Pòtoprens, 29 septanm 2024 [AlterPresse] --- Sou baz akizasyon konfyolo ak gang ak zam plis asosyasyon malfektè, lapolis nasyonal la fè konnen, vandredi 27 septanm 2024 la, li arete Marie Andre Nathalie Balaam, 41 lane, madanm chèf gang Belè a Kempès Sanon, ak Vanessa Sanon, 35 lane, yon sè Kempès Sanon
Nan Plato santral, lapolis nasyonal la arete semenn pase Mamion Saint-Germain, 47 lane, ak Djemps Fortune, 37 lane, ki te sove nan penitansye nasyonal koumansman mwa mas 2024 la.
Nan yon lèt yo voye bay prezidan Joe Biden, plis pase 60 senatè ak depite ameriken mande plis dispozisyon pou bloke trafik zam ak bal, k ap soti nan peyi Etazini pou antre vin simen laterè sou teritwa peyi d Ayiti a.
60 senatè ak depite ameriken yo mande depatman sekirite enteryè peyi Etazini a ride otorite peyi d Ayiti yo jwenn solisyon kont trafik zam ak bal, k ap soti nan peyi Etazini, malgre gen anbago pou zam ak bal pa antre nan peyi d Ayiti depi plizyè lane.
Ant mwa janvye pou rive septanm 2024 la, gang ak zam yo asasinen pou pi piti plis pase 3 mil 600 moun sou teritwa Ayiti a. Se yon ranmase Òganizasyon nasyon zini yo nan dat vandredi 27 septanm 2024 la
Okenn lòt moun pa dwe mouri ankò nan klima laterè gang ak zam yo. Dwe gen dispozisyon ki bloke trafik zam ak bal, ki kontinye ap rantre nan peyi d Ayiti, soti nan peyi Etazini pase nan Jamayik ak sou fwontyè Repiblik Dominiken yo. Se kout rèl wo komisè Nasyon zini nan zafè dwa moun yo, natif natal peyi Otrich Volker Turk.
Noumenmm otorite yo, n ap chèche jwenn sipò lòt peyi pou retabli sekirite a sou teritwa Ayiti a, ni sou waf Pòtoprens lan tou pou pèmèt bato fè ale vini san pwoblèm. Se pwomès prezidan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), Edgard Leblanc Fils, nan moman li retounen dimanch 29 septanm 2024 la nan peyi d Ayiti, apre l sot patisipe nan 79vyèm sesyon Asanble jeneral Nasyon zini yo, semenn pase
Se ant lendi 30 septanm pou rive madi premye oktòb 2024 la Konsèy sekirite Nasyon zini yo dwe deside sou pwopozisyon, pou ta fè fòs miltinasyonal la tounen pito yon misyon lapè Nasyon zini nan peyi d Ayiti. Jedi 26 septanm 2024 la, douvan Asanble jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo, Edgard Leblanc te mande pou fòs miltinasyonal la ta tounen yon misyon lapè Nasyon zini nan peyi d Ayiti.
Konsèy prezidan pou trazisyon an ak gouvènman tranzisyon an fè yon sèl, nan sèvis Leta ak peyi d Ayiti. Se lòt deklarasyon Edgard Leblanc Fils, sou bri k ap kouri ki ta lese konprann ta gen chire pit ant Kpt a ak gouvènman Garry Conille lan.
Disi mwa janvye 2025, k ap vini a, tout polisye peyi Kenya yo ta dwe fin deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal la, nan peyi d Ayiti. Se pwomès prezidan Kenya a, William Ruto, ki t ap pale, semenn pase, douvan Asanble jeneral Nasyon zini yo.
Pwoblèm ekipman, lajan ak lòt anpeche anpil peyi, sitou nan Karayib lan, respekte angajman yo te pran pou voye polisye ak militè andedan fòs mitinasyonal la sou teren an. Se lòt deklarasyon William Ruto nan Asanble jeneral Nasyon zini yo, semenn pase.
Sou 7 nan 10 depatman peyi d Ayiti yo, se depatman Nip ki bay plis rannman nan ekzamen ofisyèl bakaloreya jiyè 2024 yo, dapre rezilta Biwo nasyonal ekzamen leta yo (Bunexe) rann piblik semenn pase.
Avèk yon pousantay plis pase 60 pousan, depatman Nip bay plis elèv ki pase nan ekzamen bakaloreya jiyè 2024 yo, sou 7 nan 10 depatman peyi d Ayiti yo. Jisteman, depatman Nip bay plis pase 2 mil 600 ki pase, sou plis pase 3 mil elèv ki te konpoze. Nan depatman Plato santral, se sèlman plis pase 3 mil 800 elèv ki pase, sou plis pase 6 mil 600 ki te konpoze. Latibonit bay sèlman plis pase 3 mil 200 elèv ki pase, sou plis pase 11 mil 300 ki te konpoze. Grandans bay sèlman 700 elèv ki pase, sou plis pase 3 mil 600 ki te konpoze. Depatman Sid bay sèlman plis pase 5 mil 400 ki pase, sou plis pase 6 mil 300 jèn fi ak jenn gason ki te konpoze. Depatman Nò bay sèlman plis pase 5 mil 400 ki pase, sou plis pase 11 mil 600 ki te konpoze, Depatman Nòdès báy sèlman plis pase mil 500 elèv ki pase, sou plis pase 4 mill 400 ki te konpoze.
Vandredi swa 27 septanm 2024 la, otorite gwoup zile Bahamas yo fè konnen yo arete sou yon bato 32 gason ak 13 fanm migran natif natal Ayiti, ansanm ak yon fanm plis 2 gason natif natal gwoup zile Bahamas yo, ki t ap eseye fè 45 migran sa yo antre anbachal san papye sou teritwa Bahamas yo. [ppsf eb rc apr 29/09/2024 13:18]
