Se avèk plezi n ap envite nou li ti chita ekri sa a Jacques Pierre (JP) te fè ak Renauld Govain (RG) sou chimen RG fè pou li vin doktè nan lengwistik, sou sitiyasyon lang kreyòl la nan peyi a ak sou travay akademik li. RG te esplike nou misyon Fakilte Lengwistik Aplike genyen nan fòme bonjan lengwis pou dekri fonksyonnman lang lan, pwodui epi fè rechèch ladan tou. Pou fini, RG te pataje lide li ak nou tou sou ki jan pou lang kreyòl la pran plas li nan sistèm edikasyon an tout bon vre pou nou rive gen yon sistèm lekòl san fòs kote lengwistik.
Yo transmèt entèvyou sa a bay AlterPresse 4 oktòb 2024. Li fèt nan okazyon mwa lang kreyòl la ki selebre an okòb
JP : Nan de twa mo, èske ou kapab pale nou sou chimen ou fè soti etidyan pou rive dwayen Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) ?
RG : Mèsi pou premye kesyon sa a. Se avèk plezi mwen ap fè ti echanj sa a ak ou. Mwen espere mwen va reponn kesyon ou yo nan yon dimansyon ki kapab enterese piblik ou a epi ki va konble atant ou jiska yon sèten degre.
JP : Ak plezi.
RG : Mwen antre nan FLA kòm etidyan nan lane 1996. Mwen boukle katriyèm ane lisans mwen an 2000. Nan menm ane 2000 sa a mwen entegre fakilte a kòm teknisyen estajyè pou ansèyman fransè, pami lòt aktivite. Mwen pousuiv etid dezyèm sik mwen nan syans langaj ak fransè lang etranje (FLE). Mwen prepare 2 metriz sa yo ansanm e mwen soutni tou de memwa pou boukle etid sa yo ansanm, yon menm jou : lendi 27 jen 2005. Apre sa, mwen fè yon DEA (diplòm etid apwofondi) an 2006 nan syans langaj / didaktik lang. Mwen soutni yon tèz doktora an 2009 nan syans langaj. An 2022, mwen soutni yon abilitasyon pou dirije rechèch, diplòm ki gen ti non jwèt li « HDR » (pou ‘habilitation à diriger des recherches’) an fransè. Mwen vin dwayen FLA a an 2016 pou 4 lane. An 2020, mwen eli pou yon dezyèm manda ki ap fini nan finisman ane 2024 la. Mwen estime mwen pa dwe kandida pou yon twazyèm manda. Mwen pwofite remèsye kòlèg pwofesè mwen yo, etidyan avèk manm pèsonèl administrasyon fakilte a ki envesti konfyans yo nan mwen, ki vote mwen nan de okazyon youn suiv lòt. Kounye a, se tou pa mwen pou mwen vote yon lòt kòlèg ki pou vin dirije enstitisyon an pou 4 pwochen ane ki pral vini la yo.
JP : Pandan 8 lane ou gen kòm dwayen enstitisyon an, ki jan FLA, anba direksyon w ak ekip travay ou a, fè etid sou lang kreyòl la vanse pi douvan ?
