Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Kout rèl plizyè plimeyank, atis ak lòt pwofesyonèl sou anviwónman peyi a ki nan degraba, gwo kout zam ankò sou Channmas la, gang ak zam asasinen plis pase 3 mil 600 moun ant janvye pou rive septanm 2024

Pótoprens, 27 septanm 2024 [AlterPresse] --- Malè, ki pandye sou tèt popilasyon peyi d Ayiti a, avèk byen ki pou tout moun nan, anviwonman an, ki menase pou disparèt, lou anpil pase sa moun ta ka imajine. Move sitiyasyon agrikilti a, nenpòt ti lapli ki lakoz inondasyon, dlo ki desann ak anpil fòs, ki konn pote moun ale, kraze kay, jaden, wout elatriye, pwodui plastik ki anvayi tè ak dlo toupatou, ki se menas pou lavi moun, bèt ak plant… Se kèk pami yon lòt gwo kout rèl plizyè plimeyank, atis ak lòt pwofesyonèl sou anviwónman peyi d Ayiti a, ki kontinye ap depafini.

Akoz pye bwa n ap koupe san gade dèyè yo plis pakèt lòt dezòd n ap fè ak boulvès nou lakoz nan anviwónman an, tè yo kontinye kannale desann al nan lanmè. Malgre gen dispozisyon lalwa pou garanti tout espas pwoteksyon nesesè yo, leta pa pwoteje espas sa yo tout bon. Vye batri, moun pa itilize ankò, gaye nan anviwónman an ak pwazon plon, ki se azipwopo pou lasantte moun ak bèt yo. Anpil nan rezèv dlo peyi d Ayiti yo kontinye ak kontaminen ak pakèt metal lou sa yo, ki se pwazon. Popilasyon an ap toufe anba tout kalte ak pakèt pil fatra, ki viwonnen kote l ap viv la.

Prese prese, nou dwe kòmanse travay pou óganize teritwa Ayiti a yon lòt jan, pwograme ki jan n ap fè jesyon tout zòn yo, espas sosyal ak kiltirèl yo, dapre enpòtans yo nan anviwónman an. Se nan fason sa a n ap ka rebwaze peyi a, pwoteje sous dio nou yo, mòn nou yo ak bó lanmè yo, remete lavi nan seksyon kominal ak lòt lokalite nan pwovens yo, garanti tout moun jwenn manje pou yo manje, garanti vil yo toujou rete pwòp, epi mete bout nan pil ak pakèt konstriksyon an dezòd, konstriksyon pil sou pil yo, ki vin bay bidonvil k ap deplôtonnen san rete yo, k ap kreye kondisyon pou laterè ak zak bandi ak zam layite pi rèd. Tout sa n ap di la yo p ap posib, si nou pa mobilize nou ansanm, si nou pa mete resous nou yo ansanm, si nou pa fè tout popilasyon an konprann nesesite pou li anbake tout bon vre nan mouvman sa a epi patisipe ladan.

Se lòt konsiderasyon ak rekòmandasyon plizyè plimeyank, atis ak lòt pwofesyonèl sou sitiyasyon anviwónman an, jounen jodi a, nan peyi d Ayiti.

Depi fanm ak gason nan peyi d Ayiti yo bay tan ak enèji yo nan mouvman sa a, pou sove anviwónman an, n ap remete peyi d Ayiti kanpe doubout, jan politisyen ak ekonomis ayisyen Joseph Antenor Firmin te swete sa. Se konsèy plizyè plimeyank, atis ak lòt pwofesyonèl nan yon kout lanbi yo fè sou sitiyasyon anviwónman peyi d Ayiti a.

Joseph Antenor Firmin, ki te fèt nan dat 18 oktòb 1850 nan vil Okap ayisyen, mouri nan dat 19 septanm 1911, nan Sen Toma nan zil vyèj ameriken. Firmin, ki te plimeyank tou, te okipe pòs minis finans, komès ak zafè etranje peyi d Ayiti, ant lane 1896 pou rive lane 1897.

