Español English French Kwéyol

Repiblik Dominikèn : kondi machin ak senti sekirite, san telefòn selilè

Santo Domingo, 13 fevriye 2002 [AltèPrès] ---Tout chofè k ap kondi machin san senti sekirite epi ak telefòn selilè nan zòrèy yo, gen pou pase devan Tribinal sou sikilasyon, apati lendi 11 fevriye 2002 a an Repiblik Dominiken.

Se yon dispozisyon Otorite Metwopoliten Transpò Atè (AMET) pran depi semenn pase nan peyi vwazen Ayiti a, nan bi pou pwoteje lavi sitwayen ak sitwayèn nan Panyòl. AMET pa di anyen pou sa ki konsènen chofè motosiklèt k ap kondi san kas, kidonk san pwoteksyon pou tèt yo ak lavi pasaje yo pote.

Chofè k ap soti nan peyi d Ayiti dwe pran bon jan dispozisyon pou mete senti sekirite epi pa sèvi ak telefòn selilè nan zòrèy yo, lè y ap antre nan peyi Panyòl, pou evite kontravansyon. Se sou tout teritwa dominiken, dispozisyon AMET yo aplike apati 11 fevriye 2002 a.

Lendi maten, nan kapital Santo Domingo, moun te ka wè majorite chofè machin t ap suiv konsiy AMET yo, ki pa konsènen chofe machin ’’concho’’ ak otobis transpò pilik yo. Chofè machin ki pa gen senti sekirite dwe pran dispozisyon pou mete l, pou evite bouch louvri ak ajan sikilasyon yo, dapre potvwa AMET la kolonel Nelson Rosario.

500 peso, se kontravansyon y ap bay chofè yo jwenn san senti sekirite, alòske chofè k ap kondi avèk selilè nan zòrèy yo ap peye 25 pou 100 amann sou salè minimòm Repiblik Dominiken. Nan sektè prive a, salè minimòm nan varye ant 2,075 pou rive 3,415 peso dominiken, sa vle di 3,459 pou rive 5,692 goud, alòske nan sektè piblik la pi piti lajan moun touche se 2,114 peso, ki vle di 3,524 goud.

Kontravansyon sa yo antre andedan yon pakèt dispozisyon responsab sikilasyon nan Panyòl pou evite aksidan epi pou pwoteje lavi moun.

Se depi 1999, yo te soti lwa 114-99 ki pase men nan atik 161 lwa 241 sou sikilasyon nan peyi Panyòl. Men, yo te bay chofè yo yon delè yon lane pou yo konfòme yo.

Semen pase, moun te ka konstate gwo blokis nan avni 27 fevriye, youn nan pi gwo ri nan Santo Domingo, avèk kontwòl san rete ajan AMET yo t ap fè sou chofè machin yo. Ajan AMET yo te menm arete pyeton ki pa respekte regleman sikilasyon, ki t ap travèse kote ki gen entèdiksyon pou pyeton pase. Avèk otowout ki genyen nan Santo Domingo, yo konstwi pon pou pyeton ki pase anlè otowout yo.

Se vre, te gen bouch louvri avèk dispozisyon AMET yo ki ta vle maspinen chofè ak pyeton. Prezidan dominiken an kritike dimanch 10 fevriye a alatet AMET la, jeneral Pedro de Jesus candelier, ki sanble vle itilize yon estil gwo ponyet pou fè aplike lalwa.

"Mwen te di Candelier sa, fòk li dwat nan respekte regleman ak lwa yo, men li dwe soup pou l konprann pwoblèm sosyete a ak reyalite dominiken yo. Pafwa, jeneral Candelier gen yon estil ale yon ti kras twò lwen, fòk misye kontwole tèt li", dapre sa chèf leta dominiken an te presize bay Laprès.

Mejia te site ekzanp peyi Panama, kote yo te bay chofè yo yon delè 6 mwa pou mete senti sekirite nan machin yo pou tèt pa yo ak pasaje y ap pote, paske tout machin yo pa t gen senti sekirite.

Menm lendi 11 fevriye 2002, Santral Nasyonal Transpote Inifye mande otorite yo pou yo revoke jeneral Pedro de Jesus Candelier. Oganizasyon sa a te di sa nan yon manifestasyon yo te fe kanpe devan lokal enstitisyon ki anchaje zafe sikilasyon nan Dominikani. Yo repwoche alatet AMET la deske li ta ap komet zak gwoponyet sou chofe yo, sou prtes l ap aplike Lwa 241 sou sikilasyon. Yo di, yo dako pou respekte lalwa, men yo pa dako ak abi.

Divès dominiken AltèPrès te poze kesyon deklare li enpòtan anpil pou chofè yo suiv konsiy mete senti sekirite epi pa itilize telefòn selilè pandan y ap kondi.

Nan jou ki sot pase yo, AMET te tanmen yon kanpay sansibilizasyon pou esplike sitwayen ak sitwayèn yo poukisa yo dwe gen konpòtman kòdyòm sou volan machin yo, pou ka pwoteje tèt yo ak lavi lòt.

Depi telefòn selilè sonnen andedan yon machin, chofè a gen pou devwa kanpe machin nan, pou pale ak moun ki rele li a. Dapre jounal dominiken yo, lavant yon seri zouti pou mete telefòn selilè nan machin on ti jan ogmante nan kèk magazen avèk dènye dispozisyon sikilasyon yo.

Gen anpil peyi ki entèdi, depi lontan, chofè machin sikile san senti sekirite epi ak telefòn selilè nan zòrèy yo. An Ayiti, yo poko aplike yon seri dispozisyon konsa. Anpil moun abitye wè, nan lari Pòtoprens, kouman telefòn selilè ki vin alamòd anpil nan jou sa yo konn lakoz plizyè chofè bliye se sou volan machin yo ye. [RC AP 13/02/02 11:00]