RG : Pandan peryòd mwen fè kòm dwayen an etid sou lang kreyòl fè yon bon pa an avan. Mwen pa ta kapab fè sa poukont mwen. Mwen benefisye konkou kòlèg yo e menm etidyan pou sa. Men, genyen anpil travay ki rete pou fèt ankò. Paske, an reyalite, manke rechèch nan inivèsite an Ayiti nan domèn lengwistik e nou kapab obsève menm pwoblèm nan nan lòt syans yo tou. Nou genyen yon laboratwa rechèch nan FLA a, ki rele LangSE (Lang, Sosyete, Edikasyon) ki ofri kòlèg lengwis yo yon espas refleksyon, rechèch ak piblikasyon. LangSE fonde an 2014, 2 lane anvan mwen eli nan dekana a. Plizyè rechèch ak piblikasyon fèt nan kad laboratwa a. Pa egzanp, nou òganize yon joune etid an 2015 ki mennen nou nan piblikasyon yon liv kolektif sou direksyon mwen sou tit « Le créole haïtien : description et analyse » (L’Harmattan, 2017). Pwofesè Rochambeau Lainy òganize an 2017 yon kòlòk entènasyonal sou tèm « L’analogie dans le processus de lexicalisation et de sémantisation en créoles guadeloupéen, guyanais, haïtien et martiniquais ». An 2018 li pibliye yon ouvraj kolektif sou menm tèm nan la nan edisyon Lambert-Lucas (2018). Nou òganize yon kòlòk entènasyonal an 2018 ki mennen nou nan piblikasyon yon liv kolektif sou direksyon mwen ki gen tit « Langues créoles : description, analyse, didactisation et automatisation. Hommage à Yves Dejean et à Pierre Vernet », nan Presses universitaires de la Méditerranée nan Inivèsite Paul-Valéry, Montpelier 3. An oktòb 2023, pwofesè Moles Paul òganize yon jounen etid sou tèm « Kreyòl ayisyen : istwa, evolisyon, gramè ak leksik ». Yon liv kolektif an preparasyon pou soti nan kad jounen etid sa a sou direksyon menm pwofesè a. Pandan manda sa a, fakilte a akonpaye plizyè kòlèg nan preparasyon plizyè tèz doktora pami yo 3 pote sou deskripsyon sou lang kreyòl la : An 2021, pwofesè Moles Paul soutni yon tèz ki pote tit « Les modalités du futur en créole haïtien » ; an 2023, pwofesè Junior Fils René soutni yon tèz ki titre « Alternance forme courte / forme longue en créole haïtien » ; Madam Mideline Dragon pral soutni yon tèz ki titre « L’expression de la comparaison en créole haïtien ». Gen 3 lòt tèz sou kreyòl ayisyen ki an preparasyon ki dwe soutni ant youn al pou de zan. Mwen evoke tèz doktora ki pote sou kreyòl sèlman. An 2022, LangSE kreye revi Rechèch Etid Kreyòl (REK), yon zouti pou piblikasyon rechèch sou analiz ak deskripsyon kreyòl ayisyen ak nenpòt lòt kreyòl yo pratike sou latè. REK deja pibliye 2 nimewo e twazyèm nan an preparasyon, li pa lwen parèt.
JP : Gen anpil konpatriyòt ki toujou ap di “anpil moun k ap defann kreyòl pa mete pitit yo nan lekòl ki vreman gen kou kreyòl oswa yo pa vreman pale kreyòl ak pitit yo lakay yo” Ki dizon w sou sa ?
RG : Jodi a reyalite a diferan sou plan sa a. Gen plizyè lane depi pa gen lekòl ayisyen ki pa anseye kreyòl. Anpil nan yo se pa renmen yo renmen anseye kreyòl la non. Se paske kreyòl la vin yon matyè obligatwa nan egzamen ofisyèl ni nan 9èm ane, ni nan tèminal. Yo oblije anseye li. Mwen p ap jije yon moun ki ap defann kreyòl epi ki ta mete pitit li nan lekòl kote yo entèdi kreyòl paske 1. an Ayiti, sa rete yon chwa pèsonèl selon kapasite sosyo-ekonomik moun nan ; 2. Leta pa jwe wòl kontwòl li pou fè respekte pwogram li mete a dispozisyon tout lekòl nan peyi a dapre kourikoulòm li devlope, dapre lespri refòm edikatif li te lanse an 1979 la ak lòt mezi kourikilè li te pran apre li fin konstate refòm nan pa aplike jan yo te dwe fè sa. Men, mwen klè sou konviksyon pa mwen kòm defansè lang kreyòl : mwen p ap enskri pitit mwen nan yon lekòl nan peyi d Ayiti ki refize anseye kreyòl. Plis pase yon ipokrit, mwen t ap yon demagòg si mwen ta mete pitit mwen nan yon lekòl ki refize anseye kreyòl e si mwen pa ta pale kreyòl ak li. Pitit mwen dwe pale ni kreyòl, ni fransè.
