Pòtoprens, 22 septanm 2024 [AlterPresse] --- Se konseye prezidan Leslie Voltaire ki ale New York, samdi apremidi 21 septanm 2024 la, nan tèt delegasyon peyi d Ayiti k ap patisipe nan 79vyèm sesyon Asanble jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo. Se deklarasyon, nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, kòdonatè aksyon nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), Edgard Leblanc Fils, nan moman prezidan Kenya a William Ruto ta pral kite Ayiti pou ale Nouyòk.
Te gen yon konfizyon ant Òganizasyon Nasyon zini yo, depatman leta ameriken ak reprezantan peyi d Ayiti nan Nasyon zini yo. Se sa Edgard Leblanc di, douvan laprès samdi apremidi 21 septanm 2024 la, san l pa bay presizyon sou sa l rele konfizyon an. Kòdonatè aksyon nan Kpt a di li mande minis zafè etranje a Dominique Dupuy pote eklèsisman sou sa k pase a. Gen yon moso nan delegasyon Ayiti a ki te rete Pòtoprens pou akeyi William Ruto, anvan l pati ale Nouyòk.
Bri te kouri kòmkwa depatman leta peyi Etazini ta fè konprann li pa ta kapab garanti sekirite Edgard Leblanc, si se limenm ki vini nan tèt delegasyon Ayiti a nan Nouyòk. Depi vandredi 20 septanm 2024, gen yon moso delegasyon Ayiti a, avèk premye minis Garry Conille, ki deja Nouyòk.
Ranfòse relasyon ant Ayiti ak Kenya. Devlope koperasyon espesyal nan zafè sekirite ak devlopman. Diskite sou kèk dosye ki gen enpòtans entènasyonal. Se te kèk pami objektif prezidan Kenya a William Ruto t ap rapousuiv, nan vizit tou kout li fè Pòtoprens samdi 21 septanm 2024 la, anvan l ale nan 79vyèm sesyon Asanble jenral Nasyon zini yo.
Nan vizit tou kout sa a, William Ruto te chita pale ak manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Li t al wè tou polisye Kenya yo, ki koumanse deplòtonnen depi madi 25 jen 2024 la, sa gen prèske 3 mwa jodi a, andedan fòs miltinasyonnal la, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Kontrèman ak Nasyon zini, prezidan Kenya a di fòs miltinasyonal la ta koumanse bay rezilta, ki ka fè lespwa retounen nan peyi d Ayiti. Se deklarasyon, samdi 21 septanm 2024 la nan Pòtoprens, William Ruto.
Nan Pòtoprens samdi 21 septanm 2024 la, William Ruto pran angajman pou voye ankò, anvan lontan, 600 polisye Kenya, anplis 400 ki deja la yo, vin deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal la. Li di li gen plis zouti nan men l kounye a, k ap ride l nan chita pale ak dirijan nan monn nan sou sitiyasyon peyi d Ayiti a, nan moman 79vyèm sesyon Asanble jeneral Nasyon zini yo. Ruto pwomèt li va atire atansyon sou nesesite bon jan suivi, sou rezolisyon Konsèy sekirite Nasyon zini yo, ki te bay otorizasyon, nan dat lendi 2 oktòb 2023, pou yon fòs miltinasyonal deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, avèk Kenya pou dirije l. Ruto swete otorite nasyonal yo va poze aksyon, ki ka pèmèt chanje sitiyasyon peyi d Ayiti a.
Ekip tranzisyon an deklare 3 jounen dèy nasyonal lendi 23, madi 24 ak mèkredi 25 septanm 2024 la, nan memwa moun ki te viktim, lè dife te pete bò yon kamyon gaz, samdi 14 septanm 2024 la, nan mòn Kalbasye ant komin Payan ak Miragwán, depatman Nip
Gouvènman tranzisyon an di l pran dispozisyon pou bay ajan ekzektif lakomin Miragwán yo ak fanmi viktim samdi 14 septanm 2024 yo akonpáyman, pou antere nan diyite moun ki mouri lè dife a te pete a. Gouvènman an mande popilasyon an pran prekosyon nesesè yo, pou mòd aksidan konsa pa rive ankò sou teritwa Ayiti a. Se sa premye minis Garry Conille ekri sou kont X li. Dènye enfòmasyon pwoteksyon sivil, lendi 16 septanm 2024 la, bay 27 moun ki mouri kankannen ak 55 lòt ki blese, detan 16 motosiklèt te boule nètalkole, lè dife te pete, samdi maten 14 septanm 2024 la, nan moman anpil anpil moun t al eseye pran gaz ki t ap koule nan yon konntenè gaz, ki te an pán, nan mòn Kalbasye, ant Payan ak Miragwán, depatman Nip.
Ant septanm 2023 pou rive septanm 2024, sitiyasyon dwa moun yo angrave pi rèd nan peyi d Ayiti. Se konsiderasyon espè endepandan Nasyon zini nan dwa moun yo nan peyi d Ayiti, natif natal ameriken William O’Neill nan finisman yon vizit nan peyi d Ayiti, vandredi 20 septanm 2024 la.
Laterè gang ak zam yo menase sekirite, dwa pou moun jwenn lasante, ledikasyon, dwa pou moun viv nan diyite sou teritwa Ayiti a. Se gang ak zam yo k ap fè lalwa, malgre jefò kominote entènasyonal la pou ride jwenn solisyon nan sitiyasyon katyouboumbe a. Se lòt konsiderasyon espè endepandan Nasyon zini sou dwa moun nan peyi d Ayiti a, natif natal ameriken William O’Neill.
