Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Rafrechi memwa sou 17 septanm 1988, plis pase 2 mil 300 moun sètoblije deplase ankò kouri kite lakay yo akoz kout bal nan Site Solèy, materyèl ijans ale nan lopital Miragwán ak Okay pou laswenyáy moun ki boule samdi 14 septanm 2024 la, Guterres an kòlè dèske yo gen difikilte pou rive jwenn lajan nesesè pou kore fòs miltinasyonal la

Pòtoprens, 17 septanm 2024 [AlterPresse] --- 17 septanm 1988 – 17 septanm 2024, sa fè 36 lane depi plizyè militè, yo te rele alepòk ti sòlda yo, te jete Henry Namphy, ki te bay Leslie Francois Manigat yon koudeta nan dat 19 jen 1988.

Jodi a fè 36 lane. Nan dat samdi 17 septanm 1988, 6 jou apre gwo masak fidèl nan legliz Sen Jan Bosko Pòtoprens lan, plizyè militè jete rejim militè Henry Namphy a ki te bay Leslie Francóis Manigat yon panzou nan dat dimanch 19 jen 1988. Namphy te fè koudeta li a 2 jou, apre Leslie Manigat te voye Namphy nan retrèt. Koudeta samdi 17 septanm 1988 la, se mouvman ti sòlda yo pral rele l.

Listwa pa rapòte kouman mouvman sa a te prepare, ni ki dipozisyon ak estrateji sèvo mouvman an te met kanpe. Jisteman, listwa pa di ki jan fè se ti sòlda ki pral parèt douva, nan mwa septanm 1988 la, Se te plizyè sòlda, pami yo Joseph Hebreux, ki pral pase nan divès espas militè, arete plizyè ofisye lame d Ayiti.

Gwoup sòlda sa yo pral remèt pouvwa politik la bay bay Prosper Avril, ki pral pran mayèt la jis rive mwa mas 1990. Samdi 10 mas 1990, Avril bay demisyon l sou presyon manifestasyon Asanble konsètasyon, ki te rasanble plizyè pati politik.

Te gen plizyè evenman, ki te pase sou reny Propsper Avril la ant septanm 1988 pou rive mas 1990.

Lannuit samdi premye pou antre dimanch 2 avril 1989, 3 kolonèl Himler Rebu, Philippe Biamby ak Leonce Qualo te eseye jete Prosper Avril. Sa pa t mache. Sanble otorite ameriken yo pa t dakò ak mouvman militè kò leyopa yo, apre lese frape ki te genyen ant militè leyopa yo, militè palè nasyonal ak militè kazèn Desalin yo nan Pòtoprens. Rebu, Biamby ak Qualo pral pran prizon nan peyi Etazini, apre yo pa t reyisi jete Prosper Avril.

Youn nan pi gwo evenman sou reny Prosper Avril la, se zak maspináy ki te fèt sou plizyè militan politik, yo pral pase sou televizyon ki montre kouman militè yo te maspinen anpil anpil sendikalis Jean Auguste Mezieux, militè Marino Etienne ak Patrick Beauchard epi militan politik Evans Paul (Konpè Plim/ K-Plim) K-Plim. Yo te rele moun sa yo prizonye Latousen. Se te nan dat premye novanm 1989m jou fèt Latousen an, yo te arete yo nan Akachon 32, komin kafou.

Nan mwa janvye 1990, Avril te deklare eta syèj nan peyi d Ayiti apre kò sasináy sou yon ofisye militè.

Kidonk, ant 7 fevriye 1986 pou rive 1990, epitou nan lane apre yo jis rive nan lane 2024 la, peyi d Ayiti te kontinye ap rate anpil randevou listwa.

Pou pote bon jan laswenyáy bay moun ki boule samdi 14 septanm 2024 la, lè dife te pete nan mòn Kalbasye a, ant komin Payan ak Miragwán, gouvènman tranzisyon an fè konnen li voye yon kantite materyèl ijans nan lopital leta Miragwán depatman Nip lan ak lopital leta Okay lan depatman Sid.

Gouvènman tranzisyon an di l pran dispozisyon pou bay ajan ekzektif lakomin Miragwán yo ak fanmi viktim samdi 14 septanm 2024 yo akonpáyman, pou antere nan diyite moun ki mouri lè dife a te pete a. Gouvènman an mande popilasyon an pran prekosyon nesesè yo, pou mòd aksidan konsa pa rive ankò sou teritwa Ayiti a. Se sa premye minis Garry Conille ekri sou kont X li.

Dènye enfòmasyon pwoteksyon sivil, lendi 16 septanm 2024 la, bay 27 moun ki mouri kankannen ak 55 lòt ki blese, detan 16 motosiklèt te boule nètalkole, lè dife te pete, samdi maten 14 septanm 2024 la, nan moman anpil anpil moun t al eseye pran gaz ki t ap koule nan yon konntenè gaz, ki te an pán, nan mòn Kalbasye, ant Payan ak Miragwán, depatman Nip.

Akoz kout bal gang ak zam ap tire depi lannuit madi 10 pou antre mèkredi 11 septanm 2023 a, nan komin Site Solèy la, se plis pase 2 mil 300 moun (ki bay 577 fanmi) ki sètoblije deplase kouri kite lakay yo nan katye Boston, Simon Pele ak lòt. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).

Pi fò nan moun sa yo rive jwenn refij nan sant akèy, pami yo 3 nouvo sant yo rive met kanpe apre evenman lannuit madi 10 pou antre mèkreedi 11 septanm 2024 la. Gang ak zam yo te pete kout bal apre yon match nan Simon Pele, madi 10 septanm 2024 la, ant ekip foutbòl Simon Pele ak ekip foutbòl katye Boston nan.