JP : Pale nou sou yonn nan chanjman oswa inovasyon ou pote pandan manda pa w la nan FLA ?
RG : Mwen dirije FLA a nan yon peryòd ki difisil anpil: soti nan konsekans goudougoudou janvye 2010 la ki te kraze FLA a plat atè, pase nan esperyans gwo blokaj politik peyi a ki pral debouche sou inogirasyon move esperyans peyi lòk la pou akouche fèmti Pòtoprens ki kòmanse nan mwa jen 2021 pou rive sou peyi fèmen an 2024 la (an reyalite, se kounye a nou nan peyi lòk). Peryòd sa a plis kontrenn yon dirijan enstitisyon ki ap fonskyone Pòtoprens (pa FLA sèlman) jere ijans chak jou pou rive fonksyone. Malgre sa, nou rive fè kichòy nou kapab enskri nan kad chanjman oswa inovasyon. Youn nan yo se kreyasyon revi Rechèch Etid Kreyòl (REK) ki, jan mwen presize li deja, ofri yon espas piblikasyon rechèch sou analiz ak deskripsyon kreyòl ayisyen ak nenpòt lòt kreyòl yo pratike sou latè. Mwen ta kapab evoke divès manifestasyon syantifik ki mennen nan divès piblikasyon kolektif. Men, se gras ak kolaborasyon plizyè kòlèg sa yo rive posib. Se yon travay kolektif. Sitiyasyon difisil yo pa anpeche FLA amelyore imaj li ak reyònman li sou plan nasyonal ak entènasyonal.
JP: Anpil moun nan peyi a toujou wè FLA kòm yon enstitisyon kote moun vin aprann/etidye oswa travay sou kreyòl, èske ou kapab presize pou nou jodi a ki kalite zouti pedagojik/didaktik yon etidyan ranmase lè li fini nan FLA ?
RG : Anpil moun panse FLA se yon enstitisyon kote moun vin aprann anpil lang apre yo fini lekòl klasik epi aprann pou vin maton nan lang kreyòl la nan tout dimansyon fonksyònman li. Sa fè anpil moun konn bay FLA ti non « Fakilte kreyòl » la. Yon fakilte lengwistik pa yon enstiti lang. Sa vle di se pa yon kote moun al aprann lang, menm si yo kapab anseye lang ladan, pa egzanp, nan FLA, yo anseye plizyè lang tou. Men, yon fakilte (yo ta gen dwa rele li sant oswa enstiti) lengwistik se yon enstitisyon kote, prensipalman, yo aprann moun yon disiplin syantifik yo rele lengwistik. Lengwistik antre nan kategori syans moun, li devlope yon rapò sere avèk syans langaj. Misyon prensipal lengwistik se etidye ak dekri lang sou tout fòm (oral ak ekri) nan tout konpozan li tankou sentaks, semantik, fonetik/fonoloji, mòfoloji… Lengwistik la enterese nan etid kèk disiplin ki konekte ak li tankou pragmatik, sosyolengwistik, sikolengwistik, newolengwistik, e latriye. Kòm FLA se yon fakilte lengwistik aplike, an plis zouti pou dekri ak analize lang nan dimansyon oral ak ekri, li ede etidyan yo devlope zouti pou aplike done oswa prensip lengwistik yo nan kèk domèn pratik tankou tradiksyon, ansèyman lang, kominikasyon, alfabetizasyon, laprès, e latriye. Sa vle di lè yon etidyan fini nan FLA, li gen zouti ki pèmèt li evolye nan domèn didaktik ki pou fasilite li devlope materyèl pou ansèyman kreyòl kòm lang matènèl oswa kòm lang etranje, fransè kòm lang segonn oswa kòm lang etranje ou menm anglè ak espànyòl kòm lang etranje. Li kapab devlope materyèl didaktik pou akonpaye ansèyman lang sa yo, men tou li kapab devlope metòd ak apwòch pedagojik pou byen akonpaye aprenan yo. FLA bay etidyan yo zouti tou pou yo travay nan domèn laprès, kit se nan radyo, kit se nan près ekri oswa nan medya elektwonik.
