Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Kout zam sou wout aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, 20 bandi mouri nan boukantáy kout zam ak lapolis nayonal la nan Tòsèl, plis pase 4 mil 670 moun sètoblije kouri kite lakay yo nan Akayè, pwojè pou ride fanm ak gason ki pa wè ak sila ki pa wè byen yo kapab idantifye lajan

Pòtoprens, 15 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Madi 15 oktòb 2024 la, bri kout zam te lakoz gwo tansyon nan katye ki sou wout aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, depi soti nan Vilaj Solidarite pou rive nan kafou ki mennen nan zòn Simon Pele.

Anpil moun nan katye sa yo te sètoblije ret lakay yo, pa soti al mennen aktivite yo, akoz kout zam sa yo. Se yon sitiyasyon ki te gen konsekans tou sou sikilasyon motosiklèt ak machin sou wout aryopò entèasyonal Pòtoprens lan. Pa gen enfòmasyon sou ki sa k te lakoz gwo kout zam sa yo, madi 15 oktòb 2024 la, nan zòn wout aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Gen 20 bandi ki mouri nan boukantáy kout zam ak lapolis nayonal d Ayiti, ki mennen yon operasyon ant samdi 12 pou rive lendi 14 oktòb 2024 la nan Tòsèl, nan zònn metwopoliten Pòtoprens lan. Se yon ranmase lapolis nasyonal d Ayiti a.

Nan operasyon sa yo, lapolis la di gen youn nan chèf gang Kraze Baryè Vitelhomme Innocent yo, moun konnen sou non Deshommes, ki blese ak bal nan boukantáy kout zam ak lapolis nasyonal la. Lapolis la fè konen li rive sezi plizyè zam, bal, telefòn ak lòt materyèl.

Fòs miltinasyonal la bay yon lòt ranmase sou operasyon nan Tòsèl yo, ant samdi 12 pou rive lendi 14 oktòb 2024 la. Lapolis nasyonal la arete plizyè manm gang Kraze Baryè a. Gen manm gang Kraze Baryè yo ki blese gravman grav ak bal, ki ka mete lavi yo an danje, dapre fòs miltinasyonal la.

Nan moman operasyon sa yo nan Tòsèl, gen yon machin blende, ki te an pán, bandi ak zam yo te met dife ladan, dapre imaj sou rezo sosyal yo.

Lendi 14 oktòb 2024 la, nan moman yon distribisyon materyèl lasante nan sant akèy moun deplase, ki nan espas Lise Mariján nan, Pòtoprens, gen yon manman 2 pitit, Beatrice Cajoux, ki mouri sou wout pou al lopital, apre l te resevwa bal nan vant ak nan pye l.

Se plis pase 4 mil 670 moun, fanm ak gason, ki sètoblije kouri kite lakay yo, pou al chèche refij lòt kote, nan moman atak gang ak zam Kanayan yo, jedi 10 oktòb 2024 la, nan komin Akayè, sou wout nasyonal nimewo 1 an. Se chif Òganizasyon entènasyonal pou migraasyon yo (Oim) bay.

57 pousan sou plis pase 4 mil 670 mounn sa yo jwenn refij lakay fanmi ak zanmi. 43 pousan nan moun sa yo al tabli nan 3 sant akèy, ki genyen nan komin Akayè a. Se presizyon Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim)

Pou peyi d Ayiti pa janm anba kontwòl gang ak zam, jan sa ye jodi a, se yon ijans pou n ranfòse kapasite materyèl ak ekipman nan lapolis nasyonal la ak nan lame a. Se pou sa n ap chèche bon jan relasyon patnè, ki ka pèmèt nou jwenn bourad nesesè pou kore travay lapolis nasyonal la ak lame a sou ternen an. Se deklarsyon premye minis Garry Conille, apre yon vizit 10 jou nan peyi Afrik Kenya ak peyi Azi Emira arab ini.

Garry Conille di li te vizite, nan peyi Emira ara bini, yon konpayi ki konn konstwi machin blende, ki fè bal ak ekipman modèn, nou ka achte pou lapolis nasyonal la ak lame d Ayiti a, dapre bezwen pou goumen kont gang ak zam yo. Rete pou lapolis la ak lame bay yon lis sa y ap bezwen, pou nou fè kòmann nesesè yo.

600 lòt polisye Kemya yo ta dwe rive, koumansman mwa novanm 2024 la, pou vin deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal la nan peyi d Ayiti. Se lòt deklarasyon Garry Conille, ki di li rekonèt ijans pou lapolis la ak lame a bay rezilta nan travay pou retabli sekirite sou teritwa Ayiti a.

Mwen wè cash. Se non yon pwojè fondasyon an n inove tanmen, madi 15 jiyè 2024 la, nan objektif pou ride fanm ak gason ki pa wè yo ak sila ki pa wè byen yo kabab konnen, kapab idantifye ki lajan, ki vin nan men yo.

Pou kounye a, se sèlman 20 moun ki koumanse kapab idantifye lajan, ki vin nan men yo, gras ak yon pwogram ki rele cash reader, kip a bezwen koneksyon entènèt. Pwogram sa a pèmèt idantifye 8 biyè lajan, fanm ak gason plis itllize nan peyi d Ayiti. Se presizyon fondasyon an n inove a bay.

Menm lè nou pa wè bagay yo menm jan sou yon seri pwen, menm lè nou ka gen diferans sou yon seri pwen, ki se yon sitiyasyonn nòmal nan tout peyi sou latè, mwenmenm Garry Conille mwen gen bon jan relasyon kè poze ak Konsèy prezidan pou tranzisyon an, kontrèman ak pawòl k ap pale sou rezo sosyal yo ak nan yon seri medya.

Pa gen okenn chire pit, okenn kriz ant gouvènman tranzisyon an ak Konsèy preziddan pou tranzisyonn an / Kpt. Nou toulède nan estrikti leta sa yo, nou toujou met enterè popilasyonn an douvan, nan tout reyinyon nou toujou fè chak semenn. Se deklarasyon Garry Conille nan moman li rantre nan peyi d Ayiti, madi 15 oktòb 2024 la, apre yon vwayáy 10 jou nan peyi Afrik Kenya ak Azi Emira arab ini.

Se amelyorasyon nan zafè sekirite a, k ap pèmèt remete kanpe enstitisyon demokrasi yo, pou pwoteje dwa moun yo ak pran chimen devlopman k ap dire lontan. Se kosiderasyon chèf Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti a (Binuh), Maria Isabel Salvador, ki t ap pale nan yon reyinyon Konsèy ekonomik ak sosyal Nasyon zini yo (Ecosoc) sou Ayiti, lendi 14 oktòb 2024 la.

Enstalasyon Konsèy elektoral pwovizwa a, se sèl kondisyon pou kapab gen eleksyon tout moun ka fè konfyans, kote tout moun ka patisipe pou mete otorite eli nan plas yo. Se lòt konsiderasyon chèf Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti a / Binuh, Maria Isabel Salvador, ki t ap pale nan menm reyinyon Konsèy ekonomik ak sosyal Nasyon zini yo / Ecosoc sou Ayiti, lendi 14 oktòb 2024 la. [ppsf emb rc apr 15/10/2024 15:34]