Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Se 27 moun ki mouri kankannen ak 55 lòt ki blese, detan 16 motosiklèt boule nètalkole, lè dife te pete nan yon konntenè gaz nan mòn Kalbasye, Miragwán, pwotestasyon nan Taba kont arestasyon komisè polis Lyvenson Gauthier

Miragwán (Ayiti), 16 septanm 2024 [AlterPresse] --- Dènye enfòmasyon pwoteksyon sivil yo bay 27 moun ki mouri kankannen ak 55 lòt ki blese, detan 16 motosiklèt boule nètalkole, lè dife te pete, samdi maten 14 septanm 2024 la, nan moman anpil anpil moun t al eseye pran gaz ki t ap koule nan yon konntenè gaz, ki te an pán, nan mòn Kalbasye, Miragwán, depatman Nip.

Se dènnye ranmase pwoteksyon sivil sou sa k pase samdi maten 14 septanm 2024 la nan mòn Kalbasye, Miragwán. Sou 55 moun ki blese nan dife a, anbilans pran 16, pote soti nan depatman Nip lan pou mennen nan lopital Pòtoprens, deptman Lwès. Depi nan samdi 14 septanm 2024 laa, te gen 11 blese yo te kouri mennen nan lopital Sen Bonifas Fondèblan ak 5 yo te mennen nan lopital Imakile Konsepsyon Okáy.Lopital piblik Sent Terèz Miragwán nan te debòde anba moun boule grav, yo t ap mennen vin pran swen.

Se te yon gwo chòk ak madoulè laky moun Miragwán, pou jan yo wè anpil natif natal vil lan te pèdi lavi yo ak blese, pami yo plizyè chofè mototaksi, ki te gen enpridans al eseye pran gaz ki t ap tonbe soti nan konntenè gaz lan nan mòn Kalbasye, ant komin Payan ak Miragwán. Dimanch 15 septanm 2024 la, premye minis Garry Conille te ale nan lopital Seen Bonifas Fondèblan, ki t ap bay plizyè moun blese laswenyáy nesesè depi samdi 14 septanm 2024 la.

Nan moman difisil sa yo tout Ayisyèn ak Ayisyen yo dwe fè solidarite youn ak lòt. Se deklarasyon sou kont X li premye minis Garry Conille, ki wete chapo l douvan tout jefò ak responsablite pèsonèl lasante plizyè lopital, nan fè tout sa k posib, depi samdi maten 14 septanm 2024 la, pou bay tout blese yo laswenyáy nesesè yo, detan y ap ankadre paran viktim yo.

Gwo tansyon lendi maten 16 septanm 2024 la, avèk kawoutchou ki t ap boule nan plizyè katye nan komin Taba, kote mache piblik la pa t fonksyone. Se yon mouvman leve kanpe, ki koumanse depi samdi 14 septanm 2024 la, pou ekzije lapolis nasyonal lage komisè polis Lyvenson Gauthier, lapolis la mete sou kote pou ankèt apati vandredi 13 septanm 2024 la.

Pa gen okenn polisye nasyonal ki pi wo pase enstistisyon lapolis la. Depi non yon polisye site nan yon zak, tankou sou lanmò yon moun nan komin Taba, li nòmal pou Direksyon santral lapolis k ap travay pou lajistis la (Dcpj) mennen yon ankèt sou kozman an, sou baz temwayáy li resevwa. Se konsiderasyon, sou AlterPresse ak AlterRadio, pòtvwa an apre lapolis nasyonal la Lyonel Lazare.

Propriyetè otèl plaj Kaliko Beach la, pa twò lwen Monwi, sou wout nasyonal nimewo 1 an, pa asepte teknisyen konpayi Digicel yo antre nan espas Kaliko Beach lan, pou al fè reparasyon nesesè kote ki gen domaj nan kab soumaren, ki lakoz sèvis entènèt Digicel la pa mache depi kèk jou. Se esplikasyon direkte jeneral konpayi Digicel la, Jean Phillipe Brun, báy.

Se depi samdi maten 14 septanm 2024 pase a tout moun, k ap sèvi ak entènèt, SMS ak Moncash konpayi Digicel la, pa ka jwenn sèvis ditou).

Avoka otèl plaj Kaliko Beach ap travay pou fè konpayi Digicel respekte desizyon lajistos te rann nan dosye 2 milyon 500 mil dola ameriken, konpayi Digicel dwe Kaliko Beach. Toutotan Digicel pa peye lajan dèt sa a, nou p ap kabab soutni operasyon l yo. Se pozisyon pwopriyetè otèl plaj Kaliko Beach la, Emmanuel Paret.

Chwa Gedeon Jean, kòm reprezantan sektè dwa moun ki pou ale andedan konsèy administrasyon Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep), se yon desizyon koken pou pase moun nan betiz. Se dizon Platfòm òganizasyon ayisyen dwa mounn yo (Pohdh). [ppsf emb rc apr 16/09/2024 14:00]