Miragwán (Ayiti), 15 septanm 2024 [AlterPresse] --- Samdi maten 14 septanm 2024, 24 moun mouri kankannen epi 40 lòt blese, detan 16 moto boule nètalkole, lè dife pete nan moman anpil anpil moun t al eseye pran gaz ki t ap soti tonbe nan yon konntenè gaz, ki te an pán, nan zòn mòn Kalbasye, Miragwán, depatman Nip.
Se premye ranmase pwoteksyon sivil Ayiti, nan aswè samdi 14 septanm 2024 la. Lopital piblik Sent Terèz Miragwán nan te debòde anba moun boule grav, yo t ap mennen vin pran swen. Se te yon gwo chòk ak madoulè laky moun Miragwán, pou jan yo wè anpil natif natal vil lan te pèdi lavi yo ak blese, pami yo plizyè chofè mototaksi, ki te gen enpridans al eseye pran gaz ki t ap tonbe soti nan konntenè gaz lan nan mòn Kalbasye, ant komin Payan ak Miragwán.
Pami 40 moun ki blese yo, gen 11 yo te kouri mennen nan lopital Sen Bonifas Fondèblan ak 5 yo te mennen nan lopital Imakile Konsepsyon Okáy. Te gen demach, ki t ap fèt pou yo mennen rès moun blese yo, apati elikoptè, nan lopital nan Pòtoprens.
Se te biwo premye minis Garry Conille, ki t ap eseye jwenn yon elikoptè espesyals, ansanm avèk ministè sante piblik, Medsen san fontyè (Msf) plis Òganizasyon mondyal lasante (Oms).
Nan koumansman apremidi samdi 14 septanm 2024 la, premye minis Garry Conille t ale Miragwán, al foure je l gade sa k te pase a.
Pandan tan sa a, ekip Sant operasyon ijans nan depatman Nip la (Coud) t ap fè pase mesajsansiblizasyon, ki di ki konpòtman moun Miragwán yo dwe genyen douvan sitiyaasyon sa a, kote gaz t ap tonbe nan lari a.
Pwoteksyon sivil fè konnen l ap kontinye fè pase mesaj sansiblizasyon yo, sou baz jan sitiyasyon an va ye nan zòn Kalbasye a.
Pwoteksyon sivil krenn pou tè yo ak dlo ki anba tè a, nan zòn Kalbasye a, pa vin kotaminen ak gaz ki gaye yo. Lè a kapab pwazonnen tou ak odè gaz k ap gaye yo, detan danje dife touja posib nan zòn kote kamyon gaz lan te an pán nan.
Poutèt sa, pwoteksyon sivil Ayiti mande tout estrikti, ki angaje nan jesyon danje ak dezas yo, pou degaje yo fè valyasyon prese prese sou trajedi samdi 14 septanm 2024 la nan Kalbasye a, jwenn tout kalte mwayen, ni lajan, pou pote asistan nesesè yo bay moun ki blse yo ak tout lòt moun ki viktim yo, mennen lòt moun ki boule nan dife a nan lopital ki ka ba yo laswenyáy espesyal, retire nan respè ak diyite kò moun ki mouri yo nan lari a, chèche retire presyon ki sou lopital leta Sent Terèz Miragwán nan, chèche deplase kamyon gaz la kote l te tonbe an pán nan pou evite moun al kontinye fè piyáy ladan ankò, paske liposib pou ta gen rès gaz ankò nan kamyon gaz lan, ki lakoz danje dife ankò.
Lannuit lendi 13 pou antre madi maten 14 desanm 2021, anvan jou, nan zòn Samari, Okap ayisyen, depatman Nò, 75 moun te mouri kankannen epi 59 lòt te blse, pami blese yo te gen 47 trè grav, lè anpil anpil moun t al eseye ranmase gaz ki t ap tonbe nan yon kamyon sitèn gaz ki te fè aksidan. Samdi 25 septanm 2021, plizyè motosiklèt te boule rapyetè nan yon dife, ki te pete nan yon estasyon gaz, toujou Okap, depatman Nò.
Jedi apremidi 17 mas 2016, 7 moun te mouri kankanen epi 30 lòt te blese lè yon dife te pete nan yon estasyon gaz nan vil Ench, depatman Plato santral, pa twò lwen Pon Vensan, sou wout nasyonal nimewo 3 a.
Pwoblèm depi kèk jou nan rezo telefòn yo nan peyi d Ayiti.
Depi kèk jou, anpil anpil mounap plenyen dèske yo gen gwo difikilte pou rive kominike youn ak lòt sou rezo konpayi telefòn, ki nan peyi d Ayiti yo. Gen difikite tou nan kesyon entènèt konpayi sa yo.
