Pòtoprens, 18 septanm 2024 [AlterPresse] --- Mèkredi maten 18 septanm 2024 la, san yo pa t rive konnen dekiprevyen, moun te tande ankò bri kout zam, ki t ap chante nan zòn Dèlma 75 ak Dèlma 83, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Bawo avokat ak avoka Fò Libète yo, depatman Nòdès, estomake apre kò sasináy ak bal, lannuit lendi 16 septanm 2024 la nan Wanament, sou youn nan manm ni mèt Artiste Remy.
Kò sasináy sa a, se yon move siyal, ki montre kouman madoulè ap tonbe nan ekzèsis metye avoka a. Sila ki lotè ak konplis zak sa a dwe resevwa pinisyon yo merite, yon fason pou sosyete a rekonèt ak pwoteje dwa pou moun fè metye avoka. Fanm ak gason avoka yo dwe ret veyatif, detan yo va pote solidarite youn ak lòt, nan limit lalwa bay. Se dizon bawo avokat ak avoka Fò Libète yo. N’ap fè sonje, lannuit 21 pou antre 22 dawout 2024 la, gen endividi ak zam ki te eseye asasinen yon lòt avoka bawo Fò Libète a, mèt Wilson Noel, lè yo te ba l plizyè bal.
Se gwo madoulè ak gwo chòk lakay etidyant ak etidyan, plis responsab fakilte dwa ak syans ekonomik Pòtoprens yo, nan Inivèsite leta d Ayiti a, apre lanmò sibit, madi maten 17 septanm 2024 la, etidyan Jean Wilfrid Aristilde, nan moman li t ap fè yon espoze nan espas Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen yo, ki akeyi kèk kou Fakilte dwa ak syans ekonomik yo akoz laterè gang ak zam yo.
Anvan menm yo te rive lopital avè l, madi 17 septanm 2024 la, etidyan Jean Wilfrid Aristilde te gen tan rann dènye souf li, dapre enfòmasyon disponib yo. Etidyan Jean Wilfrid Aristilde, ki pa t santi l byen bridsoukou, te tonbe nan sal klas kote l te ye a, nan yon espas Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen yo (Opc).
Gen nesesite bon jan akonpáyman bay ti fi ak fanm komin Kafou yo, k ap sibi vyolans rèd mare, depi plizyè mwa, anba men gang ak zam yo. Se rezilta yon ankèt, ant mwa avril pou rive mwa jiyè 2024 la, Club sante mentale Carrefour, k ap ride nan nivo nanm yo, depi lane 2022, ti fi ak fanm ki viv gwo chòk nan lavi yo nan komin Kafou (Sou AlterPresse ak AlterRadio, plis detáy sou rezilta ankèt sa a avèk kòdonatè ekzekitif Klib sa a nan Kafou, Mackendy Dort.
Fòs lòd yo nan peyi d Ayiti ap travay pou reprann kontwòl tout espas ki anba men gang ak zam yo, yon fason pou tout aktivite rekoumanse kòmsadwa nan sant vil Pòtoprens lan. Se pwomès premye minis Garry Conille, ki te vizite, madi 17 septanm 2024 la, espas Bank santral, bank tout bank yo, anba lavil Pòtoprens lan.
Vizit Garry Conille nan espas Bank santral la, bank tout bank yo, madi 17 septanm 2024 la, se te pou fè yon evalyasyon sou sitiyasyon sekirite a anba lavil Pòtoprens lan, ki toujou anba kontwòl gang ak zam yo. Se sa yon nòt biwo premye minis la fè konnen.
Popilasyon peyi d Ayiti a dwe kore operasyon fòs lòd yo kont gang ak zam yo, pou rive nan yon peyi d Ayiti kote ki p ap gen gang ak zam ankò. Se deklarasyon fòs miltinasyonal la, ki bat bravo dèske sòlda ak polisye peyi Jamayik ak Beliz vin pote kole ak yo sou teren an.
Jisteman, operasyon sa yo pèmèt otorite yo koumanse ap reprann kontwòl divès zòn, ki te anba men gang ak zam yo. Gen plizyè bandi ki tonbe nan boukantay kout zam ak lapolis nasyonal la. Gen plizyè bandi ak zam lapolis nasyonal la arete, pami yo 2 manm gang Chen Mechan yo nan Laplenn. Gen plizyè chèf gang k ap eseye voye moun vin negosye. Men, mesaj premye minis Garry Conille ak alatèt lapolis nasyonal d Ayiti yo klè. Gang kriminèl yo dwe depoze zam yo, respekte otorite Leta a epi prepare tèt yo pou reponn douvan lajistis sou krim ak pakèt move lòt zak, yo fè kont popilasyon an. Se sa fòs miltinasyonal la ekri nan yon nòt.
