Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Asayan blese ak bal 3 natif natal Ayiti nan La Vigia, tansyon nan plizyè katye Taba ak Petyonvil, Kpt a mande gouvènman Repiblik Dominiken an respekte angajman entènasyonal yo ak akò l te siyen Ayiti sou kesyon rapatriman yo

Wanament (Ayiti), 13 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Byen bonè vandredi maten 12 oktòb 2024 la, yon kantite asayan yo poko rive idantifye, ki t ap eseye vòlò sa yo posede, blese ak bal 3 sou 4 natif natal Ayiti ki t ap travèse zòn La Vigía, sou fwontyè Dajabón ak Wanament lan. Se yon zak agresyon jounal dominiken Listin Diario rapòte.

Youn nan natif natal Ayiti yo, ki blese ak bal vandredi aten 122 oktòb 2024 la, rele Hilton Desantus, 28 lane. Li resevwa 2 bal, youn ki soti nan lestomank la, ak yon lòt dèyè janm gòch li. Lòt natif natal Ayiti a, ki blese ak bal nan mis gòch li, rele Petit Homme, 22 lane. 3zyèm natif natal Ayiti a, ki blese ak bal nan bra dwat li, rele Charis Philippe, 30 lane. Se sa jounal dominiken Listin Diario ekri. Listin Diario ajoute militè dominiken, ki nan pòs kontwòl El Laurel, te mennen 3 natif natal Ayiti ki blese ak bal yo nan lopital Ramón Matías Mella, kote y ap bay yo laswenyaay nesesè yo.

Espas Bwa Kayiman, ki nan Nò peyi d Ayiti, anrejistre kounye a nan lis mondyal espas listwa ak memwa, ki makònen ak lesklaváy ak trèt moun. Se sa delegasyon peyi d Ayiti ki la san rete nan Òganizasyon Nasyon zini pou ledikasyon, lasyans ak lakilti (Unesco) fè konnen, nan yon nòt nan dat 9 oktòb 2024 la.

Se yon gwo evenman nan listwa. Bwa Kayiman nan Nò peyi d Ayiti, se premye espas nan peyi d Ayiti ki antre nan lis mondyal espas listwa ak memwa, ki makònen ak lesklaváy ak trèt moun Unesco yo. Sa rive nan dat 9 oktòb 2024 la, ki fè 30 lane depi Òganizasyon Nasyon zini pou ledikasyon, lasyans ak lakilti te met kanpe pwogram k ap chèche konnen ki wout yo te fè ak moun yo te mete nan lesklavay yo.

Se nan Bwa Kayiman te gen gwo rasanbleman, nan dat 14 dawout 1791, ki pral pèmèt gwo leve kanpe esklav yo pou rache lendepandans peyi d Ayiti anba men kolon franse yo, nan dat premye janvye 1804.

Jisteman, se nan lane 1994 peyi d Ayiti ak Benen te ankouraje yo met kanpe yon pwogram k ap chèche konnen ki wout yo te fè ak moun yo te mete nan lesklaváy yo. Unesco te asepte met pwogram sa a kanpe, nan objektif pou kraze tout enjistis, ki toujou la jis jounen jodi a, lesklavay lan te lakoz nan ekonomi ak sosyete anpil peyi sou latè, tankou peyi d Ayiti.

Te gen gwo tansyon, samdi maten 12 oktòb 2024 la, nan katye Vivy Mitchel, Belvil Tòsèl, nan komin Petyonvil ak Taba, akoz kout bal ki t ap pete. Poko gen enfòmasyon sou sa k te lakoz pakèt kout bal sa yo nan katye Petyonvil ak Taba yo

Enel Lorthe ak yon lòt moun yo konnen sou non Rodelaire mouri, vandredi 11 oktòb 2024 la, nan boukantáy kout zam ak lapolis nasyonal la nan lokalite Dezòmo, komin Dam Mari, depatman Grandans.

Lapolis nasyonal la di li t ap chèche Enel Lorthe ak Rodelaire, kòm sispèk nan zak laterè nan Dam Mari, depatman Grandans.

Vandredi 11 oktòb 2024 la, lapolis nasyonal la di l arete Edson Arisma, 18 lane, ki deklare se limenm ki te anchaje al fè komisyon pou Gerbens Tiilus, ki bay tèt li non Benjy, andedan gang ak zam kokorat san ras la, nan depatman Latibonit lan.

Lapolis nasyonal la fè konnen tou li arete Fedlaire Metellus, ki báy tèt li non Dabò, yo ta pral enstale kòm gang Kokorat san ras nan Pasrèn, 2zyèm seksyon kominal Enri, depatman Latibonit.

Nan mwa novanm 2024 k ap vini a, 600 lòt polisye peyi Kenya ta dwe vin ranfòse ekip polisye, ki deplòtonnen depi mwa jen 2024 la andedan fòs miltinasyonal la nan peyi d Ayiti. Se pwomès prezidan Kenya a William Ruto nan yon chita pale, vandredi 11 oktòb 2024 la, nan Nairobi, kapital peyi Kenya, ak premye minis tranzisyon Ayiti a Garry Conille.