JP : Dapre ou menm, ki wòl yon lengwis nan yon sosyete, espesyalman nan sosyete pa nou an ? E ki jan fòmasyon FLA a prepare nouvo lengwis yo pou yo gen enpak sou sosyete y ap viv ladan an ?
RG : Wòl yon lengwis nan yon sosyete gen yon karaktè pliryèl. Li depann de espesifisite lengwistik sosyete a. Ou byen fèt mete aksan sou sosyete pa nou an, Ayiti. Premye wòl yon lengwis nan yon sosyete se obsèvasyon. Obsèvasyon an ap pèmèt li idantifye epi anrejistre pratik lengwistik lokitè yo, chèche konprann yo, analize yo an relasyon avèk mekanis lengwistik fonksyònman global lang nan epi enfòme sou tout iregilarite li ta obsève nan pratik lang nan. Kominikasyon enfòmasyon sa a kapab pran plizyè fòm : konferans nan divès enstitisyon, emisyon nan radyo, nan televizyon oswa nan medya an liy, piblikasyon atik vilgarizasyon nan laprès oubyen sou blòg prive ki dedye pou vilgarizasyon, atik nan revi syantifik, chapit nan ouvraj kolektif… Èske se pratik lengwistik ki gen pou wè avèk kreyòl sèlman ki dwe enterese lengwis ayisyen an ? Repons lan se non. Lè nou pale de pratik lengwistik kominote a, nou wè tout kalite lang ki patisipe nan pratik lengwistik nou obsève yo. Nan sans sa a, lengwis la tou kapab gade ki mòd rapò kreyòl la etabli avèk fransè ou menm anglè ak espànyòl nan pratik lengwistik kominote a. Èske jan yo oryante pratik lengwistik yo respekte dwa lengwistik lokitè yo? Kòman yo sèvi avèk lang yo nan enstitisyon yo, an patikilye nan lekòl ? Sa se kèk lide sou wòl yon lengwis ayisyen, men se pa sa sèlman ki antre nan misyon li ki pi laj pase sa.
Pwogram fòmasyon FLA a fasilite lakay etidyan yo devlopman lespri kritik ak obsèvasyon avize sou fonksyònman pratik lengwistik lokitè yo nan kominote a. Pwogram sa a pran reyalite (sosyo-)lengwistik peyi a an konsiderasyon. Li fè sa ni nan premye sik (lisans nan lengwistik oswa nan tradiksyon), ni nan dezyèm sik (mastè nan lengwistik teyorik e deskriptif). FLA ofri yon fòmasyon ki pèmèt nou devlope yon sitwayen ayisyen ki pare pou envesti sa li aprann nan fakilte a nan devlopman peyi a epi fasilite amoni nan fonksyònman sosyete a nan benefis chak grenn sitwayen.
JP : An jeneral, se nan ki lang majorite kou yo fèt nan FLA ? Èske enstitisyon an pibliye nòt/avi li yo nan 2 lang yo (kreyòl ak franse) oswa nan yon sèl, pou ki sa ?
RG : Nan dènye ane sa yo, pwofesè ak etidyan FLA a sèvi avèk tou de lang yo nan entèraksyon yo nan kou. Men, yo plis itilize kreyòl la. Dapre sa mwen obsève, nou plis pale kreyòl nan kou yo, egzamen yo bay pi souvan an fransè. Men, gen plizyè kou ki fèt an kreyòl sèlman. Pèsonèlman, pi souvan, mwen konpoze tèks egzamen mwen an fransè, menm si etidyan ki vle konn reponn an kreyòl. Men tou, pafwa, mwen konn mete kèk kesyon kreyòl e kèk kesyon an fransè. Lè kon sa, yo dwe reponn kesyon ki an kreyòl yo an kreyòl epi sa ki an fransè yo an fransè.
