Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Plis pase mil 400 elèv Plato santral aprann konnen pi byen ki jan pou fè fas kare ak katastwòf natirel yo, konsekans vyolans gang ak zam yo sou estrikti lasante yo nan Pòtoprens, kout rèl Sèvis jezuit pou migran Ayiti ak Solidarite fwontalye sou kantite migran y ap pouse dou sou fwontyè Wanament lan

Plato santral (Ayiti), 16 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Lendi 14 ak madi 15 oktòb 2024 la, plis pase mil 400 elèv ti fi ak ti gason, nan depatman Plato santral, te aprann konnen pi byen ki jan pou yo fè fas kare ak katastwòf natirel, lè sa ta rive bò lakay yo. Se te yon inisyativ pwoteksyon sivil peyi d Ayiti okazyon 13 oktòb, ki se jounen entènasyonal aksyon ak sansiblizasyon kont katastwòf yo

An n angaje n plis nan prevansyon ak edikasyon sou malè pandye yo, pou n asire avni jenerasyon k ap vini yo. Nan makònáy ak lide entènasyonnal yo, se te tèm pwoteksyon sivil nan peyi d Ayiti te chwazi, okazyon 13 oktòb, ki se jounen entènasyonal aksyon ak sansiblizasyon kont katastwòf yo.

13 oktòb 2024 la, se twazyèm fwa y ap konsidere nesesite pou gen aksyon ki fèt pou prevni katastwòf yo nan monn nan. Fè sansiblizasyon sou dispozisyon, yo dwe pran pou fè fas kare ak katastwòf yo, se nan objektif sa a Òganizasyon Nasyon zini te deside yon jounen entènasyonal nan dat 13 oktòb chak lane nan monn nan. Nasyon zini konsidere konsekans katastwòf natirèl yo ak konsekans dega moun lakoz sou lavi apeprè yon milyon timoun sou latè.

Lè gen katyouboumbe, se tout moun ki ka viktim. Se pou sa, nou pa dwe kite timoun yo dèyè nan aksyon prevansyon ak edikasyon sou malè pandye yo. Peyi d Ayiti toujou anba menas tout kalte katastwòf. Tout moun, otorite ak enstitisyon yo dwe fè jefò pou fè peyi a sispann frajil anba malè pandye yo. Se rekòmandasyon pwoteksyon sivil peyi d Ayiti, okazyon 13 oktòb, ki se jounen entènasyonal aksyon ak sansiblizasyon kont katastwòf yo.

Se plis pase 20 bandi ki tonbe nan boukantáy kout zam ak lapolis nasyonal la, ki t al mennen operasyon, nan tèt kole ak fòs miltinasyonal la, samdi 12 ak lendi 14 oktòb 2024 la, kont gang ak zam Kraze Baryè Vitelhomme Innocent yo nan Tòsèl. Se presisyon lapolis nasyonal la nan yon kozman ak laprès madi 15 oktob 2024 la.

Lapolis nasyonal la di l rive sezi 11 zam manch long ak lòt zam, plis lot materyèl. Gang ak zam yo te met dife nan yon machin blende lapolis, ki te tonbe an pán.

Nan komin Gresye, sou wout nasyonal nimewo 2 a, gen plizyè bandi ki mouri nan boukantáy kout zam ak lapolis nasyonal la, ki rive arete anpil bandi ak sezi 3 zam. Se lòt enfòmasyon lapolis nasyonal la bay nan kozman ak laprès madi 15 oktob 2024 la.

Vyolans gang ak zam yo gen gwo konsekans sou estrikti lasante yo, tankou lopital jeneral Pòtoprens lan ak sanatoryòm (ki fèmen depi plis pase 7 mwa) ak lopital Lapè Dèlma 33 a, kote anpil anpil malad pa ka jwenn swen nesesè. Se kout rèl Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun yo / Pohdh.

Otorite yo dwe pran bon jan dispozisyon, ki ka pemet lopital ak sant lasante yo kapab mache nan bon kondisyon sekirite, nan benefis popilasyon zon metwopoliten Potoprens lan. Se lot konsiderasyon Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun yo (Pohdh), nan yon ranmase sou konsekans zak laterè gang ak zam yo sou lopital ak sant lasante nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Sèvis jezuit pou migran Ayiti ak Solidarite fwontalye rele anmwe pou kantite fanm ak gason migran, otorite Repiblik Dominiken yo ap pimpe sou fwontyè Wanament/Dajabón nan.

Gen nesesite yon kokennchenn pote kole pou akeyi nan diyite fam ak gason migran sa yo. Se rekòmandasyon Sèvis jezuit pou migran Ayiti ak Solidarite fwontalye)

Tout peyizan, fanm kou gason dwe makònen fòs yo pou fè vin gen yon Leta, k ap aji nan sans enterè peyizan yo ak popilasyon an alwonnbade. Se dizon branch fanm peyizan andedan Solidarite fanm ayisyèn (Sofa), ki lonje dwèt sou pwojè lanmò raketè ap maniganse pou derasinen tout ti boujon lavi malere ak malerèz yo plante. [ppsf emb rc apr 16/10/2024 15:03]