Koperasyon peyi d Ayiti ak Kenya nan zafè sekirite, devlopman nan ekonomi ak nan sosyete a, se te sijè diskisyon, vandredi 11 oktòb 2024 la, ant Ruto ak Conille.

Nan yon kozman ak laprès, nan palè nasyonal Kenya a, Conille te kontinye mande bourad entènasyonal pou retabli sekirite sou teritwa Ayiti a, yon fason pou ta gen bon rezilta pandan peryòd tranzisyon an nan peyi d Ayiti.

Se depi samdi 5 oktòb 2024 la Garry Conille vwayaje ankò nan peyi etranje, san popilasyon an poko janm wè rezilta pakèt vwayáy l ap fè nan peyi etranje, depi enstalasyon l kòm chèf gouvènman tranzisyon an, nan dat mèkredi 12 jen 2024 la nan peyi d Ayiti.

Yon semenn anvan, Conille te nan tèt yon gwo delegasyon ki t ale Nouyòk, peyi Etazini, pou patisipe nan 79vyèm sesyon Asanble jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo, nan moman William Ruto te fè yon vizit tou kout nan peyi d Ayiti, samdi 21 septanm 2024 la.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) denonse gouvènman Luis Abinader la, li konsidere k ap pase anba pye dwa fanm ak gason migran natif natal Ayiti a, nan fason gwo ponyèt, ak anpil vyolans, l ap pouse do natif natal Ayiti yo depi dat premye oktòb 2024 la.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an di l tanmen diskisyon nan pi wo nivo, san l pa presize ak ki yès, pou rive jwenn solisyon nan sitiyasyon sa a, kote gouvènman dominiken an ap lage pil ak pakèt natif natal Ayiti divès kote sou fwontyè a.

Kpt a di l rekonèt dwa otorite Repiblik Dominiken yo pou gen kontwòl migrasyon sou teritwa yo. Men, li fè sonje gen prensip entènasyonal ki regle relasyon ant 2 peyi yo nan fason y ap konsidere fanm ak gason migran yo, kèlkilanswa estati yo genyen sou teritwa dominiken an.

Sou baz sa a, Konsèy prezidan pou tranzisyon an mande gouvènman Repiblik Dominiken an respekte angajman entènasyonal yo ak akò Ayiti ak Repiblik Dominiken te siyen nan lane 1999 sou kesyon rapatriman yo. Akò entènasyonal yo ak akò 1999 ant Ayiti ak Repiblik Dominiken pa dakò ak desizyon pouse do anpil anpil fanm ak gason migran ni nan zak britalite, ni nan konpòtman prejije rasis. Kpt a di l swete bon jan chita pale nan nivo diplomat, ki ka pèmèt retounen nan relasyon bon vwazináy ant Ayiti ak Repiblik Dominiken.

Dosye pil ak pakèt fanm ak gason migran, gouvènman dominiken an ap pouse do nan gwo ponyèt, depi koumansman mwa oktòb 2024 la, se te sijè diskisyon, nan Washington semenn pase, ant minis zafè etranje peyi d Ayiti a, Dominique Dupuy, ak Òganizasyon leta ameriken yo (Loea) plis responsab depatman leta peyi Etazini.

Ant madi premye pou rive mèkredi 9 oktòb 2024 la otorite Repiblik Dominiken yo pouse do, ak anpil vyolans ak lòt kalte abi, plis pase 9 mil fanm ak gason migran, nan operasyon koukouwouj kont fanm ak gason migran natif natal Ayiti yo,. Se yon ranmase platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr).

Nan operasyon koukouwouj sa a, yo tabli sitou depi lane 2021, men ki sèvi ak plis vyolans ankò depi yon semenn, depi koumansman mwa oktòb 2024 la, otorite Repiblik Dominiken yo pa respekte prensip dwa moun, ni akò yo te siyen pou pa pilonnen dwa fanm ak gason migran yo.

Otorite dominiken yo pa bay fanm ak gason migran yo okenn tan, pou ranmase byen yo posede, san okenn konsiderasyon sou tan fanm ak gason migran sa yo genyen, depi y ap viv sou teritwa Repiblik Dominiken an.

Sitiyasyon an gravman grav tou pou jèn fanm ak jenn gason, k ap etidye nan Repiblik Dominiken. Anpil nan jèn fanm ak jenn gason sa yo, se viza touris yo genyen. Jèn fanm ak jenn gason, k ap etidye yo, kapab pèdi plizyè lane, depi y ap depanse lajan pou etid sou teritwa lòt bò fwontyè a. Depi mwa septanm 2023, otorite dominiken yo pa bay viza, ni viza etidyan ankò. Se kout rèl platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr).

Ride peyi d Ayiti rive fè fas kare ak pwoblèm lasante l yo. Se pwomès administratè anapre lasante andedan Ajans peyi Etazini pou devlopman entènasyonal (Usaid), doktè Atul Gawande, fè otorite lasante peyi d Ayiti yo.

Nan yon vizit jedi 10 ak vandredi 11 oktòb 2024 la nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, doktè Atul Gawande administratè anapre lasante andedan Usaid redi angajman gouvènman peyi Etazini a pou kore sistèm lasante pyi d Ayiti a, ki sibi anpil nan laterè gang ak zam, nan dènye mwa sa yo. [ppsf emb rc apr 13/10/2024 13:37]