Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Pwomès sekirite gouvènman Etazini pou Edgard Leblanc Fils nan 79vyèm sesyon Asanble jeneral Nasyon zini yo

Pòtoprens, 23 septanm 2024 [AlterPresse] --- Gouvènman peyi Etazini a pwomèt l ap garanti sekirite nètalkole Edgard Leblanc Fils, depi kòdonatè aksyon andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) rive Nouyòk, pou patisipe nan 79vyèm sesyon Asanble jeneral Nasyon zini yo

Se sa anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti ekri nan yon tweet.

Menm jan ak tout chèf leta, Edgard Leblanc Fils ap jwenn pwoteksyon sekirite nètalkole, okazyon vwayaj li nann Nouyòk pou patisipe nan 79vyèm asanble jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo.

Gouvènman ameriken an di l pran oserye sekirite dirijan etranje yo nan peyi Etazini. Gouvènman ameriken an regrèt reta, ki te genyen nan dispozisyon sekirite pou Edgard Leblanc yo, akoz konplikasyon nan zouti sekirite nou yo.

Te gen yon konfizyon ant Òganizasyon Nasyon zini yo, depatman leta ameriken ak reprezantan peyi d Ayiti nan Nasyon zini yo. Se sa Edgard Leblanc te di, douvan laprès samdi apremidi 21 septanm 2024 la, san l pa bay presizyon sou sa l rele konfizyon an. Kòdonatè aksyon nan Kpt a di li mande minis zafè etranje a Dominique Dupuy pote eklèsisman sou sa k pase a. Gen yon moso nan delegasyon Ayiti a ki te rete Pòtoprens pou akeyi William Ruto, anvan l pati ale Nouyòk.

Bri te kouri kòmkwa depatman leta peyi Etazini ta fè konprann li pa ta kapab garanti sekirite Edgard Leblanc, si se limenm ki vini nan tèt delegasyon Ayiti a nan Nouyòk. Depi vandredi 20 septanm 2024, gen yon moso delegasyon Ayiti a, avèk premye minis Garry Conille, ki deja Nouyòk.

Jis rive lendi maten 23 septanm 2024 la, pa gen okenn enfòmasyon ofisyèl ki di èske Edgard Leblanc pati oubyen pa vwayaje Nouyòk, pou patisipe nan 79vyèm sesyon asanble jeneral Nasyon zini yo.

Se konseye prezidan Leslie Voltaire ki ale New York, samdi apremidi 21 septanm 2024 la, nan tèt delegasyon peyi d Ayiti k ap patisipe nan 79vyèm sesyon Asanble jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo. Se deklarasyon, nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, kòdonatè aksyon nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), Edgard Leblanc Fils, nan moman prezidan Kenya a William Ruto ta pral kite Ayiti pou ale Nouyòk.

Men, dimanch 22 septanm 2024 la, konseye prezidan Leslie Voltaire, ki rive Nouyòk samdi swa 21 septanm 2024 la, te chita pale ak sekretè jeneral Nasyon zini yo, Antonio Guterres.

Kesyon refòm politik yo ak zafè sekirite a. Bourad kominote entènasyonal la ka bay kont laterè ak vyolans gang ak zam yo. Ki kalte repons sou kriz imanitè a nan peyi d Ayiti. Se te sijè diskisyon ant Voltaire ak Guterres, dimanch 22 septanm 2024 la. Se sa Konsèy prezidan pou tranzisyon an ekri nan yon nòt.

So bò pa l, premye minis Garry Conille, ki Nouyòk depi vandredi 20 septanm 2024 la, chita pale, dimanch 22 septanm 2024 la, ak premye minis Jamayik la Andrew Holness.

Gen lòt polisye Jamayiken, ki ta sipoze vin deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal la, apre 24 sòlda ak polisye jamayiken ki te rive nan Pòtoprens jedi 12 septanm 2024 la. Payi Jamayik kapab bay peyi d Ayiti ekipman, ki ka ride nan pwoteksyon bò kòt Pòtoprens yo. Dosye sekirite a ak esperyans peyi Jamayik nan batay kont gang ak zam ak dosye eleksyon te nan diskisyon ant Conille ak Holness nan Nouyòk. Se sa Garry Conille ekri sou kont X li.

Sou teren an, te gen anpil bri kout zam ki t ap kontinye chante nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan, lannuit dimanch 22 pou antre lendi 23 septanm 2024 la.

