Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Fòs miltinasyonal la ta dwe tounen yon misyon lapè Nasyon zini, moman an rive pou lafrans remèt lajan li te fòse Ayiti peye pou rekonèt lendepandans 1804 la, pasyon kanpay elektoral Etazini pa dwe sèvi pretès pou jistifye atak rayisans ak prejije/rasis kont natif natal Ayiti yo

Pòtoprens, 26 septanm 2024 [AlterPresse] --- Douvan Asanble jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo, prezidan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), Edgard Leblanc Fils, mande pou fè fòs miltinasyonal la tounen yon misyon lapè Nasyon zini nan peyi d Ayiti.

Pandan 30 dènye lane ki sot pase yo, te gen plizyè misyon Nasyon zini nan peyi d Ayiti. Gen nan yo ki te esye fè peyi d Ayiti sispann miwo miba. Ge lòt, ki gen men yo tranpe nan plizyè zak maspináy dwa moun. Sa ki fè popilasyon an nan peyi d Ayiti paf è misyon etranje sa yo konfyans. Dotan plis, yo pa janm rapousuiv sila ki te fè zak maspinay dwa moun sa yo. Se konsiderasyon Edgard Leblanc. Se te sekretè leta ameriken an Anthony Blinken ki te vini ak lide, pou fè fòs miltinasyonal la tounen yon misyon lapè Nasyon zini nan peyi d Ayiti, jan sa te ye anvan. Blinken te di li pral fè demach nan sans sa a, ki ka pèmèt Nasyon zini ka jwenn plis bourad lajan pou misyon lapè a.

Fòs sekrite yo koumanse travay pou garanti sekirite popilasyon an. Men, gen anpil travay ki rete pou fèt, pou sitiyasyonn an retounen nan nòmal tout bon. Se lòt deklarasyonn Leblanc, ki wete chapo l douvan peyi, ki voye resous moun ak lajan nan fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti.

Pasyon kanpay elektoral nan peyi Etazini pa dwe sèvi pretès pou jistifye atak rayisans, atak prejije/rasis kont kominote natif natal Ayiti yo, ki se fanm ak gason gwo travayèz ak travayè. Se pinga Edgard Leblanc, douvan Asanble jeneral Nasyon zini a, kont kandida repibliken an Donald Trump ak patizan l yo ki lage koukouwouj, depi koumansman mwa septam 2024 la, kont natif natal Ayiti yo k ap viv nan leta Ohio a.

Leblanc wete chapo l douvan solidarite, k ap fèt ak kominote natif natal Ayiti nan Ohio yo.

Se depi lendi 9 septannm 2024 la Donald Trump ak patizan l yo tanmen yon kanpay akizasyon kont kominote natif natal Ayiti yo, k ap viv nan leta Ohio. Otorite Ohio yo di yo pa jwenn okenn prèv sou akizasyon sa yo. Ministè Aysiyèn ak Ayisyen k ap viv aletrannje yo te leve lavwa kont pawòl rayisans Donald Trump ak patizan l yo. Platfòm gwoup k ap aapiye rapatriye ak refijye yo / Garr te denonse tou pawòl prejije/rasis Trump ak patizan l yo. Sou teren an, nan leta Ohio, gen anpil manifestasyon solidarite ak natif natal fanm ak gason Ayiti yo, k ap viv nan Ohio a. Gen òganizasyon ki pare pou atake lajistis Donald Trump ak patizan l yo sou atak sa yo.

Madi 24 septanm 2024, òganizasyon Haitian Bridge Alliance (Hba), ki gen fanm ak gason ki sot nan toyo Ayiti, pote plent, douvan yon tribinal Springfield, nan leta Ohio, kont kandida repibliken Donald Trump ak senate repibliken James David Vance, pou pawòl rayisans, pawòl prejije/rasis y ap simen kont kominote natif natal Ayiti nan Ohio yo.

Nan yon pozisyon tèt ansanm, ki parèt nan dat 20 septanm 2024, Kowalisyon entènasyonal moun ki sot nan toyo Afrik yo, fondasyon Frantz Fanon ak Platfòm ayisyen k ap plede pou yon lòt kalte devlopman (Papda) denonse pawòl prejije/rasis Doand Trump yo kont natif natal Ayiti ki nan Leta Ohio, Ozetazini.

Nou gen konfyans Nasyon zini ap ride peyi d Ayiti jwenn reparasyon, jistis, pou rekipere lajan lafrans te fè l peye pou lendepandans premye janvye 1804 la. Se yon lòt moso nan deklarasyonn Edgard Leblanc douvan Asanble jeneral Nasyon zini yo nan Nouyòk.

Moman an rive pou lafrans remèt peyi d Ayiti lajan, li te fòse l peye pou rekonèt lendepandans 1804 la, li te bay peyi d Ayiti kòm pinisyon. Se te yon gwo lenjistis. Nou p ap mande charite. N ap mande jistis, respè diyite n kòm pèp, kom premye peyi ras Nwa, ki te rache lendepandans li anba men kolon franse yo. Detan n ap konte sou pwòp fòs nou, peyi d Ayiti bezwen sipò kominote entènasyonal la pou fè fas kare ak pakèt defi k ap brase bil li yo,. Se lòt konsideraasyon Edgard Leblanc.

Peyi Etazini pral bay peyi d Ayiti yon lòt bourad 160 milyon dola ameriken, pou kore devlopman, ekonomi, lasante ak sekirite popilasyon an.

Sa ki bay plis pase yonn milya 300 milyon dola ameriken èd, Etazini bay peyi d Ayiti, depi lane 2021. Se nan reyinyon semenn sa a nan Nouyòk sekretè leta ameriken an, Anthony Blinken, fè konn sa

Sou 4 deptaman Biwo nasyonal ekzamen leta yo bay rezilta, pou ekzamen bakaloreya jiyè 2024 la, se depatman Nip ki bay plis elèv ki pase.

Sou plis pase 3 mil elèv ki te konpoze, gen plis pase 2 mil 600 ki pase nan depatman Nip. Sou plis pase 6 mil 300 jèn fi ak jenn gason kit e konpoze, se sèlman plis pase 2 mil 300 ki pase nan ekzamen bakaloreya jiyè 2024 la nan depatman Sid. Sou plis pase 11 mil 600 jèn fi ak jenn gason, se sèlman plis pase 5 mil 400 ki pase nan ekzamen baklaoreya jiyè 2024 yo nan depatman Nò peyi d Ayiti a. Sou plis pase 4 mil 400 elèv, se sèlman plis pase mil 500 ki pase nan ekzamen bakaloreya jiyè 2024 yo nan depatman Nòdès. Se rezilta Biwo nasyonal ekzamen Leta yo (Bunexe) báy pou depatman Nip, Sid, Nò ak Nòdès.

Mèkredi 18 septanm 2024 la, lapolis nasyonal Sen Mak, depatman Latibonit, di li arete Cetoute Pierremont, ki rekonèt li konn fè kadejak sou pwòp pitit fi l, ki gen 8 lane, ak yon nyès li ki gen 9 lane. [ppsf emb rc apr 26/09/2024 15:31]