Pòtoprens, 19 septanm 2024 [AlterPresse] --- Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) mande lajistis ak lapolis idantifye epi trennen douvan lajistis tout sila, ki gen arevwa ak kò sasináy 16 septanm 2024 la, nan Wanament, depatman Nòdès, sou mèt avoka Artiste Remy, ki te sekretè jeneral bawo avokat ak avoka Fò Libète a.
Lavi tout pitit peyi d Ayiti a enpòtan. Yo dwe jenn pwoteksyon, jan lalwa ekzije sa. Se deklarasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki leve lavwa kont zak sasináy sou avoka Artiste Remy.
Bawo avokat ak avoka Fò Libète yo, depatman Nòdès, estomake apre kò sasináy ak bal, lannuit lendi 16 septanm 2024 la nan Wanament, sou youn nan manm ni mèt Artiste Remy. Kò sasináy sa a, se yon move siyal, ki montre kouman madoulè ap tonbe nan ekzèsis metye avoka a. Sila, ki lotè ak konplis zak sa a, dwe resevwa pinisyon yo merite, yon fason pou sosyete a rekonèt ak pwoteje dwa pou moun fè metye avoka. Fanm ak gason avoka yo dwe ret veyatif, detan yo va pote solidarite youn ak lòt, nan limit lalwa bay. Se dizon bawo avokat ak avoka Fò Libète yo. N’ap fè sonje, lannuit 21 pou antre 22 dawout 2024 la, gen endividi ak zam ki te eseye asasinen yon lòt avoka bawo Fò Libète a, mèt Wilson Noel, lè yo te ba l plizyè bal.
Ekip tranzisyon an deklare 3 jounen dèy nasyonal lendi 23, madi 24 ak mèkredi 25 septanm 2024 la, nan memwa moun ki te viktim, lè dife te pete bò yon kamyon gaz, samdi 14 septanm 2024 la, nan mòn Kalbasye ant komin Payan ak Miragwán, depatman Nip.
Gouvènman tranzisyon an di l pran dispozisyon pou bay ajan ekzektif lakomin Miragwán yo ak fanmi viktim samdi 14 septanm 2024 yo akonpáyman, pou antere nan diyite moun ki mouri lè dife a te pete a. Gouvènman an mande popilasyon an pran prekosyon nesesè yo, pou mòd aksidan konsa pa rive ankò sou teritwa Ayiti a. Se sa premye minis Garry Conille ekri sou kont X li. Dènye enfòmasyon pwoteksyon sivil, lendi 16 septanm 2024 la, bay 27 moun ki mouri kankannen ak 55 lòt ki blese, detan 16 motosiklèt te boule nètalkole, lè dife te pete, samdi maten 14 septanm 2024 la, nan moman anpil anpil moun t al eseye pran gaz ki t ap koule nan yon konntenè gaz, ki te an pán, nan mòn Kalbasye, ant Payan ak Miragwán, depatman Nip.
Nan Konsèy minis ki fèt mèkredi 18 septanm 2024 la, ekip tranzisyon an met kanpe sa l rele yon Komisyon verite, jistis ak reparasyon, ki gen 3 fanm ak 4 gason.
3 fanm sa yo, ki nan Komisyon verite, jistis ak reparasyon an, se Marie Esther Felix, Marie Elise Brisson Gelin ak Marie Yanick Mezile Lherisson. 4 gason yo, se Gardy Maisonneuve ki pral jwe wòl prezidan komisyon sa a, Renan Hedouville ki se pwotektè sitwayèn ak sitwayen yo, Ocinjac Benjamin ak Paul Rachel Cadet.
Nan Konsèy minis ki fèt mèkredi 18 septanm 2024 la, ekip tranzisyon an deside lonmen 7 moun (2 fanm ak 5 gason), olye 9, pou vin manm Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep). Ekip tranzisyon an di y ap konplete Kep a, lè òganis k ap defann dwa moun yo ak asosyasyon k ap defann dwa fanm yo chwazi delege pa yo, ki pou ale nan Konsèy elektoral pwovizwa a.