Gen anpil solidarite k ap fèt ak fanm ak gason natif natal Ayiti yo nan Ohio, kote pati politik repibliken an tanmen yon kanpáy prejije / yon kanpáy rasis kont kominote ayisyen yo depi koumansman mwa septanm 2024 la.
Gen divès inisyativ solidarite k ap fèt nan dènye jou sa yo ak kominote fanm ak gason natif natal Ayiti yo, k ap viv nan Leta Ohio nan peyi Etazini. Pami inisyativ solidarite sa yo, gen anpil anpil moun, natif natal ameriken to, k al manje nan restoran Ayisyen posede nan zòn nan. Se sa anpil temwayáay rapòte bay AlterPresse ak AlterRadio.
Vandredi 13 septanm 2024 la, menm jan ak anpil vwa nann kan pati demokrat la, prezidan ameriken an Joe Biden maande Donald Trump sispann atak prejije, atak rasis kont migran fanm ak gason natif natal Ayiti yo. Donald Trump dwe sispann fè tansyon ogmante kont fanm ak gason natif natal Ayitii yo, avèk fo akizasyon l ap gaye yo. Se deklarasyon Joe Biden vandredi 13 septanm 2024 la, 2 jou apre gwo fas pou fas ant kandida demorat la Kamala Harris ak kandida repibliken pou pòs prezidan an Donald Trump. Ni Kamalla Harris ni jounalis yo te fè Trump sonje pa gen okenn prèv sou akizasyon y ap plede fè kont migran fanm ak gason natf natal Ayiti yo.
Ministè ayisyen k ap viv aletranje yo mande tout Ayisyèn ak Ayisyen yo leve kanpe, pou redi ankò nou se moun. Nou vle pa sèlman voye solidarite nou, men tou nou vle voye yon siyal klè nou rejte ak tout fös deklarasyon sa yo, ki atake diyite konpatriyót nou yo epi ki ka mete lavi yo an danje nan Springfield, Ohio. Se deklarasyon minis Aysisyèn ak Ayisyen aletranje yo, Dominique Dupuy, ki te reyini sou zoom, madi 10 septanm 2024 la, ak plis pase 50 dirijan kominotė, dirijan legliz ak responsab òganizasyon ki travay ak migran nan zón sa yo, epi nan lòt kote Ozetazini.
Ministè Ayisyèn ak Ayisyen aletranje yo di l ap fè evalyasyon sou tout estrateji posib, pou ride konpatriyót ki viktim zak kaponnáy ak rejte sa yo nan Springfield / Ohio, oswa löt kote, pou yo ka jwenn pwoteksyon otorite konpetan yo.
Ministè Ayisyèn ak Ayisyyen aletranje yo di tou li ankouraje tout inisyativ lalwa, ki fèt pou defann dwa migran Ayisyèn ak Ayisyen yo. Ansanm ak misyon diplomasi plis konsila yo, Ministè Ayisyèn ak Ayiseyn aletranje yo fè konnen l ap sèvi ak tout zouti nesesè pou soutni Ayisyèn ak Ayisyen yo, kèlkilanswa kote yo ye nan monn nan.
Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr) leve lavwa tou kont kanpay manti ak vèni ladwat chen anraje Ozetazini a ap fè kont kominote natif natal Ayiti yo, k ap viv nan Ohio.
Malgre otorite Springfield yo demanti akizasyon rasis/prejije sa yo, kanpáy manti sa yo pran yon lòt dimansyon depi lendi 9 septanm 2024 la. Se depi mwa jiyè 2024 la gen moun nan Sprigfield, k ap di yo gen kè kase sou jan kominote Ayisyèn ak Ayisyen yo ap grandi nan Ohio, kote l ta soti nan 15 mil pou rive nan 20 mil noun pandan 4 dènye lane sa yo. Se anpil anpil travayèz ak travayè, k ap goumen pou yo viv chak jou nan diyite, ki rete sou teritwa Etazini a, k ap pote kole tou ak fanmi yo nan peyi d Ayiti.
Platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo mande otorite ameriken yo garanti dwa natif natal Ayiti yo, detan yo va ba yo pwoteksyon nesesè yo. Garr mande otorite ministè zafè etranje Ayiti a pran dosye sa a kòmsadwa, pou ekzije bon jan pwotesyon pou natif natal Ayiti, ki rete sou teritwa Etazini a, detan yo va bay natif natal Ayiti yo tout sipò nesesè yo.
Akizasyon yo vin lage sou do Ayisyèn ak Ayisyen k ap viv nan Leta Ohio, pati repibliken an di ki ta manje chat ak chyen, malgre otorite yo demanti akizasyon sa yo : ki kote pwoblèm nan ye ? Eleman repons avèk yon moso nan emisyon Pou demen ka bèl, ki pase sou AlterRadio 106.1 fm. [emb rc apr 15/09/2024 14:00]