Estrè nòt òganizasyon progresis nan Gran Nò Ayiti sou sitiyasyon lanfè popilasyon ayisyèn nan ap sibi
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 3 oktòb 2024
Ansanm òganizasyon progresis nan Gran Nò a reyini pou chèche konprann sitiyasyon konplèks peyi a twouve l jounen jodia. Nou konstate peyi a ap fè gwo bak chak jou ki jou pandan mizè popilasyon an ap ogmante chak jou pi plis, kòripsyon nan leta a sanble ap vin pi grav. Nou konstate aprè pase 5 mwa pouvwa egzekitif Tranzisyon an rete sèlman nan jwi privilèj men pa ateri pou soulaje popilasyon an anba pouvwa gang kriminèl yo nan peyi a ak sitiyasyon grangou an ki melanje ak yon mizè lanfè san parèy. Sa fè n ap poze kesyon, eske n tonbe nan yon katastwòf pouvwa PHTK 4èm vèsyon ? Lè n konsidere kantite soufrans popilasyon an pase anba men pouvwa PHTK a.
Nou konstate pwoblèm ensekirite a vin pi malouk chak jou epi tout pouvwa tranzisyon an rete konsantre nan pòtopwens ak anba men levye sikui kriminèl yo (…). Sa vle di pou KPT a pa antreprann okenn chanjman. Pri lavi ap pete plafon, malere lavil ak peyizan nan mòn paka met men nan bouch, bandi yo vin gen plis pouvwa nan komèt krim ak vòl sou popilasyon an, sitou nan Latibonit.
Nou konstate okenn pouvwa nan kolektivite depatmantal ak kominal yo pa chanje, boujwa (gran nèg) yo vin pran plis anpriz sou pouvwa piblik yo. Otorite yo vin pi soumèt anba depandans ak dominasyon enperyalis lan, kote minis afè etranje lòt peyi ap konvoke Prizandan KPT a nan anbasad lakay li san okenn jèn ak respè. Nou konstate ouvèti lekòl lan fèt kote majorite timoun paka pran chimen lekòl, akoz paran yo pa konn ki sen pou yo rele anba lamizè ak ensekirite, alòske PM Garry Conille ap kale wès kòm chef Gouvènman an, san pa panche sou vrè pwoblèm popilasyon ap sibi.
Nan mitan pouvwa a, yo refize pibliye akò 3 avril lan nan jounal ofisyèl monitè ak mete an aplikasyon kontni akò a, sa pwouve nou nan yon kontinite PHTK. Nou rive nan yon pwen pou n tadi se moun ki nan pouvwa leta a k ap kenbe ensekirite a pou ka rive nan yon eleksyon seleksyon bouyi vide pou kenbe tennfas PHTK ak alye l yo nan tèt pouvwa a, sitou nan fason yo monte komite konferans nasyonal la ak komisyon jistis ak verite a epi KEP a. Tout sa montre popilasyon an dwe souke kòl pou kanpe deriv ki vle mennen n nan kontinite k ap kondwi n nan yon falèz politik.
Lè n konsidere tout sa nou sot di piwo yo : nou fè apèl avèk tout fòs pwogresis ki nan rès peyi a, pou potekole nan yon gwo konsansis, pou monte yon gwo rezo ki gen repondong pou pran direktiv peyi a epi mennen l nan yon lòt direksyon ak fòse KPT a pou inisye mekanis koupe fache a kont sistèm peze souse a epi konbat kòripsyon e soulaje mizè a, tankou :
1- Mete sou kote twa konseye yo ki te nan vann pòs nan BNC ak tout lòt enstitisyon k ap kolekte lajan pou peyi a.
2- Bese pri lavi a ak desann epi regilarize pri komès gaz la nan tout peyi a.
3- Degansterize pouvwa leta a anba ponyèt PHTK ak alye l yo k ap goumen pou kontinye kenbe politik gang ak ekonomi kriminèl lan.
4- Mete mekanis solid pou goumen kont gang yo ak tout sektè k ap sipòte yo epi kont tout fòm ekonomi kriminèl ak diskriminasyon nan pataj richès peyi a.
5- Mete mekanis klè ak transparan pou mete kanpe yon vrè KEP ki dwe enspire popilasyon an konfyans.
Sèl fòs sektè popilè ak pwogresis lan ki dwe ini yo nan divèsite pou defann enterè peyi a ak enterè klas defavorize an, pou rive tabli yon leta k ap gen pou defann enterè peyi a kont malonèt enperyalis lan ak gran nèg rapas yo ap fè popilasyon sibi.
Pèp òganize pa janm pèdi batay, viktwa se pou pèp k ap goumen !
Klèvwayans politik ak entèlijans politik se chimen viktwa popilè !
Pou ansanm òganizasyon pwogresis nan gran Nò a :
Kerby Joseph FPP Nòdwès
Astride Noël MOPDES Nòdès
Roland Fleurimat MITPA Latibonit
Jose Felix MODOD Nò
Wendy Joseph MRCPBB Sant
Nicolas Pierre-Louis PREPLA Latibonit
Ogoukadi Tchovama Tanbou Pale Latibonit
Jouvely Augustin SKDK Nòdès
Elifaite Joseph TK Nòdès
Yliette Supremat SOFA Latibonit
Junior Jeune IPAM Nò
Marcquenson Jean KRPN Nòdès
Exantus Exanté ASO Nòdwès
David Nernel TK Nòdwès
Balancé Garçonet Lakay Latibonit
Fanahême Joachin MPP Sant
Pou otantifikasyon :
Kerby JOSEPH
Kòdonatè FPP (Fwon Patriyotik Popilè). Nòdwès
Astride NOËL.
MOPDES (Mouvman Peyizan pou Defann Enterè Savannolè). Nòdès.
Nicolas PIERRE-LOUIS.
PREPLA (Platfòm Rezistans Peyizan Latibonit). Latibonit.
Wendy JOSEPH.MRCPBB (Mouvman pou Ranmase Chalmay Peralt ak Benwa Batravil). Plato Santral.