Avan ane 2018, FLA te abitye pibliye avi avèk anons li yo an fransè sèlman, se kèk ra fwa li te konn pibliye nòt ak avi an kreyòl. Men, depi 2018, nou pibliye yo nan 2 lang yo. Sa konn rive tou nou pibliye yo an kreyòl sèlman oubyen, pi raman depi 2018 la, an fransè sèlman. Nou pran desizyon sa a pou nou pi pwòch reyalite diskou nou sou pratik lang yo ak ansèyman nou ap ofri nan fakilte a.
JP : Pou jounen 28 oktòb ane sa a, ki sa FLA konte fè pou selebre jounen lang kreyòl
la ?
RG. Pou jounen entènasyonal lang (ak kilti) kreyòl ane 2024 sa a, FLA ap òganize de prensipal aktivite an liy. Nou oblije anvizaje yo an liy paske 1) moun ki di yo kouri anba grif bandi ki ta gen tan touye plizyè nan yo okipe lokal fakilte a depi 9 mas pase a. Yo plis pase 1200 alòske nou pa gen kapasite pou akeyi plis pase 200 etidyan alafwa ; 2) sitiyasyon ensekirite a toujou pa chanje nan Pòtoprens. Gang yo toujou ap galonnen jan lide yo di yo epi 9 konseye-prezidan ak kabinè yo chak ki genyen yon dizèn manm, yon premye minis ak kabinè ministeryèl li ki genyen yon ventèn minis ak kabinè patikilye yo chak ap fè sa lide yo di yo sou ti sa trezò piblik la genyen ki pou ta ede nou mete Fakilte Medsin, Fakilte Dwa ak Syans ekonomik, Fakilte Agwonomi, Fakilte Odontoloji, Fakilte Lengwistik Aplike … nan eta pou yo ta kòmanse resevwa etidyan. Mwen ta ka raple Fakilte Lengwistik pa ko janm rekonstwi apre goudougoudou 2010 la.
De aktivite sa yo nou ap òganize pou selebre jounen entènasyonal lang kreyòl la se : 1. yon konferans avèk pwofesè Salikoko S. Mufwene sou teyori emèjans kreyòl yo. Li ap fèt vandredi 18 oktòb ; 2. yon jounen etid ki ap trete tematik rapò lang ak idantite. Li ap fèt vandredi 25 oktòb la. Ap genyen yon douzèn entèvansyon nan jounen sa a. Se pwofesè Moles Paul ki responsab pwogram Mastè nan lengwistik teyorik e deskriptif FLA a ki ap kowòdone de aktivite sa yo.
JP : Pou ou menm k ap suiv evolisyon lang kreyòl la sou teren an, ki pwogrè ou wè ki fèt, espesyalman nan materyèl didaktik ki disponib pou anseye lang lan epi sou plan rechèch tou ?
