Kominike Solidarite fanm ayisyèn – Sofa nan okazyon 15 oktòb Jounen Entènasyonal Fanm riral
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 14 oktòb 2024
15 oktòb Jounen Entènasyonal Fanm riral. Branch Fanm Peyizan Solidarite Fanm Ayisyèn-SOFA deside poze pwoblèm sekirite a ki soti pou dwetwi tout ti lavi ki tap boujonnen nan jaden peyizan yo !
SOFA pwofite nan okazyon dat sa a denonse ak tout fòs pwòjè lanmò malfwa yo ap maniganse sou peyia, pou derasinen tout ti boujon lavi malere ak malerèz yo plante.
SOFA denonse tout fòs reyaksyonè nan divès sektè (boujwazi, politik, entèlektyèl) nan peyi a ki mete ansanm pou chanje chak fwi ki te konn donnen nan jaden peyizan an pwazon lasini, zàm ak bal pou pete fyèl fanm yo ak popilasyon an.
Lè nou konsidere gang lage toupatou tankou pichon ki detwi tout pwodiksyon peyizan fanm kou gason.
Lè nou konsidere jaden diri nan latibonit ranplase pa gren bal bandi, jaden kann nou yo ranplase pa zàm manch long.
Lè nou konsidere konsè ti zwazo yo ranplase pa chan katouch nan chak kwen peyi a.
Lè nou konsidere tikal pwodiksyon ki sove a paka al vann okenn kote, madan sara yo paka fè wonn pòt. Nou pran nan pèlen. Yo fèmen nou nan kaj leta boujwa ak enperyalis te pare pou mete nou an. Anwo pa monte anba pa desann!
- Fanm peyizan yo mande kote zòrèy KPT a ye? Kote zòrèy PM Conille ye ?
- Kote zòrèy minis jistis la ye? Kote zòrèy direktè lapolis la ye?
- Pou kisa yo pa janm tande RÈL FANM PEYIZAN ?
- Pou kisa fòs miltinasyonal la te vini ?
- Pou kisa wout yo toujou bloke epi gang yo pa janm chanje adrès ?
- Ki desizyon ki pran sou desten timoun ki nan lari yo?
- Ki desizyon ki pran pou moun ki kite lakay yo retounen?
- Kote souvrènte alimantè a?
- Kouman pitit peyizan yo, madan sara yo, prale lekòl kisa yap manje?
Kesyon nou yo anpil, men kilès kap reponn nou, pouvike tout dirijan yo soud ak avèg?
Li lè, li tan pou nou gonfle fòs nou pou chanje modèl otorite pwograme sa yo ki nan tèt peyi a, pou nou mete nou dakò sou yon pwojè sosyete ki ap pote lavi ak lespwa pou peyizan fanm kou gason, pou nou gen dirijan ki dakò envesti nan relve ekonomi an, ki sansib pou popilasyon an ak teritwa a. Dirijan ki dakò sibvansyone agrikilti pou nou sispann manje diri pwazonnen ak zagribay ki soti nan lòt peyi. Dirijan ki pap pwonmennen resous peyia bay blan, ki konnen tè d AYITI pa donen zàm ni dròg.
Nan sans sa a, SOFA lanse apèl bay tout peyizan, fanm kou gason, rete vijilan, kontinye òganize, ranfòse òganizasyon nou, pou peyi a rive gen yon leta k ap aji nan enterè peyizan ak pèp la anjeneral. Pou yo sispann masakre peyizan nan 4 kwen peyia. Pou gen leta pou defann nou, pwoteje nou, ankadre nou. Se noumenm pèp fanm kou gason ki dwe chèche tout mwayen pou retire peyi a anba grif malfwa sa yo.
LIT FANM NAN SE LIT TOUT MAS PÈP LA !
Mergina Fleurismat
Kòdonatris Jeneral SOFA
Consulter sur AlterPresse : https://www.alterpresse.org/spip.php?article30974
