Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Aksidan avyon Okay, gang ak zam asasinen ak bal anpil fanm ak gason nan Pon Sonde, ministè zafè etranje Ayiti ekzije otorite Repiblik Dominiken yo respekte dwa fondamantal migran natif natal Ayiti yo

Okay (Ayiti), 3 oktòb 2024 [AlterPtresse] --- Detan l te fèk kite aryopò Antoine Simon, Okay, depatman Sid, yon ti avyon ki te gen difikilte kraze, bò 1nè apremidi jedi 3 oktòb 2024 la, nan zòn Misèn, Okay la, ak 2 pilòt, ki te ladan yo, ki mouri la pou la. Se sa pwoteksyon sivil peyi d Ayiti konfime.

Youn nan pilòt yo rele Hans Codio Blaise, li mouri ak 46 lane sou tèt li. Li te fèt 15 mas 1978. Lòt la rele Guy Emmanuel Saint-Amour. Li mouri ak 56 lane sou tèt li. Saint-Amour te fèt nan dat premye avril 1968, dapre enfòmasyon disponib yo.

Anpil anpil moun mouri anba bal. Yon kantite lòt (nou poko gen chif ekzat yo) blese ak bal, nan yon nouvo atak gang ak zam Gran grif Savyen yo tanmen, depi 3zè dimaten, jedi 3 oktòb 2024 la, kont lokalite Pon Sonde, ant komin Sen Mak ak Lestè, depatman Latibonit.

Lopital leta Sen Nikola Sen Mak la debòde ak moun blse ak bal, y ap mennen vin pran swen. Se sa yon moun nan zòn nan, ki sou gwo chòk, rapòte bay AlterPresse ak AlterRadio.

Gang ak zam Savyen yo met dife tou nan plizyè kay nan Pon Sonde. Lavèy atak la, chèf gang Luckson Elan te fè pase yon mesay sou rezo sosyal yo, pou fè konnen l ap vin fè atak kriminèl ankò sou Pon Sonde. Se depi lane 2022, akoz laterè gang ak zam yo, anpil peyizan Latibonit koumanse gen difikilte pou al vann sa yo pwodui nan jaden nan Pon Sonde, ki konn gen gwo jou mache chak mèkredi ak chak samdi.

Jan akò entènasyonal yo prevwa sa, otorite dominiken yo dwe respekte tout bon dwa fondamantal chak timoun, chak fanm, chak gason migran natif natal Ayiti, ki sou teritwa dominiken an. Ministè zafè etranje peyi d Ayiti di li pral prese prese ranfòse kapasite anbasad ak konsila li genyen yo, pou kapab pote asustans nan diyite bay fanm ak gason natif natal Ayiti yo, ki nan Repiblik Dominiken. Se deklarasyon ministè zafè etranje Ayiti sou desizyon gouvènman Luis Abinader pran, mèkredi 2 oktòb 2024 la, pou pouse do 10 mil san papye, chak semenn.

Ministè zafè etranje peyi d Ayiti fè konnen li pral reyini prese prese ak òganizasyon sosyete sivil ak ajans entènasyonal, ki travay sou zòn frontyè a, pou ka jwenn pi bon mwayen pou pote akonpayman nesesè bay moun ki konsènen yo.

Pèsekisyon ak lòt zak maspináy dwa moun pral ogmante pi rèd sou fanm ak gason migran natif natal Ayiti yo sou teritwa dominiken an, avèk desisyon gouvènman Luis Abinader la pou pouse do 10 mil san papye, chak semenn, voye yo pa bò isit. Se avétisman sou AlterPresse ak AlterRadio platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr).

Douvan menas depòtasyon rapid rapid sa yo, Leta peyi d Ayiti ta dwe met estrikti ki pou akeyi kòmsadwa konpatriyòt, yo pral pouse do soti nan Repiblik Dominiken yo. Otorite Ayiti dwe degaje yo jwenn fòmil diplomasi, ki ka fè gouvènman dominiken an fè bak sou desizyon depòtasyon 10 mil migran chak papye, chak semenn nan. Fòk kominote entènasyonal la ak tout òganizasyon k ap defann dwa fanm ak gason migran yo leve lavwa kont pratik sa yo, k ap pase anba pye tout dokiman sou dwa fanm ak gason migran yo. Se rekòmamdasyon platfòm Garr.