Mèkredi 4 septanm 2024 la, se 830 moun, ki vle di 172 fanmi, ki te sètoblije deplase kite lakay yo, espesyalman nan 2zyèm seksyon kominal Balan nan Gantye, akoz atak gang ak zam 400 mawozo yo.

Moun nan komin Gantye, pa twò lwen fontyè Malpas/Malpaso a, nan komin Gresye sou wout nasyonal nimewo 2 a ant kafou ak Leyogán, moun Leyogán, moun Site Solèy ak anba Dèlma toujou sou gwo tansyo akoz vyolans ak zam yo.

Depi lane 2023, se plis pase 600 mil moun ki sètoblije deplase kite lakay yo nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, pou al pran refij lòt kote, tankou nan plizyè vil anpwovens, akoz laterè gang ak zam yo)

Sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo, Antonio Guterres, montre l an kòlè, li estomake, dèske yo gen difikilte konsa pou rive jwenn lajan nesesè, ki ta dwe kore aksyon fòs miltinasyonal sou teren an nan peyi d Ayiti, k ap soufri anba laterè gang ak zam yo.

Nan yon entèvyou li bay Ajans Frans près / Afp, natif natal Pòtigal la Antonio Guterres di li pa posib, se sèlman 68 milyon yo rive jwenn sou 600 milyon dola ameriken yo bezwen pou tanmen tout bon operasyon fòs miltinasyonal la sou teren an nan peyi d Ayiti.

Depi lè Nasyon zini te mande kominote entènasyonal la bay bourad lajan sa gen yon lane jodi a, se sèlman gouvènman 6 peyi / Etazini, Kanada, Lafrans, Lespáy, Itali ak Latiki / ki deja bay bourad lajan, pou pote kole ak fòs miltinasyonal la.

Depi gen lagè, yo toujou jwenn lajan. Lè gen kriz woulman lajan, lè yo dwe sove labank ki nan difikilte, yo toujou jwenn lajan. Li pa nòmal, nou pa kap asepte sitiyasyon sa a, kote yon pèp ap soufri, kote yon pèp nan yon sitiyasyon dezespwa konsa, kote nou bezwen yon ti kantite lajan pou met kanpe yon ti fòs militè nan peyi d Ayiti, Se pawòl Antonio Guterres, ki se sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo.

Mete baz k ap pèmèt timoun ant laj 3 pou rive 5 lane yo, nan jaden danfan yo, rive grandi nan bon kondisyon. Se youn nan objektif gouvènman tranzisyon an di l ap rapousuiv nan yon konferans nasyonal sou lekòl jaden danfan yo, ant madi 17 pou rive jedi 19 septanm 2024 la.

An n envesti nan timoun yo pou yon ssyete djanm san fòs kote. Se tèm brase lide nasyonal sa a sou lekòl jaden danfan yo, ant madi 17 pou rive jedi 19 septanm 2024 la.

Defini yon plan aksyon ki ka fè lekòl jaden danfan yo byen mache sou teritwa Ayiti a. Chèche solisyon, ki pou pèmèt tout timoun ant laj 3 pou rive 5 lane yo rive jwenn bon jan ledikasyon nan lekòl jaden danfan yo. Prezante tou demach ministè ledikasyon nasyonal, pou fè timoun grandi nan bon kondisyon nan peyi a. Se divès objektif ministè ledikasyon nasyonal di l ap rapousuiv nan brase lide nasyonal sa a, ant madi 17 septanm pou rive jedi 19 septanm 2024 la.

Sekirite ak byennèt timoun yo nan mitan priyorite ekip tranzisyon an, nan moman kote peyi d Ayiti ap fè fas kare aak yon kokennchenn kriz ki gen gwo konsekans sou lavi timoun yo sou teritwa nasyonal la. Se dizon premye minis Garry Conille, nan moman yo t ap louvri konferans nasyonal sou lekòl jaden danfan yo.

Leta gen responsabilite met lajan konsekan nan fòmasyon pou timoun ki nan laj ant 3 pou rive 5 lane yo, nan nan benefis tout timoun alwonnbadè nan peyi a, san pa mete okenn timoun sou kote. Gouvènman tranzisyon an gen responsabilite met lajan konsekan nan lekòl jaden danfan yo, ki ka ride nan fòmasyon fanm ak gason pou demen peyi a. Se nan moman difisil sa yo nou dwe pran plis angajman pou timoun yo. Envesti nan lekol pou timoun yo, se envesti nan demen peyi a. Se lòt konsiderasyon Garry Conille.

Nan yon nòt li rann piblik lendi 16 septanm 2024 la, konpayi Digicel di li pa dwe Paret Hospitality Group S.A. yon goud. Konpayi Digicel denonse pwopriyetè otèl plaj Kaliko Beach la, nan Karyès sou wout nasyonal nimewo 1 an, ki pa asepte teknisyen l yo antre nan espas Kaliko Beach la pou al fè reparasyon nesesè kote ki gen domaj nan kab soumaren an.

Depi plizyè jou, anpil anpil kliyan ap plenyen pou sèvis entènèt ak telefòn konpayi Digicel la, ki pa mache byen ditou.

Avoka otèl plaj Kaliko Beach ap travay pou fè konpayi Digicel respekte desizyon lajistis te rann nan dosye 2 milyon 500 mil dola ameriken, konpayi Digicel ta dwe Kaliko Beach. Toutotan Digicel pa peye lajan dèt sa a, nou p ap kabab soutni operasyon l yo. Se pozisyon pwopriyetè otèl plaj Kaliko Beach la, Emmanuel Paret. [ppsf emb rc apr 17/09/2024 15:02]