Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Leslie Voltaire pral pran mayèt Konsèy prezidan pou tranzisyon an apati 7 oktòb 2024 la, otorite Repiblik Dominiken yo pase anba pye prensip entènasyonal dwa moun yo nan fason y ap pimpe migran natif natal Ayiti yo

Pòtoprens, 7 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) fè soti, nan jounal ofisyèl « Le Moniteur, rezolisyon 4 oktòb 2024 la, 5 konseye prezidan siyen, pou se Leslie Voltaire ki oran tèt Kpt a apati lendi 7 oktòb 2024 la.

Dapre rezolisyon vandredi 4 oktòb 2024 la, se konseye prezidan Fritz Alphonse Jean ak Laurent SaintCyr, ki pral youn apre lòt vin jwe wòl prezidan Kpt a, apre peryòd Leslie Voltaire ap gen mayèt la.

Rezolisyon 5 konseye prezidan pran, vandredi 4 oktòb 2024 la, pou se konseye prezidan Leslie Voltaire ki vin nan tèt Konsèy prezidan pou tranzisyon an, kapab lakoz plis boulvès ak fè tranzisyon an pi long nan peyi d Ayiti. Se pinga konseye prezidan Edgard Leblanc Fils, ki rekonèt li pa t siyen rezolisyon 4 oktòb 2024 la.

Nan yon mesáy dimanch swa 6 oktòb 2024 la, Edgard Leblanc Fils di l regrèt dèske 3 konseye prezidan, Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles pa tyoula kò yo, pa mete yo sou kote nan aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Rapò ankèt mèkredi 2 oktòb 2024 Inite lit kont koripsyon an / Ulcc mande lajistis rappousuiv 3 konseye prezidan sa yo, Ulcc sispèk ki ta nan konfyolo koripsyon ak ansyen prezidan konsèy administrasyon Bank nasyonal kredi a /Bnc, Raoul Pascal Pierre-Louis.

Esepte rezolisyon vandredi 4 oktòb 2024 la, Konsèy prezidan pou tranzisyon an poko fè konnen ki nouvo dispozisyon li meet kanpe, apre l te di pran nòt sou rapò ankèt Inite lit kont koripsyon an (Ulcc), ki mande lajistis rapousuiv konseye prezidan Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles, plis ansyen prezidan konsèy administrasyon Bank nasyonal kredi a / Bnc, Raoul Pascal Pierre-Louis.

Apati dat 7 oktòb 2024 la, se konseye prezidan Leslie Voltaire ki pral jwe wòl prezidan/kòdonatè aksyon andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Se sa k ekrii nan yon rezolisyon, vandredi 4 oktòb 2024 la, 5 manm Kpt a te siyen. Leslie Voltaire, Fritz Alphonse Jean, Laurent Saint-Cyr, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles ta siyen rezolisyon sa a. Se sa yon sous toupre Kpt a te di AlterPresse ak AlterRadio.

Ta gen mannèv k ap fèt pou pou pase anba pye rezilta ankèt Inite lit kont koripsyon an, ki mande lajistis rapousuiv 3 konseye prezidan Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles. Poutèt sa, kolektif pati politik 30 janvye 2023 yo, ki te voye Edgard Leblanc kòm delege andedan Kpt a, mande Leblanc rale kò l nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Kolektif pati politik 30 janvye 2023 yo di l ap pran distans li, li p pap konsidere okenn inisyativ nan Kpt a, kote 3 konseye prezidan, yo sispèk nan koripsyon an, ta patisipe. Kolektif pati politik 30 janvye 2023 yo fè konnen li pral fè konsiltasyon bò kote tout fòs nan peyi a, ni sila ki te siyen akò 3 avril 2024 la, pou ta rive jwenn yon fòmil, ki ka mete peyi a sou bon direksyon ak bon jesyon politik, ki va pèmèt tranzisyon an bay bon jan rezilta.

Diskou dimanch 6 oktòb 2024 la Edgard Leblanc montre Leblanc pèdi konfyans nan Kpt a. Si l te pran pozisyon sa a anvan, nan lòt dosye enpòtan, sa teka evite peyi d Ayiti tonbe nan plis tyouboum. Se konsiderasyon òganizasyon politik Inyon patriyòt Maryen (Ipam) sou AlterPresse ak AlterRadio (Son ansyen depite Hugues Celestin, youn nan dirijan Inyon patriyòt Maryen (Ipam).

Nan yon pozisyon tèt ansanm semenn pase, plizyè òganizasyon nan gran Nò peyi d Ayiti mande met sou kote Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles, 3 konseye prezidan Inite lit kont koripsyon (Ulcc) sispèk, ki ta nan konfyolo koripsyon avèk ansyen prezidan konsèy administrasyon Bank nasyonal kredi a Raoul Pascal Pierre-Louis.