2 fanm sa yo, se Schnaida Adely ki se delege kominote vodou yo ak Marie Florence MATHIEU ki se delege Konsèy Inivésite a. 5 gason yo, se Patrick Saint-Hilaire, ki se delege Konferans episkpal (legliz katolik women) d Ayiti a, Peterson Pierre-Louis ki se delege legliz pwotestan yo, Jacques Desrosiers ki se delege asosyasyon jounalis yo, Jacceus Joseph ki se delege asosyasyon peyizan yo epi Nemrod Sanon ki se delege sendika yo.
N ap siyale Jacceus Joseph, ki te delege òganis dwa moun yo nan Konsèy eletoral pwovizwa a,te bay demisyon l nan dat vandredi 22 janvye 2016. Nan menm mwa janvye 2016 la, te gen tou demisyon konseye Ricardo Augustin pou legliz katolik women nan dat madi 5 janvye 2016, konseye Vijonet Demero pou legliz pwotestan yona dat vandredi 15 janvye 2016, Pierre Junior Manigat kòm delege laprès nan dat vandredi 22 janvye 2016, Pierre-Louis Opont kòm delege fowòm ekonomik sektè prive a nan dat jedi 28 janvye 2016 epi Yolette Mengual kòm delege òganizasyon fanm yo nan dat vandredi 29 janvye 2016. Eleksyon say o, anpil mount e rele eleksyon yon grenn soulye, ki te dwe fèt nan dat dimanch 24 janvye 2016 la, pa t rive fèt, akoz gwo leve kanpe ak manifestasyon divès sektè.
Mèkredi 18 septanm 2024 la, douvan lokal Nassau Veterans Memorial Coliseum nan Long Island, peyi Etazini, plizyè fanm ak gason natif natal Ayiti te fè yon gwo ransanbleman pwotestasyon, pou fè solidarite ak kominote ayisyen nan leta Ohio. Depi plizyè jou, kandida pati repibliken nan eleksyon pou prezidan madi 5 novanm 2024 la, Donald Trump, ansanm ak plizyè patizan l ap simen atak prejije rasis, atak rayisans kont kominote Ayisyen yo nan Ohio.
Konstitisyon peyi d Ayiti a bay fòs lame a responsablite nan pwoteksyon teritwa nasyonal la, nan pwoteksyon anviwónman an ak fè aksyon konsekan lè gen katastwòf natirèl. Se sou pwen sa yo kòmandan fòs lame d Ayiti yo, Derby Guerrier, te ensiste nan yon chita pale li te genyen, mèkredi 18 septanm 2024 la, nan katye jeneral lame a sou Channmas, Pòtoprens, ak konseye prezidan Leslie Voltaire.
Konsèy prezidan pou tranzisyon an pwomèt l ap pran tout dispozisyon nesesè pou lame a ka fè travay li kòmsadwa. Se sa konseye prezidan Leslie Voltaire ekri sou kont X li, kote l di te pran nòt sou tout bezwen lame a ak revandikasyon militè yo, nan chita pale mèkredi 18 septanm 2024 la.
Tout enstitisyon peyi d Ayiti yo kraze plat atè nan lane ki sot pase yo. Pou Ayiti rekanpe nètalkole, sa va pran tan. Sa mande anpil kouraj, pasyans ak responsablite. Se kèk pami leson premye minis Garry Conille di l pran, pandan 100 premye jou gouvènman tranzisyon an, depi dat mèkredi 12 jen 2024 la nan peyi d Ayiti.
Priyorite gouvènman tranzisyon an, se bay sekirite, òganize eleksyon ak pote sloisyon nan kriz imanitè, k ap sakaje popilasyon an. Se lòt deklarasyon Garry Conille. [ppsf emb rc apr 19/09/2024 14:56]