Pòtoprens, 12 septanm 2024 [AlterPresse] --- Jedi 12 septanm 2024 la, toujou gen boukantay kout zam ant gang ak zam nan komin Site Solèy ak alantou yo, apre yon chire pit ki te pete nan moman yon match foutbòl mèkredi apremidi 11 septanm 2024 la.
Nan apremidi jedi 12 septanm 2024 la, lapolis nasyonal d d Ayiti a, AlterPresse ak AlterRadio te kontakte, pot ko an mezi pou bay plis presizyon sou sa k ap pase nan komin Site Solèy la, espesyalman nan zòn wout nasyonal nimewo 1 an.
Men, kout bal yo te koumanse apre yon match foubòl nan blòk Simon Pele, Site Solèy. Ta gen moun ki mouri ak blese ak bal. Se gang ak zam k ap twoke kòn youn ak lòt, ki vin lage ankò gwo tansyon nan zòn Site Solèy ak Site militè, dapre enfòmasyon disponib yo.
Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm ekzije prese prese yon ankèt sou kò sasinay ki fèt dimanch 8 septanm 2024 la sou yon manm ekip li Jean Dramane Simon.
Jean Dramane Simon se yon ansyen etidyan fakilte etnoloji ak fakilte dwa ak syans ekonomik Inivèsite leta d Ayiti. Avèk Jean Dramane Simon ki disparèt dimanch 8 septanm 2024 la, peyi d Ayiti pèdi youn nan pitit li, ki te montre kapasite l genyen pou travay nan ekip ministè kondisyon fanm ak dwa fanm nan. Se kèk nan sa ministè kondisyon fanm ak dwa fanm ekri nan nòt endiyasyon ak pwotestasyon li an, kote l voye senpati l bay fanmi ak zanmi defen Jean Dramane Simon, ki te travay nan biwo lit kont vyolans y ap fè sou fanm ak ti fi yo andedan ministè fanm nan.
Ministè ledikasyon nasyonal wete chapo l nan memwa sendikalis pwofesè syans sosyal Paaul Saint-Preux, ki mouri madi 10 septanm 2024 la. Ministè ledikasyon nasyonal wwete chapo l tou nan memwa sendikalis pwofesè inivèsite Dieula Jean-Louis, ki te chèf sèvis ministè ledikasyon nasyonal, ki mouri jedi 5 septanm 2024 ki sot pase a.
Detan l di l ap kore tout demach pou peyi d Ayiti retounen nan yon sitiyasyon politik ak sosyal nòmal, gouvènman peyi Lespáy la pwomèt l ap voye natif natal li vin bay ajan polis nasyonal Ayiti fòmasyon nesesè.
Se nan yon reyinyon, jedi 12 septanm 2024 la, nan Madrid, kapital peyi Lespáy, minis zafè etranje Lespáy la José Manuel Albares, pale de sesyon fòmasyon sa yo pou lapolis nasyonal d Ayiti a ak minis zafè etranje Ayiti a Dominique Dupuy. Se sa servimedia rapòte nan espas entènèt li
Òganizasyon Nasyon zini pou lamanjáy ak lagrikilti, yo plis konnen sou non Fao, fè konnen li pral pote kole nan pwochen peryòd plante agrikilti peyi d Ayiti, pou ride kwape grangou ak ensekirite lamanjáy divès kote sou teritwa nasyonal la
Se pwomès responsab biwo ijans ak ranfòse kapasite rezistans nan Fao a fè nan yon vizit semenn sa a nan peyi d Ayiti.
Fao di l pran angajman pou ride nan sezo plante k ap vini yo nan peyi d Ayiti. Men, li rekonèt y ap bezwen lajan an diplis pou sove lavi anpil anpil moun, pou prevni grangou, pou ride kominote frajil yo rejwenn mwayen pou yo ka viv, nan yon moman kote anpil anpil fanmi ap kouri kite lakay yo akoz laterè gang ak zam yo. Depi mwa fevriye 2024 la, laterè gang ak zam yo lakoz kantite pwodui agrikilti yo vin bese anpil. I difisil pou rive jwenn pwodui agrikilti yo nan mache piblik yo.
Gen apeprè 5 milyon moun k ap soufri anba yon sitiyasyon ensekirite amanjay rèd mare. Gen tou 125 mil timoun k ap soufi anba yon gwo nivo malnitrisyon.
Poutèt sa, Fao swete kominote entènasyonal la ta bay 48 milyon dola ameriken pou kore plan repons imanitè 2024 la. Sa ki ta ka ride 608 mil moun rive mennen aktivite agrikilti yo an ijans.
Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo leve lavwa kont move kondisyon, yo kenbe ti fi ak ti gason nan prizon pou timoun Cermicol nan Dèlma 33 a. Rosie Auguste Ducena, responsab pwogram andedan Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo ap bay, sou AlterPresse ak AlterRadio, plis presisyon sou kouman sa ye nan prizon Cermicol Dèlma 33 a.
Sant ki ta dwe refè ak remete sou bon wout timoun ki fè zak ki depaman ak lalwa, yo plis konnen sou non Cermicol, rasanble nan Dèlma 33 a 93 ti gason, 10 ti fi, 149 fanm ak 118 granmoun gason li kenbe pou prizon sivil Pòtoprens lan. 118 granmoun gason sa yo nan 2 sal, kote yo te konn fè kou pou ti fi ak ti gason ki komèt zak ki depaman ak lalwa. 149 fanm ak 10 ti fi yo retwouve yo nan 2 sal, yon baryè separe. Kò fanm ak ti fi yo espoze anba je ti gason, anba je granmoun gason yo ak ajan prizon yo nan Cermicol la.
Gen nesesite pou yo refè prizon sivil Petyonvil la, kote yo ka mete fanm ak ti fi ki nan kontravansyon avèk lalwa. Gen ijans pou otorite yo reprann kontwòl zòn, kote te gen prizon gang ak zam kraze yo, epi repare espas prizon sa yo.
Gen nesesite tou pou yo reprann pwogram fòmasyon lekòl pou ti fi ak ti gason, ki fè zak ki depaman ak lalwa yo. Gen nesesite tou pou yo lonmen jij, ki pral anchaje ka timoun ki fè zak ki depaman ak lalwa yo. Epitou pou yo bay jij pou timoun yo espas travay nan bon kondisyon.
Se kèk pami rekòmandasyon Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh) bay, nan dokiman ranmase sou move kondisyon yo mete prizonye ti fi, ti gason, fanm ak granmoun gason nan espas Cermicol Dèlma 33 a. [emb rc apr 12/09/2024 14:00]