Pa gen posiblite pou fanm ak gason migran natif natal Ayiti yo renouvle viza dominiken, yo genyen yo. Se pral yon katastwòf.

Desizyon gouvènman Luis Abinader la pral lakoz natif natal Ayiti, k ap viv nan Repiblik Dominiken pèdi tout sa yo genyen. Sa pral lakaoz pil ak pakèt zak maspináy dwa fanm ak gason migran yo san parèy. Nenpòt migran sa yo kapab sibi zak depòtasyon. Se gwoup ki bay tèt yo non « ultranationalistes dominiken yo » yo, k ap sèvi ak dosye migran Ayisyen yo pou regle zafè politik prejije/rasis yo. Nou dwe pran dispozisyon pou fòse otorite dominiken yo retounen sou desisyon rasis sa a. Se lòt konsiderasyon platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr).

Sa gen kèk semenn, gen plizyè moun ki te manifeste douvan Palè nasyonal dominiken an, nan Santo Domingo, kote yo te di si y opa natif natal Dominiken, Luis Abinader non plis, ki se desandan Arab, pa ta ka di li se Dominiken.

Deja, gen plizyè vwa ki krenn otorite Repiblik Dominiken yo pa kontinye pwofite pimpe Dominiken desandan Ayisyen vini sou teritwa Ayiti a. Gen kritik ki fèt tou sou pwojè Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo / Oim, ki tanmen, nan dat madi 17 septanm 2024 la, sa l rele Alo Enfo, pou ta pèmèt fanm ak gason migran Ayiti yo jwenn pyès idantie ak dokiman vwayáy. Èske pwojè sa a pa ta, yon fason oubyen lòt, ankouraje otorite dominiken yo deside pran dispozisyon pou pimpe, chak semenn, 10 mil san papye, yo ta jwenn sou teritwa dominiken an, pou vini sou teritwa Ayiti a ? Se kesyon k ap poze.

Epitou, se nan premye jou mwa oktòb 1937, sa gen 87 lane jodi a, dominiken te tanmen masak sou anpil apil fanm ak gason Ayisyen sou teritwa dominiken an. Se sa anpil anpil moun fè sonje.

Lang Kreyòl la, zouti rezistans pèp ayisyen an. Se tèm Akademi kreyòl ayisyen an (Aka) chwazi pou mwa lang ak kilti kreyòl oktòb 2024 la. Chita tande, woumble, konkou nan lang Kreyòl la, koudyáy kiltirèl, se kèk pami aktivite k ap fèt ant jedi 3 oktòb pou rive mèkredi 4 desanm 2024 lan.

Lang kreyòl ayisyen an, se yon zouti batay pou pèp lan. Se yon eleman ki rassanble popilasyon an. Se yon siman ki kole popilasyon an ansanm, pou rann li pi solid. Se dizon Akademi kreyòl ayisyen an (Aka).

Pakè tribinal sivil Pòtoprens lan dwe fè suivi san pèdi tan sou rapò ankèt Inite Lit kont koripsyon an (Ulcc), ki montre kouman koripsyon an ap taye banda nan pi wo nivo leta a nan peyi d Ayiti. Se rekòmandasyon rasanbleman òganis dwa moun Ansanm kont koripsyon sou AlterPresse ak AlterRadio

Rapò ankèt Inite lit kont koripsyon an montre ki jan 3 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon mele nan fè brigandáay ak lajan, ki la pou sèvis popilasyon an, Sa montre ki jan Smith Augustn, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles fè va sou leta a, pou jere enterè patizan ak enterè pèsonèl yo. Se lòt konsiderasyon Ansanm kont koripsyon sou AlterPresse ak AlterRadio.

Gen nesesite yon antant politik konsekan, ki ka anpeche vid nan tèt Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), apre rapò ankèt Inite lit kont koripsyon an sou konseye prezidan Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles, li sispèk ki mele nan koripsyon ak ansyen prezidan konsèy administrasyon Bank nasyonal kredi a (Bnc), Raoul Pascal Pierre-Louis. Se rekòmandasyon pati politik Mouvman patriyotik popilè desalinyen (Mopod) sou AlterPresse ak AlterRadio. [ppsf emb rc apr 03/10/2024 15:40]