutchou k ap boule sou wout Nazon an. Sa ki fè plizyè chofè transpò piblik, ki ta pral esye pase sou wout Nazon an, te kase tèt tounen kote yo te sòti yo.

Se yon sitiyasyon ki te lakoz anpil anpil moun nan katye sa yo te sètoblije ret lakay yo, pou yo pa resevwa bal mawon. Anpil lekòl nan zòn sa yo te ranvwaye elèv, ki te gen tan rive. Gen lòt lekòl nan katye sa yo ki pa t louvri ditou.

Sou Kont X li, Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a (Spnh-17) te ekri, nan dat jedi 17 oktòb 2024 la, li gen enfòmasyon sou preparasyon atak gang ak zam nan plizyè katye nan Pòtoprens. Se depi yon semenn gen menas atak, gang ak zam yo, ki makònen ak gwoup kriminèl ki bay tèt li non Viv ansanm, ap fè ankò sou katye sa yo.

Yon lòt bò, medya rapòte zak dechèpiyáy gang ak zam al fè nan biznis ak kay nan komin Taba. Gang ak zam yo met dife tou nan plizyè kay, dapre divès temwayáy ki pale de twoke kòn ant lapolis nasyonal la ak gang ak zam nan Taba, vandredi 18 oktòb 2024 la.

Malgre gwo dispozisyon sekirite, gwo kout zam t ap chante anba lavil Pòtoprens lan. Tansyon an te wo anpil nan moman ekip tranzisyon an t al depose yon bouke flè douvan estati Jean Jacques Dessalines, nan Mize panteyon nasyonal ayisyen an (Mupanah) sou Channmas la, jedi 17 oktòb 2024 la, ki fè 218 lane depi yo te asasinen papa nasyon Ayiti a.

Gouvènman tranzisyon an deklare li pwolonje, jis nan dat dimanch 3 novanm 2024 la, sa l rele sitiyasyon eta ijans nan peyi d Ayiti. Avèk dispozisyon eta ijans lan, manifestasyon pa ka fèt sou teritwa nasyonal la, jan lapolis nasyonal la te gaye ak gaz lakimojèn yon ransableman moun, ki t ap pare pran lari nan zòn kafou wout Dèlma ak wout aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, jedi 17 oktòb 2024 la.

Ministè lajistis moun, ki pa polisye nasyonal oubyen militè lame d Ayiti, pa gen dwapote zam, sou baz dispozisyon eta ijans lan. Antretan, laterè gang ak zam yo sanble ap retounen pi rèd nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ak lòt kote sou teritwa nasyonal la, tankou nan depatman Latibonit lan, nan moman gwo chire pit parèt ant Konsèy prezidan pou tranzisyon an ak gouvénman tranzisyon an.

Colectivo #Haitianos Repiblik Dominiken pote solidarite yo bay tout sila, ki te tanmen yon mouvman pwotestasyon, jedi 17 oktòb 2024 la, nan espas yo konsidere tankou yon kan konsantrazyon nazi nan Haina, pwovens San Cristobal, pa twò lwen Santo Domingo, nan Repiblik Dominiken

Gen plizyè fanm ak gason migran, otorite dominiken yo fèmen nan Haina, ki ta viktim, nan mouvman leve kanpe, jedi 17 oktòb 2024 la, kont move kondisyon ak move tretman y ap sibi yo.

Vandredi 18 oktòb 2024 la, yon migran natif natal Ayiti, yo idantifye sou non James Joachim, 49 lane, mouri anba yon bal li resevwa nan lestomak, lapolis dominiken te tire sou li. Sa rive nan Bavaro, bò kòt Nòdès Repiblik Dominiken nan lakomin Punta Cana, pwovens La Altagracia, dapre jounal dominiken Diario Libre.

Natif natal James Joachim, ki reseva yon bal nan vant, lapolis dominiken tire sou li, mouri nan moman yon lese frape ant lapolis dominiken ak yon gwoup migran natif natal Ayiti, kit e kwè se otorite migrasyon Repiblik Dominiken ki t ap vinn rapousuiv yo. Sa rive nan Bavaro, bò kòt Nòdès Repiblik Dominiken nan lakomin Punta Cana, pwovens La Altagracia. Se sa jounal dominiken Diario Libre rapòte.

Rezilta bakaloreya jiyè 2024 la montre pi fò elèv, ki te konpoze nan 10 depatman peyi d Ayiti yo, pa pase. Se depatman Nip, depatman Sidès ak Plato santral, ki bay plis rannman (plis pase 50 pousan elèv ki pase) nan ekzamen ofisyèl bakaloreya jiyè 2024 yo, dapre rezilta Biwo nasyonal ekzamen leta yo (Bunexe) bay yo

Avèk yon pousantay plis pase 67 pousan, depatman Nip bay plis elèv ki pase nan ekzamen bakaloreya jiyè 2024 yo, sou tout 10 depatman peyi d Ayiti yo. Jisteman, depatman Nip bay plis pase 2 mil 600 elèv ki pase, sou plis pase 3 mil 900 ki te konpoze.

Avèk yon pousantáy plis pase 60 pousan, depatman Sidès bay plis pase 2 mil 600 elèv ki pase sou plis pase 4 mil 300 ki te konpoze.

Avèk yon pousantáy plis pase 57 pousan, depatman Plato santral bay plis pase 3 mil 800 elèv ki pase, sou plis pase 6 mil 600 ki te konpoze.

Avèk yon pousantáy plis pase 49 pousan, depatman Lwès bay plis pase 21 mil 400 elèv ki pase, sou plis pase 43 mil 400 elèv ki te konpoze nan ekzamen bakaloreya jiyè 2024 yo.