Gen solisyon pou pèmèt peyi d Ayiti soti nan kriz k ap brase bil li a. Men, difikilte a, se fè solisyon sa yo ateri kòmsadwa. Peyi d Ayiti twouve l nan yon kriz imanitè san parèy, avèk yon nivo korpsyon tèt chaje, yon sitiyasyon laterè gang ak zam rèd mare. Pou chanje sitiyasyon sa a, otorite yo dwe mltipliye jefò k ap fè leta a pi dyanm nan pran responsablite l kòmsadwa. Yo dwe ranfòse fòs sekirite yo, koupe tout rezo k ap báy gang kriminèl yo zam ak bal. Nou dwe báy fòs miltinasyonal la mwayen, pou l ride lapolis nasyonal la kwape gang ak zam yo. Se rekòmandasyonn espè endepandan Nasyon zini nan zafè dwa moun nan peyi d Ayiti a, William O’Neill.
Asosyasyon nasyonal jounalis nwa yo Ozetazini denonse seri atak jounalis Haitian Times yo ap sibi, depi yo te pran pozisyon kont pawòl rayisans manm pati repibliken yo kont kominote natif natal Ayiti yo, k ap viv nan Leta Ohio yo.
Se pa de menas ak atak jounalis Haitian Times yo ap sibi, akoz pozisyon yo pran kont atak prejije, atak rasis pati repibliken an sou natif natal Ayiti yo. Asosyasyon nasyonal jounalis nwa yo Ozetazini mande otorite yo, pati politik ak tout platfòm sou rezo sosyal yo aji kont atak sa yo.
Depi 2 nan 9 sektè enpòtan yo poko voye delege yo, Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep) poko ap kapab travay kòmsadwa. Se dizon sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo, apre Konsèy prezidan pou trannzisyon an (Kpt) deside, nan konsèy minis 18 septanm 2024 la, lonmen yon ekip manke moso, kidonk 7, olye 9 manm nan Kep a.
Jedi 19 septanm 2024 la, ekip tranzisyon an fè soti, nan jounal ofisyèl Le Moniteur, desizyon lonmen moso Konsèy elektoral pwovizwa a. Èske se pou al bat lestomak yo nan 79vyèm sesyon Asanble jeneral Nasyon zini yo, sou demach y ap fè pou òganize eleksyon nan peyi d Ayiti ? `Eske 7 delege kapab koumanse travay san se pa tout 9 manm Kep a ki la, pou deside ansaanm ki wout y ap pran pou eleksyon yo ?
Antouka, ekip tranzisyon an di y ap konplete Kep a, lè òganis k ap defann dwa moun yo ak asosyasyon k ap defann dwa fanm yo chwazi delege pa yo, ki pou ale nan Konsèy elektoral pwovizwa a.
Nan Konsèy minis ki te fèt mèkredi 18 septanm 2024 la, ekip tranzisyon an te deside lonmen yon gwoup manke moso 7 moun (2 fanm ak 5 gason), olye 9, pou vin manm Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Ekip tranzisyon an di y ap konplete Kep a, lè òganis k ap defann dwa moun yo ak asosyasyon k ap defann dwa fanm yo chwazi delege pa yo, ki pou ale nan Konsèy elektoral pwovizwa a.
2 fanm sa yo, se Schnaida Adely ki se delege kominote vodou yo ak Marie Florence Mathieu ki se delege Konsèy Inivésite a. 5 gason yo, se Patrick Saint-Hilaire, ki se delege Konferans episkpal (legliz katolik women) d Ayiti a, Peterson Pierre-Louis ki se delege legliz pwotestan yo, Jacques Desrosiers ki se delege asosyasyon jounalis yo, Jacceus Joseph ki se delege asosyasyon peyizan yo epi Nemrod Sanon ki se delege sendika yo.
N ap siyale Jacceus Joseph, ki te delege òganis dwa moun yo nan Konsèy elektoral pwovizwa 2015 la, te bay demisyon l nan dat vandredi 22 janvye 2016. Nan menm mwa janvye 2016 la, te gen tou demisyon konseye Ricardo Augustin pou legliz katolik women nan dat madi 5 janvye 2016, konseye Vijonet Demero pou legliz pwotestan yona dat vandredi 15 janvye 2016, Pierre Junior Manigat kòm delege laprès nan dat vandredi 22 janvye 2016, Pierre-Louis Opont kòm delege fowòm ekonomik sektè prive a nan dat jedi 28 janvye 2016 epi Yolette Mengual kòm delege òganizasyon fanm yo nan dat vandredi 29 janvye 2016. Eleksyon sa yo, anpil moun te rele eleksyon grenn soulye dapre premye miis tèt kale epòk la Evans Paul, ki te dwe fèt nan dat dimanch 24 janvye 2016 la, pa t rive fèt, akoz gwo leve kanpe ak manifestasyon divès sektè.
Se te nan dat jedi 22 janvye 2015 gouvènman Martely a te met kanpe yon Konsèy electoral pwovizwa 9 moun. Se te Ricardo Augustin kit e delege konferans episcopal legliz katolik women d Ayiti, Vijonet Demero delege legliz pwotestan yo, Yolette Mengual delege fanm, Jaccéus Joseph delge sektè dwa moun yo, Lucie Marie Carmelle Paul Austin delege Inivésite yo, Pierre Junior Manigat delege laprès, Lourdes Edith Joseph delege sendika yo, Néhémie Joseph delege peyizan/vodou ak Pierre-Louis Opont delege patwon biznis yo. Nan epòk finisman mwa janvye 2025 la, sektè fanm, sendika ak legliz pwotestan yo pa t dakò ak delege yo te chwazi pou al reprezante yo nan Kep a. [ppsf emb rc apr 22/09/2024 14:26]