Español English French Kwéyol

Ayiti : Aksidan avyon Okay, 2 mò

Okay (Ayiti), 3 oktòb 2024 [AlterPresse] --- Detan l te fèk kite aryopò Antoine Simon, Okay, depatman Sid, yon ti avyon ki te gen difikilte kraze, bò 1nè apremidi jedi 3 oktòb 2024 la, nan zòn Mizèn, Okay la, ak 2 pilòt, ki te ladan yo, ki mouri la pou la. Se sa pwoteksyon sivil konfime

Youn nan pilòt yo rele Hans Codio Blaise, li mouri ak 46 lane sou tèt li. Li te fèt 15 mas 1978. Lòt la rele Guy Emmanuel Saint-Amour. Li mouri ak 56 lane sou tèt li. Saint-Amour te fèt nan dat premye avril 1968, dapre enfòmasyon disponib yo. [ppsf gp apr 03/10/2024 15:00]