Bon jan aksyon kont lavi chè a. Desann pri gaz la ak regle nan bon kondisyon komès gaz sou teritwa nasyonal la. Retire ganstè nan leta a, ki anba ponyèt Pati ayisyen tèt kale a / Phtk ak alyansáy li yo, k ap fè mannigans anfavè politik gang ak ekonomi kriminèl, depi plizyè lane. Tabli bon jan zouti, ki ka ride goumen kont gang ak zam ak tout sektè k ap kore yo, ki ka ride goumen tou tout fòm ekonomi kriminèl ak prejije nan fason y ap distribye richès nan peyi a. Met estrikti klè, ki ka bay yon vrè Konsèy elektoral pwovizwa popilasyon an ka fè konfyans. Se plizyè rekòmandasyon òganizasyon nan gran Nò peyi d Ayiti yo fè, nan yon pozisyon tèt ansanm.

Masak jedi 3 oktòb 2024 la, gang ak zam Gran grif yo fè nan Pon Sonde a, depatman latibonit, montre aklè kouman lajan sèvis entelijans (siveye rapòte) Leta a (Konsèy prezidan pou tranzisyon an, biwo premye minis la, ministè enteryè ak ministè lajistis) pa itilize pou pwoteje popilasyon an. Se konsiderasyon Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh), ki lonje dwèt sou otorite trazisyon yo, ki kontinye ap pran lajan nan kès leta a, olye yo pran desizyon pwoteksyon popilasyon an kont tout kalte traka ak madoulè y ap sibi anba gang ak zam yo.

Otorite tranzisyon yo dwe pran tout dispozisyon pou rapousuiv, arete ak trennen douvan lajistis chèf gang Gran Grif Savyen yo, Luckson Elan, ak tout akolit li yo, ki masakre plis pase 70 moun, jedi 3 oktòb 2024 la, nan Pon Sonde.

Dwe gen pwogram asistans sikoloji ak bourad lajan, ki ka ride tout moun Pon Sonde ki pèdi tout sa yo te genyen, nan moman masak jedi 3 oktòb 2024 la. Konsè prezidan pou tranzisyon an ak biwo premye minis la ta dwe met lajan sèvis entelijans lan nan aksyon lapolis la, ki ka pèmèt lapolis la fè traváy li kòmsadwa. Se rekòmandasyon Rezo nasyonal k ap defan dwa moun yo (Rnddh).

Imaj vyolans, zak brital otorite Reoiblik Dominiken yo ap fè, sitou depi mwens pase yon semenn, nan depòtasyon gwo ponyèt migran natif ntal Ayiti yo, se zak ki pilonnen diyite moun, ki pase anba pye prensip entènasyonal dwa moun yo ki ekzije respekte diyite moun. Gouvènman ayisyen an ekzije respè ak jistis. Se deklarasyon sou kont X li minis zafè etranje Ayiti a, Dominique Dupuy.

Dominique Dupuy fè konnen li te di minis zafè etrannje Repiblik Dominiken an pozisyon gouvènman ayisyen an, kil anse yon kout rèl anmwe bay enstitisyon entènasyonal ki ge konpetans sou kozman sa a. Dupuy di tou gouvènman ayisyen an ap kontinye traváy ak patnè li yo, pou akeyi fanm ak gason migran yo, gouvènman dominiken an ap pouse do ak plis britalite, plis fòm gwo ponyèt nan jou sa yo.

Jan akò entènasyonal yo prevwa sa, otorite dominiken yo dwe respekte tout bon dwa fondamantal chak timoun, chak fanm, chak gason migran natif natal Ayiti, ki sou teritwa dominiken an. Se pozisyon sa a ministè zafè etraje peyi d Ayiti te pran jedi 3 oktòb 2024 la. Ministè zafè etranje peyi d Ayiti te di tou li pral prese prese ranfòse kapasite anbasad ak konsila li genyen yo, pou kapab pote asustans nan diyite bay fanm ak gason natif natal Ayiti yo, ki nan Repiblik Dominiken. Se deklarasyon ministè zafè etranje Ayiti sou desizyon gouvènman Luis Abinader pran, mèkredi 2 oktòb 2024 la, pou pouse do 10 mil san papye, chak semenn.

Ministè zafè etranje peyi d Ayiti fè konnen li pral reyini prese prese ak òganizasyon sosyete sivil ak ajans entènasyonal, ki travay sou zòn frontyè a, pou ka jwenn pi bon mwayen pou pote akonpayman nesesè bay moun ki konsènen yo.

Rezilta bakaloreya jiyè 2024 la montre pi fò elèv, ki te konpoze nan laplipa depatman peyi d Ayiti yo, pa pase. Se sèl pou depatman Nòdwès, Biwo nasyonal ekzamen leta yo (Bunexe) poko bay rezilta. [ppsf emb rc apr 07/10/2024 15:34]