Lapolis nasyonal d Ayiti a fè konnen li arete, vandredi 20 septanm 2024 la, nan zòn Gerald Bataille, Johson Antoine, li sispèk ki se asosye gang ak zam 400 mawozo Kwadèboukè yo.

Mèkredi 18 septanm 2024 la, lapolis nasyonal la di li te arete tou, nan komin Dèlma, Hilare Louis, li t ap chèche pou zak kidnaping, vòlò zafè moun ak asosyasyon malfektè.

Se mèkredi 25 septanm 2024 la ap gen antèman nan Miragwán, depatman Nip, 27 moun ki te mouri kankannen, lè dife te pete bò yon kamyon gaz, samdi 14 septanm 2024 la, nan mòn Kalbasye ant komin Payan ak Miragwán.

Ekip tranzisyon an deklare 3 jounen dèy nasyonal lendi 23, madi 24 ak mèkredi 25 septanm 2024 la, nan memwa moun ki te viktim, lè dife te pete bò yon kamyon gaz, samdi 14 septanm 2024 la, nan mòn Kalbasye ant komin Payan ak Miragwán nan.

Gouvènman tranzisyon an te pwomèt l ap pran dispozisyon pou bay ajan ekzektif lakomin Miragwán yo ak fanmi viktim samdi 14 septanm 2024 yo akonpáyman, pou antere nan diyite moun ki mouri yo, lè dife a te pete a. Gouvènman an mande popilasyon an pran prekosyon nesesè yo, pou mòd aksidan konsa pa rive ankò sou teritwa Ayiti a. Dènye enfòmasyon pwoteksyon sivil, lendi 16 septanm 2024 la, bay 27 moun ki mouri kankannen ak 55 lòt ki blese, detan 16 motosiklèt te boule nètalkole, lè dife te pete, samdi maten 14 septanm 2024 la, nan moman anpil anpil moun t al eseye pran gaz ki t ap koule nan yon konntenè gaz, ki te an pán, nan mòn Kalbasye, ant Payan ak Miragwán, depatman Nip.

Move jesyon, koripsyon, sa k pa sa, dwèt long siperyè, chèche fè enterè pèsonèl pase sou enterè peyi a, enjistis, lajistis ki pa janm pini sila ki fè move zak yo. Se tou sa ki lakoz boulvès ak laterè, ensekirite k ap racaje peyi d Ayiti jounen jodi a. Se konsiderasyon monseyè katolik women nan peyi d Ayiti yo, nan yon mesaj

Peyi d Ayiti pa ka pran tranzisyon ankò. Tranzisyon, yo tanmen depi mwa avril 2024 la, pa dwe twò long. Ekip tranzisyon an dwe pran dispozisyon pou evite erè gouvènman ki te la anvan yo.

Tout moun alwonnbadè dwe asepte fè sakrifis nesesè yo pou peyi a chanje direksyon. Popilasyon an ap tann sakrifis sa yo na men Konsèy prezidan pou trazisyon an, tout manm gouvènman tranzisyon an, tout dirijan politik yo, sakrifis nesesè yo na men fòs lòd yo, nan men gang kriminèl yo ki gen zam lalwa pa rekonèt nan men yo. Tout enstisyon leta yo dwe aji nan transparans, san paspouki, ni koripsyon, ni enpinite, nan benefis tout moun, pou fè plizyè milye fanm, gason ak timoun, ki sètoblije kite lakay yo, depi lane 2023, akoz laterè gang ak zam yo, retounen lakay yo san kè sote, epi pran dispozisyon pou moun ak byen fè ale vini libelibè, toupatou sou teritwa nasyonal la. Se lòt konsiderasyon monseyè katolik women yo nan peyi d Ayiti.

Chanje abitid moun pou fè pratik itil ogmante nan zafè lasante (Chanpions). Se yon pwojè 5 lane Enstiti Panos tanmen, finisman mwa septanm 2024 la, ansanm ak ministè sante piblik plis Ajans ameriken pou devlopman entènasyonal (Usaid). Plis detay sou pwojè Champions sa a avèk Jean-Claude Louis, responsab Enstiti Panos, ki t ap pale nan yon kozman ak laprès lendi 23 septannm 2024 la.

