Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Ulcc mande lajistis rapousuiv 3 konseye prezidan ak ansyen prezidan konsèy administrasyon Bnc a pou koripsyon, Cspj mande retire nan lajistis la 11 majistra-jij pou move konpòtman ak koripsyon, menas gang kont jounalis Widlore Merancourt

Pòtoprens, 2 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Nan yon deklarasyon pou laprès mèkredi 2 oktòb 2024 laa, Inite lit kont koripsyon (Ulcc) ekzije lajistis peyi d Ayiti rapousuiv 3 manm Konsèy prezidan pou ttranzisyon an (Kpt), Louis Gerald Gilles, Smith Augustin ak Emmanuel Vertilaire, plis ansyen prezidan konsèy administrasyon Bank nasyonal kredi a (Bnc) Raoul Pierre-Louis, poutèt li sispèk yo mele nan koripsyon.

Abi konfyans, pran lajan anba tab, asepte zak koripsyon san pa fè anyen kont sa, se divès akizasyon Inite lit kont koripsyon fè sou Louis Gerald Gilles, Smith Augustin ak Emmanuel Vertilaire, plis Raoul Pascal Pierre-Louis.

Inite lit kont koripsyon mande lajistis rapousuiv tou Lonick Leandre, yon konsil peyi d Ayiti nan Santiago de Los Caballeros – 2zyèm vil nan Repiblik Dominiken – li jwenn, ki te patisipe nan yon reyinyon, nan yon otèl Petyonvil, avèk 3 manm Kpt yo plis Raoul Pascal Pierre-Louis.

Okenn fanm ak gason, kèlkilanswa pòs yo okipe nan leta a, pa pi wo pase lalwa. Rapò ankèt sa a, se yon pledwaye pou tout moun fè bon jesyon ak byen sèvi ak lajan leta. Se yon siyal ki montre peyi d Ayiti, se yon leta ki chita sou lalwa. Se rezilta plizyè mwa travay ajan Inite lit kont korripsyon yo, sou eskandal koripsyon, kote 3 konseye prezidan ta mande Rapul Pierre-Louis 100 milyon goud pou yo ka kenbe l nan pòs prezidan konsèy administrasyon Bank nasyonal kredi / Bnc. Se konsiderasyon Inite lit kont koripsyon / Ulcc, ki di l pran angajman pou kontinye rapousuiv tout sila ki nan koripsyon.

Konsèy siperyé pouvwa lajistis la (Cspj) deside retire nan sistèm lajistis peyi d Ayiti a 11 majistra-jij, poutèt li jwenn yo mele nan sa k pa sa, pou konpòtman ki pa onèt, ki pa respekte prensip ak moralite, poutèt yo pran lajan anba tab, yo dechèpiye moun, vòlò tè ak konfyolo ak gang ak zam. Men, Cspj bay 24 majistra-jij bon nòt, pou bon konpòtman yo genyen nan lajistis la.

Konsèy siperyè pouvwa lajistis la pran desizyon sa yo, sou baz rekòmandasyon yon komisyon teknik, ki anchaje gade travay majistra-jij yo, fè l pandan 3 jounen retrèt ant lendi 23 pou rive mèkredi 25 septanm 2024 la. Se sa Konsèy siperyè pouvwa lajistis la fè konnen.

Òganizasyon Komite pwoteksyon jounalis yo denonse menas chèf gang Jimmy Cherizier « barbecue » ap fè sou jounalis Widlore Merancourt, ki se chèf redaksyon medya AyiboPost.

Nan yon videyo li fè soti mèkredi 25 septanm 2024 la, chèf federasyon gang ak zam Viv ansanm yo, Jimmy Cherizier « Barbecue », di jounalis Widlore Merancourt yon machin kapab vin frape l, pandan l ap benyen. Jounalis Widlore Merancourt, ki kolabore toua k jounal ameriken Washington Post, fè konnen li gen lakrentif pou sekirite l. Menas Cherizier kont jounalis Widlore Mefrancourt vini apre yon atik AyiboPost sou 2 jounalis Reuters ki te bay Jimmy Cherizier kado, tankou kagoul ak boutèy alkòl.

Konfrè jounalis Widlore Merancourt mande gouvènman peyi d Ayiti a ak patnè entènasyonal li yo asire pwoteksyon tout jounalis nan peyi d Ayiti, met bout nan enpinite epi pran dispozisyon pou tout sila, ki komèt move zak yo, kapab reponn de zak yo fè yo.

Lè yon jounalis resevwa oswa bay yon chèf gang kado, jan 2 jounalis Reuters yo te fè l lan pou Jimmy Cherizier, yo te bay kagoul, boutèy alkol, gen yon gwo pwoblèm prensip ak moralite. Se koripsyon, se manipilasyon ki vin mete dout sou kalte travay jounalis lan. Se avetisman jounalis Ives Marie Chanel ak espesyalis nan kominikasyon Wisnique Panier sou AlterPresse ak AlterRadio Yo lonje dwèt sou konpòtman yon seri swadizan jounalis, k ap voye flè pou chèf gang ak zam yo.

Se fanm ak gason ki gen konpòtman onèt, doubout, san paspouki ni manke melanj, ki bay efòmasyonn yo verifye, ki fè metye jounalis. Se lòt avétisman jounalis Ives-Marie Chanel ak espesyalis nan kominikasyon wisnique Panier bay sou AlterPresse ak AlterRadio. Ou ka li refleksyon yo nan espas entènèt AlterPresse).

Pou mwa septanm 2024 la, gen plizyè moun lapolis la sispèk kòm bandi, ki tonbe nan boukantay kout zam ak lapolis nasyonal la. Lapolis nasyonal la sezi plizyè zam, bal ak lòt batanklan nan mwa septanm ki sot pase a. Se yon ranmase lapolis nasyonal d Ayiti sou mwa septanm 2024 la.

Sou baz plan espesyal, lapolis nasyonal la di li pran tout dispozisyon pou garanti sekirite elèv lekòl yo, paran, pwofesè, responsab ak lòt pèsonèl lekòl yo, ak alantou lekòl yo, pandan ane lekòl 2024-2025 la, sou tout teritwa Ayiti a.

Mèkredi 2 oktòb 2024 la, minis zafè etranje a Dominique Dupuy pa reponn konvokasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) te fè l, pou l vin bay esplikasyon sou pwoblèm ki te parèt nan patisipasyon delegasyon Ayiti a nan 79vyèm sesyon Asanble jeneral Nasyon zini yo, semenn pase.

Premye minis Garry Conille te mnde ranvwaye chita pale ak Kpt a pou vandredi 4 oktòb 2024 la, dapre enfòmasyon disponib yo.

Nan lèt konvokasyon an, Kpt a te mande Dominique Dupuy vini ak kopi lèt, ki arevwa ak demann chita pale li te fè pou Kpt a, plis lèt ki konsènen pwoteksyon manm delegasyon Ayiti a, ki ta pral patisipe nan 79vyèm Asanble jeneral Nasyon zini yo. [ppsf emb rc apr 02/10/2024 15:25]