RG : Jodi a, kreyòl ayisyen an fè anpil pa an avan pa rapò ak lè mwen te lekòl. Mwen pa tande diskou « kreyòl pa lang » nan ankò, ni istwa senbòl yo te konn bay elèv yo siprann ap pale kreyòl nan klas. Donk, yo pa pini elèv ki ap pale kreyòl nan lekòl la ankò. An plis, kreyòl la vin plis envesti nan domèn ansèyman kote yo elabore plis liv nan lang nan. Pa egzanp, pwojè « liv inik » minis Nesmy Manigat te lanse an 2021 an ap fè chemen li. Se yon mànyèl ki genyen 5 liv: kominikasyon kreyòl, kominikasyon fransè, matematik, syans sosyal ak syans esperimantal. An wetan liv kominikasyon fransè a ki an fransè, tout liv sa yo ekri an kreyòl. An plis, sik segondè a anseye kreyòl nan yon dimansyon avanse nan tout 4 ane sik la. Se vre, nou gen dwa poze kesyon sou kalite didaktik mànyèl yo, men yo redije an kreyòl. Nan domèn rechèch, nou konstate gen jefò ki fèt tou. Pa egzanp, laboratwa rechèch LangSE (Lang, Sosyete, Edikasyon) ki baze nan FLA kreye an 2022 yon revi syantifik Rechèch Etid Kreyòl (REK) ki dedye pou piblikasyon rechèch an kreyòl. An plis, plizyè kòlèg pwopoze atik an kreyòl nan revi frankofòn ki asepte pibliye yo, menm si majorite pa (ko?) asepte pibliye atik ki redije an kreyòl. Tèz doktora ki fèt nan kad FLA yo, menm si kòlèg yo prepare li nan yon inivèsite fransè, prezante yon vèsyon kreyòl rezime a, menm jan li prezante yon vèsyon anglè.
JP : Pou fini, èske ou kapab pale ak MENFP sou ki travay yo ta dwe fè pou bay lang lan plas li merite nan sistèm lekòl la soti nan ti klas yo rive jous nan inivèsite ?
RG : Kòm enstitisyon ansèyman siperyè ak rechèch, otorite FLA a oswa chèchè nan FLA a ki travay sou deskripsyon ak analiz kreyòl la epi sou aspè didaktik ak pedagojik lang nan byen plase pou diskite avèk MENFP, konseye li sou enplikasyon kreyòl (oubyen fransè) nan kad nenpòt aksyon politik edikatif ki gen rapò avèk esperyans lengwistik peyi a. Malerezman, an Ayiti, pèsonn pa sanble janm mezire enpòtans inivèsite genyen nan aksyon politik piblik ki dwe devlope pou peyi a avanse nan meyè direksyon. Depi mwen dwayen nan FLA, malgre tout pwoblèm ou konnen edikasyon an ap viv nan peyi a, mwen pa ko janm resevwa yon envitasyon enstitisyonèl ki mande FLA enplike nan yon refleksyon estriktirèl sou aspè lengwistik nan edikasyon an. Sa konn rive mwen resevwa envitasyon MENFP pou entèvni pèsonèlman oswa deziye yon kòlèg pou patisipe nan yon aktivite. E lè sa a, se pa yon envitasyon pou ou livre yon avi espè nan kad yon refleksyon estriktirèl. Se toujou pou di sa ou panse sou yon desizyon yo deja pran oswa yon dokiman ki deja elabore. Epi se lè ou rive nan aktivite a yo mete dokiman an devan ou nan yon mache-prese, jan nou konnen Leta peyi a fonksyone a. Nou pa ka rele sa konsiltasyon enstitisyonèl oubyen yon demann avi ekspè. Raman, MENFP kapab mande FLA pou li ba li yon avi sou yon liv li anvi mete nan lekòl. Men, se pa nan kad yon refleksyon estriktiran pou fè sistèm edikatif la vanse nan meyè direksyon.