Pèmèt tout fanm ak gason, k ap viv ak jèm Sida a nan san yo, gen yon konpòtman responsab lè y al fè bagay, detan yo ka rive jwenn bon jan tretman sou maladi Sida a yo genyen an. Pèmèt ti bebe ki nan vant ak ti bebe ki fenk fèt, plis fanm ansent jwenn vaksen anvan ak apre akouchman. Fè sansiblizasyon sou ki kalte manje pou fanm ansent k ap viv ak jèm Sida a, sou ki kalte manje pou timoun k ap soufri anba malnitrisyon yo. Ankouraje planifikasyon nan fanmi yo sou fason pou fanm yo kontwole pouvwa fè pitit yo ak fè prevansyon kont vyolans k ap fèt sou fanm ak ti fi, paske se fanm ak ti fi y oye. Se divès objektif Enstiti Panos di l ap rapousuiv atravè pwojè Chanje abitid moun pou fè pratik itil ogmante nan zafè lasante / Chanpions)

Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen yo (Opc) epi Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti, yo chak bò kote pa yo, deklare yo pa konprann ki jan fè Konsèy prezidan pou tranzisyon an lonmen 7 moun, olye 9, san y opa mete Gedeon Jean kòm delege dwa moun ki pou vin manm Konsèy elektoral pwovizwa a

Depi 2 nan 9 sektè enpòtan yo poko voye delege yo, Konsèy elektoral pwovizwa a / Kep a poko ap kapab travay kòmsadwa. Se dizon sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo, apre Konsèy prezidan pou trannzisyon an (Kpt) deside, nan konsèy minis 18 septanm 2024 la, lonmen yon ekip manke moso, kidonk 7, olye 9 manm nan Kep a. Jedi 19 septanm 2024 la, ekip tranzisyon an fè soti, nan jounal ofisyèl Le Moniteur, desizyon lonmen moso Konsèy elektoral pwovizwa a. Èske se pou al bat lestomak yo nan 79vyèm sesyon Asanble jeneral Nasyon zini yo, sou demach y ap fè pou òganize eleksyon nan peyi d Ayiti ? `Eske 7 delege kapab koumanse travay san se pa tout 9 manm Kep a ki la, pou deside ansaanm ki wout y ap pran pou eleksyon yo ?

Antouka, ekip tranzisyon an di y ap konplete Kep a, lè òganis k ap defann dwa moun yo ak asosyasyon k ap defann dwa fanm yo chwazi delege pa yo, ki pou ale nan Konsèy elektoral pwovizwa a.

Nan Konsèy minis ki te fèt mèkredi 18 septanm 2024 la, ekip tranzisyon an te deside lonmen yon gwoup manke moso 7 moun (2 fanm ak 5 gason), olye 9, pou vin manm Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Ekip tranzisyon an di y ap konplete Kep a, lè òganis k ap defann dwa moun yo ak asosyasyon k ap defann dwa fanm yo chwazi delege pa yo, ki pou ale nan Konsèy elektoral pwovizwa a.

2 fanm sa yo, se Schnaida Adely ki se delege kominote vodou yo ak Marie Florence Mathieu ki se delege Konsèy Inivésite a. 5 gason yo, se Patrick Saint-Hilaire, ki se delege Konferans episkpal (legliz katolik women) d Ayiti a, Peterson Pierre-Louis ki se delege legliz pwotestan yo, Jacques Desrosiers ki se delege asosyasyon jounalis yo, Jacceus Joseph ki se delege asosyasyon peyizan yo epi Nemrod Sanon ki se delege sendika yo.

N ap siyale Jacceus Joseph, ki te delege òganis dwa moun yo nan Konsèy elektoral pwovizwa 2015 la, te bay demisyon l nan dat vandredi 22 janvye 2016. Nan menm mwa janvye 2016 la, te gen tou demisyon konseye Ricardo Augustin pou legliz katolik women nan dat madi 5 janvye 2016, konseye Vijonet Demero pou legliz pwotestan yona dat vandredi 15 janvye 2016, Pierre Junior Manigat kòm delege laprès nan dat vandredi 22 janvye 2016, Pierre-Louis Opont kòm delege fowòm ekonomik sektè prive a nan dat jedi 28 janvye 2016 epi Yolette Mengual kòm delege òganizasyon fanm yo nan dat vandredi 29 janvye 2016. Eleksyon sa yo, anpil moun te rele eleksyon grenn soulye dapre premye minis tèt kale epòk la Evans Paul, ki te dwe fèt nan dat dimanch 24 janvye 2016 la, pa t rive fèt, akoz gwo leve kanpe ak manifestasyon divès sektè. [ppsf emb rc apr 23/09/2024 15:04]