Pòtoprens, 9 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Se yon operasyon netwayáy ras, yon konpòtman prejije rasis, gouvènman Repiblik Dominiken an tanmen depi semenn pase, nan pimpe ak anpil vyolans ak zak britalite, nan nenpòt kondisyon, plizyè fwa mil fanm ak gason natif natal Ayiti sou fwontyè avèk peyi d Ayiti a. Se sa anbasadè peyi d Ayiti Gandy Tomas denonse, madi apremidi 8 oktòb 2024 la, nan yon reyinyon espesyal ijans douvan Òganizasyon leta ameriken yo (Loea).
Migrasyon ak fòse moun deplase, se konsekans zak vyolans, lamizè ak laterè. Peyi manm Loea yo gen responsablite asire pwoteksyon dwamoun ak libète fondamantal sou tout teritwa yo, san yo pa konsidere estati fanm ak gason migran yo. Malgre gwo vanse ki fèt nan dwa moun nan rejyon an, otorite Repiblik Dominiken yo toujou ap pilonnen prensip fondamantal diyite moun, maspinen dwa fanm ak gason migran natif natal Ayiti yo. Se lòt konsiderasyon anbasadè peyi d Ayiti a Gandy Thomas douvan Loea.
Nan reyinyon ijans madi apremidi 8 oktòb 2024 la, anbasadè peyi d Ayiti a Gandy Thomas mande Komisyon entèameriken dwa moun yo pran pozisyon sou depòtasyon gwo ponyèt sa yo, otorite Repiblik Dominiken yo ap fè san okenn konsiderasyon sou estati fanm ak gason migran natif natal Ayiti yo.
Anbasadè Repiblik Dominiken an nan Loea a Radhafil Rodriguez voye jete akizasyon abi, move tretman ak pilonnáy dwa fanm qk gason migran yo, otorite dominiken yo ap fè, sitou depi semenn pase, nan pimpe ak anpil vyolans ak zak britaalite plizyè fwa mil fanm ak gason migran natif natal Ayiti.
Malgre imaj vyolans nan depòtasyon sa yo,ki gaye sou rezo sosyal yo, anbasadè Repiblik Dominiken nan Loea a pwomèt yo pral mennen ankèt sou zak maspin’ay dwa fanm ak gason migran yo. Moun ki koupab ap resevwa pinisyon kòmsadwa. Se nan chita tande otorite 2 peyi yo dwe traváy, pou jwenn solisyon nan kozman presyon fanm ak gason migran natif natal Ayiti sou teritwa Repiblik Dominiken an. Se lòt deklarasyon anbasadè dominiken an Radhafil Rodriguez.
Akoz pil ak pakèt fanm ak gason migran natif natal Ayiti otorite dominiken yo ap pouse do yo, sant akèy platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr) genyen sou fwontyè a vin debòde, tankou sou fwontyè Beladè/Comendador la kote sitiyasyon an mangonmen anpil. Se kout rèl platfòm Garr ki mande yon gwo pote kole pou akeyi nan diyite pila k pakèt fanm ak gason migran, otorite doinimen yo ap lage sou fwontyè ant 2 peyi yo.
Sèvis jezuit pou migran yo (Sjm) denonse zak maspináy, move tretman ak lòt kalte abi, otorite Repiblik Dominiken yo ap fè sou timoun, fanm ak gason migran natif natal Ayiti yo, lòt bò fwontyè. Depòtasyon gwo ponyèt sa yo pilonnen tout prensip fondamantal dwa moun ak akò 2 peyi yo te siyen sou kozman an.
Sèvis jezuit pou migran yo (Sjm) mande tou yon gwo pote kole pou akeyi nan diyite fanm ak gason migran natif natal Ayiti, otorite dominiken yo ap pimpe rèd mare pa bò isit, nan jou sa yo. Sjm swete solidarite, kid we rasanble gouvènman ayisyen an, òganizasyon ki pa sou lobedyans gouvènman an, òganis entènasyonal, legliz, òganizasyon nan diaspora a, pou akeyi nan diyite fanm ak gason migran yo, ki vin nan gwo madoulè ankò jodi a. Men, Sèvis jezuit migran yo mande otorite 2 peyi yo sèvi ak sajès, nan demach pou jwenn bon jan solisyon nan sitiyasyon tèt chaje sa a.
Ministè sante piblik peyi d Ayiti di li pran dispozisyon ranfòse prezans sante piblik nan depatman yo, pou pote repons sou bezwen lasante fanm ak gason migran yo, otorite dominiken yo ap pimpe rèdmare sou fwontyè a nan jou sa yo.
Se desizyon ki te pran nan reyinyon plizyè ministè nan peyi d Ayiti te fè sou kozman an. Se sa ministè sante piblik fè konnen.
Kontrèman ak bri k ap kouri yo, pa t gen polisye nasyonal, ni blende ki te boule nan operasyon lapolis kont gang ak zam Gran grif nan Savyen, depatman Latibonit la. Se deklarasyon lapolis nasyonal d Ayiti a, ki di yo ta koumanse jwenn rezilta nan operasyon rapousuiv gang ak zam Gran grif Savyen yo nan depatman Latibonit la. [ppsf emb rc apr 09/10/2024 15:37]