N ap jwenn solisyon ijans yo nan mete men nan gwo travay sa a pou anviwonman an, pou defanm yon byen ki pou nou tout pitit të d Ayiti, nan yon angajman ki pa traváy yon grenn jounen, men pou yon tan ki long. Se nan sans sa a n ap rejwenn idantite nou, fyėte nou kòm Ayisyèn ak Ayisyen, ki se moun ki djyanm, ki p ap fè bék atè, ki toujou kanpe doubout, ki lib. Se lòt rekòmandasyon plizyè plimeyank, atis ak lòt pwofesyonèl sou sitiyasyon anviwonman an, jounen jodi a, nan peyi d Ayiti.

Jedi 26 septanm 2024 la, gwo kout zam te lakoz tansyon ankò sou Channmas la, nan Pòtoprens, lè patwouy lapolis nasyonal la t ap rapousuiv bandi ak zam nan ri pave, pa twò lwen gran katye jeneral lame d Ayiti.

Nan 2 semenn ki sot pase yo, gen 3 moun ki mouri nan boukantay kout zam ak lapolis nasyonal la nan depatman Nò peyi a. Se yon ranmase lapolis nasyonal la, ki di li arete 30 moun, sezi 2 zam, bal, kouto ak lòt batanklan nan depatman Nò a, nan dènye jou sa yo.

Ant mwa janvye pou rive septanm 2024 la, gang ak zam yo asasinen pou pi pi piti plis pase 3 mil 600 moun sou teritwa Ayiti a. Se yon ranmase Òganizasyon nasyon zini yo nan dat vandredi 27 septanm 2024 la.

Okenn lòt moun pa dwe mouri ankò nan klima laterè gang ak zam yo. Dwe gen dispozisyon ki bloke trafik zam ak bal, ki kontinye ap rantre nan peyi d Ayiti, soti nan peyi Etazini pase nan Jamayik ak sou fwontyè Repiblik Dominiken yo. Se kout rèl wo komisè Nasyon zini nan zafè dwa moun yo, natif natal peyi Otrich Volker Turk.

Yon lòt fwa ankò, Òganizasyon Nasyon zini regrèt dèske pa gen ase ekipman ak materyèl ki vin jwenn fòs miltinasyonal la, pou l ride popilasyon an rale yon souf anba laterè gang ak zam yo, ki kontinye ap simaye vyolans divès kote sou teritwa Ayiti a.

Tout polisye peyi Kenya yo ta dwe fin deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal la, disi mwa janvye 2025, k ap vini a, nan peyi d Ayiti. Se pwomès prezidan Kenya a, William Ruto, ki t ap pale semenn sa a douvan Asanble jeneral Nasyon zini yo.

Pwoblèm ekipman, lajan ak lòt anpeche anpil peyi, sitou nan Karayib lan, respekte angajman yo te pran pou voye polisye ak militè andedan fòs mitinasyonal la sou teren an. Se lòt deklarasyon William Ruto nan Asanble jeneral Nasyon zini yo, semenn sa a.

Jedi 26 septanm 2024 la, douvan Asanble jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo, prezidan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), Edgard Leblanc Fils, te mande pou fòs miltinasyonal la ta tounen yon misyon lapè Nasyon zini nan peyi d Ayiti.

Pandan 30 dènye lane ki sot pase yo, te gen plizyè misyon Nasyon zini nan peyi d Ayiti. Gen nan yo ki te esye fè peyi d Ayiti sispann miwo miba. Gen lòt, ki gen men yo tranpe nan plizyè zak maspináy dwa moun. Sa ki fè popilasyon an nan peyi d Ayiti pa fè misyon etranje sa yo konfyans. Dotan plis, yo pa janm rapousuiv sila ki te fè zak maspinay dwa moun sa yo. Se konsiderasyon Edgard Leblanc. Se te sekretè leta ameriken an Anthony Blinken ki te vini ak lide, pou fè fòs miltinasyonal la tounen yon misyon lapè Nasyon zini nan peyi d Ayiti, jan sa te ye anvan. Blinken te di li pral fè demach nan sans sa a, ki ka pèmèt Nasyon zini ka jwenn plis bourad lajan pou misyon lapè a. [ppsf emb rc apr 27/09/2024 14:45]