Alo enfo. Se non yon kanpáy Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim) tanmen, madi 17 septanm 2024 la, pou pèmèt fanm ak gason migran Ayiti yo kapab jwenn dokiman idantite ak vwayáj nesesè yo.
Objektif kanpay sa a, se fè sansiblizasyon bò kote fanm ak gason migran Ayiti yo, ba yo enfòmasyon yo bezwen konnen pou yo ka rive jwenn dokiman idantite, ki enpòtan anpil pou sekirite yo ak pou yo defann dwa yo. Pakèt tèt chaje, fanm ak gason migran yo genyen pou yo rive jwenn dokiman vwayáy nesesè yo, se sitiyasyon ki espoze yo, ki ka fè yo sibi espwatasyon ak zak trafik ak trèt moun, ki ka anpeche yo jwenn sèvis leta yo kòmsadwa. Se esplikasyon alatèt nan peyi d Ayiti Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim) báy.
Rive jwenn sèvis entènèt kòmsadwa, se yon kesyon sekirite nasyonal. Se pou sa Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) konvoke yon reyinyon ijans ant tout sila ki konsènen nan zafè telekominikasyon yo. Se sa konseye prezidan Leslie Voltaire ekri sou kont X li.
Leta peyi d Ayiti pran angajman pou garanti tout moun kapab rive jwenn sèvis zouti entènèt la, nan bon kondisyon sekirite, nan benefis tout moun. Se pou sa, sou baz sans responsablite, nou tanmen diskisyon pou rive jwenn solisyon prese prese nan pwoblèm, ki genyen nan sèvis konpayi Natcom ak Digicel yo. Se lòt eleman konseye prezidan Leslie Voltaire ekri sou kont X li.
Depi plizyè jou, anpil anpil kliyan ap plenyen pou sèvis entènèt ak telefòn konpayi Digicel la, ki pa mache byen ditou.
Dènye enfòmasyon disponib yo pale de teknisyen Digicel yo, ki ta rive antre nan espas Kaliko Beach lan, pou al regle pwoblèm nan kab soumaren an.
Nan yon nòt li te rann piblik lendi 16 septanm 2024 la, konpayi Digicel te di li pa dwe Paret Hospitality Group S.A. yon goud. Konpayi Digicel te denonse pwopriyetè otèl plaj Kaliko Beach la, nan Karyès sou wout nasyonal nimewo 1 an, ki pa t asepte teknisyen l yo antre nan espas Kaliko Beach la pou al fè reparasyon nesesè, kote ki gen domaj nan kab soumaren an.
Avoka otèl plaj Kaliko Beach ap travay pou fè konpayi Digicel respekte desizyon lajistis te rann nan dosye 2 milyon 500 mil dola ameriken, konpayi Digicel ta dwe Kaliko Beach. Toutotan Digicel pa peye lajan dèt sa a, nou p ap kabab soutni operasyon l yo. Se pozisyon pwopriyetè otèl plaj Kaliko Beach la, Emmanuel Paret, te pran sou kozman an.
Nou pa ka lage lavni tout pèp ameriken an nan men yon moun, k ap simen divizyon, rayisans, prejije rasis pou divize peyi Etazini. Se dizon Kamala Harris, ki se kandida pou vin prezidan peyi Etazini nan eleksyon madi 5 novanm 2024, k ap vini a.
Se vrèman domaj. Kè m ap dechire. Mwen gen anpil tristès, lè m konsidere ki jan kominote fanm ak gason natif natal Ayiti yo ap viktim zak rayisans nan leta Ohio, akoz pawòl Donald Trump yo. Yon moun, ki se ansyen prezidan peyi Etazini, k ap chèche jwenn yon lòt manda prezidan, ta dwe gen yon konpòtman responsab. Se lòt konsiderasyon Kamala Harris, nan yon entèvyou li bay Asosyasyon nasyonalis jounalis nwa yo Ozetazini. [ppsf emb rc apr 18/09/2024 14:34]