Nan dènye ane sa yo, nou obsève ministè edikasyon nasyonal kòmanse konprann enpòtans lang matènèl nan eskolarizasyon aprenan yo. Ministè a pran plizyè mezi an favè kreyòl la, an patikilye avèk minis Nesmy Manigat. Pa egzanp, MENFP, avèk konkou UNESCO, anime yon refleksyon sou tèm Edikasyon miltileng ki chita sou lang matènèl: kreyòl. Yo fè sa a travè yon webinè soti novanm 2022 rive fevriye 2023. Se yon bon desizyon men, dewoulman deba yo fè mwen poze kèk kesyon : nan ki nivo MENFP atire enplikasyon pratisyen yo, chèchè yo nan pwosesis refleksyon an ? Èske desidè yo pare pou degaje mwayen tout kalite ki nesesè pou sa? Youn nan difikilte aplikasyon mezi yo se aspè ekonomik la : responsab yo pa toujou degaje mwayen pou akonpaye aplikasyon mezi yo. Ki politik fòmasyon anseyan MENFP vize pou aplikasyon nouvo mezi yo ? Kòman yo dwe marye apwòch ki chita sou konpetans ak politik edikatif ak lengwistik yo deja defini nan nivo ofisyèl nan sistèm nan? MENFP konsidere, avèk rezon, kreyòl kòm premye lang e fransè kòm dezyèm lang, men nan ki lòd li prevwa entwodui anglè ak espànyòl kòm lang etranje? Pran yon desizyon se byen, men byen oryante planifikasyon mizannèv desizyon sa a enpòtan anpil. Mwen pa sèten planifikasyon sa a byen fèt, responsab MENFP yo pa atire enplikasyon ak kolaborasyon aktif espè ki sou teren an, ki byen metrize done pratik yo.
Yon lòt kote, Kad oryantasyon kourikoulòm (KOK) MENFP [1] a deside entegre fransè kòm sèl lang ansèyman nan 5èm ane fondamantal (AF). Li te deja jwe wòl sa a nan 3èm AF bò kote kreyòl la pou kòmanse tranzisyon lang nan, firanmezi, kote tout aprantisaj yo ap fèt an fransè a pati 5èm AF.
Èske elèv yo ap kapab aprann tout kontni nan yon lang yo pa metrize? Pa bliye, se avèk lang ansèyman an yo sèvi pou fè tout sa ki dwe fèt nan klas la. An 5èm AF, non sèlman elèv yo pa ko devlope konpetans pratik an fransè ki pou pèmèt yo suiv tout kalite aktivite aprantisaj, men tou yo pa menm ko fin devlope konpetans metalengwistik yo an kreyòl ki pou fasilite opere kèk transfè an fransè oswa nan lòt lang. Yon chwa rezonab e rezone ki vize rezilta ta dwe sigjere entwodiksyon fransè kòm lang ansèyman/aprantisaj nan segondè kote ta genyen posiblite pou aprenan yo itilize fransè a nan tout sitiyasyon. E si nou byen konprann kontèks nou ye jodi a, yo ta kapab chwazi devlope konpetans lengwistik kay elèv pou suiv kèk kou an anglè ak espànyòl nan finisman sik segondè a. Sa konfòm avèk pwojè Edikasyon miltileng ki chita sou lang matènèl la. Edikasyon plirileng nan se alafwa yon konstriksyon e yon rezilta ki chita sou yon refleksyon kontinyèl ki dwe debouche sou yon kourikoulòm espesifik ki pran espesifisite aprenan yo ak milye kote yo ap viv la an konsiderasyon nan yon vizyon globalizassyon. Nan segondè, yo kapab chwazi anseye kèk matyè an kreyòl sèlman e kèk lòt an fransè sèlman.
Nan non tout moun ki te li entèvyou sa a, m ap di RG yon gwo mèsi pou tan li te pran pou li pataje tout enfòmasyon sa yo ak nou sou pakou akademik li, sou jesyon li nan FLA, e sou travay rechèch li tou. Felisitasyon pou tout sa ou akonpli nan domenn nan. Nou swete etidyan ki te gen chans suiv kou ou yo nan FLA te pwofite anpil de tout sa ou te pataje ak yo nan domenn nan. Mwen swete ou kontinye fè tande vwa w nan domèn lengwistik la nan kontinye pwodui bonjan atik an kreyòl ak franse pou tout moun ki enterese nan domèn nan va jwenn pawòl oral/ekri ki koule nan moul lasyans. Ou se yon enspirasyon pou tout yon jenerasyon.
Consulter sur AlterPresse : https://www.alterpresse.org/spip.php?article30974
[1] MENFP (2021), Cadre d’oN arientation curriculaire pour le système éducatif haïtien. Haïti 2054, Pòtoprens, MENFP.