Avèk yon pousantáy plis pase 46 pousan, Depatman Nò bay sèlman plis pase 5 mil 400 ki pase, sou plis pase 11 mil 600 ki te konpoze,

Avèk yon pousantáy plis pase 36 pousan, Depatman Sid bay sèlman plis pase 2 mil 300 ki pase, sou plis pase 6 mil 300 jèn fi ak jenn gason ki te konpoze.

Avèk yon pousantáy plis pase 34 pousan, depatman Nòdès báy sèlman plis pase mil 500 elèv ki pase, sou plis pase 4 mil 400 ki te konpoze.

Avèk yon pousantáy plis pase 29 pousan, depatman Nòdwès bay sèlman plis pase mil 900 elèv ki pase, sou plis pase 6 mil 400 ki te konpoze.

Avèk yon pousantáy plis pase 27 pousan, Latibonit bay sèlman plis pase 3 mil 200 elèv ki pase, sou plis pase 11 mil 300 ki te konpoze.

Avèk yon pousantáy plis pase 18 pousan, Grandans bay sèlman 700 elèv ki pase, sou plis pase 3 mil 600 ki te konpoze.

Rapousuiv batay Jean-Jacques Dessalines t ap mennen an, pou tout pitit peyi d Ayiti yo viv lib ak nan diyite, vle di : evite konpòtman hing hang, konpòtman ki ka fè enstitisyonn yo vin pi fèb, met bout nan zak kidnaping yo, koripsyon ak chire pit, nan objektif pou travay nan benefis popilasyon an. Se moso nan deklarasyon prezidan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, Leslie Voltaire, nan yon seremoni, jedi 17 oktòb 2024 la, okazyon 218 lane (se te nan dat 17 oktòb 1806) depi yo te asasinen Jean Jacques Dessalines.

Fè yon evalyasyon sou travay, ki pou fè peyi Lafrans remèt lajan ak bay reparasyon sou pil lajan, peyi Lafrans te fòse peyi d Ayiti peye, dèske esklav yo te rache lendepandans yo anba men kolon franse yo. Se objektif 4 jounen retrèt, ant jedi 17 pou rive dimanch 20 oktòb 2024 la, komite andedan Innivèsite leta d Ayiti a, ansanm ak òganizasyon nan sosyete a, ki anchaje feraye sou demach pou fè Lafrans remèt lajan yo te fòse peyi d Ayiti pou lendepandans premye janvye 1804 la kont lame peyi Lafrans lan.

Jan l te prevwa sa depi plizyè semenn, konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) enstale 7 olye 9 manm Konsèy elektoral pwovizwa a, nan yon seremoni ofisyèl vandredi 18 oktòb 2024 la.

Anvan seremoni ofisyèl la, Kpt a te chita pale ak 7 manm Kep sa yo sou gwo defi, k ap tann yom nan zafè òganize eleksyon sou teritwa Ayiti a, tankou sekirite a ak zouti ki pou garanti eleksyon nan bon kondisyon, san fòs kote. Se sa Kpt a fè konnen nan yon mesaj sou rezo sosyal yo.

Nap fè sonje se nan Konsèy minis ki te fèt mèkredi 18 septanm 2024 la, ekip tranzisyon an te deside lonmen yon gwoup manke moso 7 moun (2 fanm ak 5 gason), olye 9, pou vin manm Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Ekip tranzisyon an di y ap konplete Kep a, lè òganis k ap defann dwa moun yo ak asosyasyon k ap defann dwa fanm yo chwazi delege pa yo, ki pou ale nan Konsèy elektoral pwovizwa a.

2 fanm sa yo, se Schnaida Adely ki se delege kominote vodou yo ak Marie Florence Mathieu ki se delege Konsèy Inivésite a. 5 gason yo, se Patrick Saint-Hilaire, ki se delege Konferans episkpal (legliz katolik women) d Ayiti a, Peterson Pierre-Louis ki se delege legliz pwotestan yo, Jacques Desrosiers ki se delege asosyasyon jounalis yo, Jacceus Joseph ki se delege asosyasyon peyizan yo epi Nemrod Sanon ki se delege sendika yo.

N ap siyale Jacceus Joseph, ki te delege òganis dwa moun yo nan Konsèy elektoral pwovizwa 2015 la, te bay demisyon l nan dat vandredi 22 janvye 2016. Nan menm mwa janvye 2016 la, te gen tou demisyon konseye Ricardo Augustin pou legliz katolik women nan dat madi 5 janvye 2016, konseye Vijonet Demero pou legliz pwotestan yona dat vandredi 15 janvye 2016, Pierre Junior Manigat kòm delege laprès nan dat vandredi 22 janvye 2016, Pierre-Louis Opont kòm delege fowòm ekonomik sektè prive a nan dat jedi 28 janvye 2016 epi Yolette Mengual kòm delege òganizasyon fanm yo nan dat vandredi 29 janvye 2016. Eleksyon sa yo, anpil moun te rele eleksyon grenn soulye dapre premye minis tèt kale epòk la Evans Paul, ki te dwe fèt nan dat dimanch 24 janvye 2016 la, pa t rive fèt, akoz gwo leve kanpe ak manifestasyon divès sektè.

Gouvènman Etazini a toujou kenbe angajman l pou kore jefò otorite Ayiti yo, nan retabli sekirite a sou teritwa nasyonal la. Se lòt pwomès yon delegasyon konsèy nasyonal sekirite ameriken an, nan yon chita pale, seenn sa a, ak konsèy prezidan pou tranzisyon an, gouvèman tranzisyon an, alatèt lapolis nasyonal, lame d Ayiti ak fòs miltinasyonal la. Se sa anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti ekri sou kont X li. [ppsf emb rc apr 18/10/2024 14:45]