Pòtoprens, 24 septanm 2024 [AlterPresse] --- Lendi 23 septanm 2024 la, bandi ak zam, ki te nan yon ti bis, asasinen ak bal polisye nasyonal Dieune Pierre-Louis epi blese ab bal yon lòt polisye nasyonal, ki te sou yon moto toulède. Zak sa a fèt nan zòn mache Seradòt nan Dèlma 19.
Bandi ak zam yo gen tan chape poul yo, apre yo fin komèt zak kriminèl sa a. Ni polisye ki mouri a, ni polisye nasyonal ki blse a, t ap travay nan sèvis sikilasyon lapolis nasyonal la, dapre enfòmasyon ki disponib yo.
Detan yo voye senpati yo bay fanmi polisye nasyonal ki mouri a, Sendika polis nasyonal d Ayiti a / Spnh17 ak Sendika nasyonal polisye ayisyen yo / Synapoha leve lavwa kont zak sasináy sou polisye nasyonal Dieune Pierre-Louis. 2 sendika yo mande otorite yo báy tout polissye nasyonal yo bon jan mwayen, ki ka garanti sekirite pèsonèl yo chak. 2 sendika yo mande tout polisye nasyonal yo rete veyatif nan lari a.
Se finalman madi 24 septanm 2024 la kòdonatè aksyon andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils, vwayaje al Nouyòk, pou patisipe nan 79vyèm sesyon Asanble jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo
Sou kont X li, Edgard Leblanc di se limenm k ap pran lapawol, nan non peyi d Ayiti, jedi 26 septanm 2024 la, nan 79vyèm sesyon Asanble jeneral Nasyon zini yo.
Leblanc pati kite peyi d Ayiti apre gouvènman peyi Etazini a te pwomèt l ap garanti sekirite l nètalkole kòm chèf leta nan Nouyòk. Menm jan ak tout chèf leta, Edgard Leblanc Fils ap jwenn pwoteksyon sekirite nètalkole, okazyon vwayaj li nan Nouyòk pou patisipe nan 79vyèm asanble jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo. Se sa anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti te ekri nan yon tweet.
Gouvènman ameriken an di l pran oserye sekirite dirijan etranje yo nan peyi Etazini. Gouvènman ameriken an regrèt reta, ki te genyen nan dispozisyon sekirite pou Edgard Leblanc yo, akoz konplikasyon nan zouti sekirite nou yo.
Bri te kouri kòmkwa depatman leta peyi Etazini ta fè konprann li pa ta kapab garanti sekirite Edgard Leblanc, si se limenm ki vini nan tèt delegasyon Ayiti a nan Nouyòk. Depi vandredi 20 septanm 2024, gen yon moso delegasyon Ayiti a, avèk premye minis Garry Conille, ki deja Nouyòk.
Anba je jounalis, te gen gwo wounou wounou, lendi 23 septanm 2024 la, ant ekip konseye prezidan Leslie Voltaire ak delegasyon gouvènman tranzisyon Garry Conille la, lè sekirite prezidan Brezil Luis Inacio (Lula) Da Silva te anpeche Voltaire al patisipe nan yon chita pale nan Nouyòk, sou baz non l pa t sou lis patisipan yo. Se sa AlterPresse ak AlterRaadio aprann.
Te gen yon konfizyon ant Òganizasyon Nasyon zini yo, depatman leta ameriken ak reprezantan peyi d Ayiti nan Nasyon zini yo. Se sa Edgard Leblanc te di, douvan laprès samdi apremidi 21 septanm 2024 la, san l pa bay presizyon sou sa l rele konfizyon an. Kòdonatè aksyon nan Kpt a di li mande minis zafè etranje a Dominique Dupuy pote eklèsisman sou sa k pase a. Gen yon moso nan delegasyon Ayiti a ki te rete Pòtoprens pou akeyi William Ruto, anvan l pati ale Nouyòk.
Konseye prezidan Leslie Voltaire mande kominote entènasyonal la pote kole ak peyi d Ayiti. Se sa Leslie Voltaire di l swete, nan moman li t ap patisipe, nan yon woumble sou demenn monn nan, lendi 23 septanm 2024 la, nan Nouyòk (Son Leslie Voltaire.
Pandan tan sa a, popilasyon an poko konnen ki rezita tout chita pale gouvènman tranzisyon an ap miltipliye yo va báy, depi Garry Conille rive ak delegasyon l lan nan dat vandredi 20 septanm 2024 la nan Nouyòk.
Chanje abitid moun pou fè pratik itil ogmante nan zafè lasante (Chanpions). Se yon pwojè 5 lane Enstiti Panos tanmen, finisman mwa septanm 2024 la, ansanm ak ministè sante piblik plis Ajans ameriken pou devlopman entènasyonal (Usaid). Plis detay sou pwojè Champions sa a avèk Jean-Claude Louis, responsab Enstiti Panos, ki t ap pale nan yon kozman ak laprès lendi 23 septannm 2024 la.
Pèmèt tout fanm ak gason, k ap viv ak jèm Sida a nan san yo, gen yon konpòtman responsab lè y al fè bagay, detan yo ka rive jwenn bon jan tretman sou maladi Sida a yo genyen an. Pèmèt ti bebe ki nan vant ak ti bebe ki fenk fèt, plis fanm ansent jwenn vaksen anvan ak apre akouchman. Fè sansiblizasyon sou ki kalte manje pou fanm ansent k ap viv ak jèm Sida a, sou ki kalte manje pou timoun k ap soufri anba malnitrisyon yo. Ankouraje planifikasyon nan fanmi yo sou fason pou fanm yo kontwole pouvwa fè pitit yo ak fè prevansyon kont vyolans k ap fèt sou fanm ak ti fi, paske se fanm ak ti fi y oye. Se divès objektif Enstiti Panos di l ap rapousuiv atravè pwojè Chanje abitid moun pou fè pratik itil ogmante nan zafè lasante (Chanpions).
Depi lendi 23 septanm 2024 la, gouvènman tranzisyon an tanmen yon pwogram ijans divès sektè, k ap koute plis pase 9 milya 390 mil goud. Se 5 ministè, pami yo zafè sosyal, k ap anchaje 22 pwojè ki arevwa ak pwogram sosyal sa a (Son minis zafè sosyal la Georges Wilbert Franck.
Pwogram sosyal sa a prevwa transfè lajan an báy paran elèv lekòl leta, báy ouvriyèz ak ouvriye faktori yo. Ap gen tou asistans báy fanmi deplase k ap viv nan sant akèy yo. Pral gen tou distribisyon manje kuit ak kit manje, báy sila k ap feraye nan agrikilti a ak pwopriyetè ti biznis yo. Se objektif, gouvènman tranzisyon an ap rapousuiv nan pwogram ijans divès sektè yo, dapre minis zafe sosyal la Georges Wilbert Franck. [ppsf emb rc apr 24/09/2024 15:23]
