Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : 11 septanm dat madichon nan listwa entènasyonal ak nan peyi d Ayiti, pwotestasyon Garr plis ministè Ayisyèn ak Ayisyen k ap viv aletranje yo ki denonse kanpay manti ak fo enfòmasyon kont natif natal Ayiti ki nan Ohio

Move kondisyon prizon pou timoun ti fi ak ti gason nan Cermicol Dèlma 33, bon fòmasyon nan teknoloji ap bay jèn fanm ak jenn gason yo plis pòtinite pou jwenn plas pa yo sou mache travay la

Pòtoprens, 11 septanm 2024 [AlterPresse] --- Rafrechi memwa sou 11 septanm

Nan dat 11 septanm 1973, lame peyi Chili Augusto Pinochet t ap kòmande fè yon koudeta kont prezidan Salvador Allende. Koudeta sa a fèt 2 mwa apre yo te eseye fè yon panzou kont Allende nan mwa jen 1973. Tout enfòmasyon yo rapòte kouman gouvènman Etazini a te kore koudeta 11 septanm 1973 lan. Militè chilyen yo te bonbade palè nasyonal Chili a, yo rele La Moneda a. Salvador Allende te touye tèt li nan palè La Moneda a. Pinochet pral enstale yon diktati militè, ki asasinen anpil anpil anpil moun, fèmen nan prizon plizyè milye lòt moun, fanm ak gason, jis rive lane 1990, kote demokrasi a pral rekoumanse retounen nan peyi Chili.

Nan dat dimanch 11 septanm 1988, yon ekip moun, ki te bay tèt yo non brasa wouj, fè yon kokennchenn masak sou plizyè fidèl legliz katolik women Sen Jan Bosko, nan Pòtoprens, kote pè Jean Bertrand Aristide t ap chante yon mès.

Nan dat samdi 11 septanm 1993, atoufè ak zam pran biznismann Antoine Izmery andedan legliz Sakre kè Pòtoprens, kote yo t ap chante yon mès nan memwa viktim masak 11 septanm 1988 legliz Sen Jan Bosko yo. Atoufè ak zam yo asasinen Antoine Izmery douvan legliz Sakre Kè a.

Ministè Ayisyèn ak Ayisyen k ap viv aletranje yo leve lavwa kont kanpay manti ak fo enfòmasyon nan sèvis enterè politik, y ap fè kont natif natal Ayiti ki nan Ohio Ozetazini.

Ministè ayisyen k ap viv aletranje yo mande tout Ayisyèn ak Ayisyen yo leve kanpe, pou redi ankò nou se moun. Nou vle pa sèlman voye solidarite nou, men tou nou vle voye yon siyal klè nou rejte ak tout fös deklarasyon sa yo, ki atake diyite konpatriyót nou yo epi ki ka mete lavi yo an danje nan Springfield, Ohio. Se deklarasyon minis Aysisyèn ak Ayisyen aletranje yo, Dominique Dupuy, ki te reyini sou zoom, madi 10 septanm 2024 la, ak plis pase 50 dirijan kominotė, dirijan legliz ak responsab òganizasyon ki travay ak migran nan zón sa yo, epi nan lòt kote Ozetazini.

Ministè Ayisyèn ak Ayisyen aletranje yo di l ap fè evalyasyon sou tout estrateji posib, pou ride konpatriyót ki viktim zak kaponnáy ak rejte sa yo nan Springfield / Ohio, oswa löt kote, pou yo ka jwenn pwoteksyon otorite konpetan yo.

Ministè Ayisyèn ak Ayisyyen aletranje yo di tou li ankouraje tout inisyativ lalwa, ki fèt pou defann dwa migran Ayisyèn ak Ayisyen yo. Ansanm ak misyon diplomasi plis konsila yo, Ministè Ayisyèn ak Ayiseyn aletranje yo fè konnen l ap sèvi ak tout zouti nesesè pou soutni Ayisyèn ak Ayisyen yo, kèlkilanswa kote yo ye nan monn nan.

Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr) leve lavwa tou kont kanpay manti ak vèni ladwat chen anraje Ozetazini a ap fè kont kominote natif natal Ayiti yo, k ap viv nan Ohio

Malgre otorite Springfield yo demanti akizasyon rasis/prejije sa yo, kanpáy manti sa yo pran yon lòt dimansyon depi lendi 9 septanm 2024 la. Se depi mwa jiyè 2024 la gen moun nan Sprigfield, k ap di yo gen kè kase sou jan kominote Ayisyèn ak Ayisyen yo ap grandi nan Ohio, kote l ta soti nan 15 mil pou rive nan 20 mil noun pandan 4 dènye lane sa yo.

Se anpil anpil travayèz ak travayè, k ap goumen pou yo viv chak jou nan diyite, ki rete sou teritwa Etazini a, k ap pote kole tou ak fanmi yo nan peyi d Ayiti.

Platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo mande otorite ameriken yo garanti dwa natif natal Ayiti yo, detan yo va ba yo pwoteksyon nesesè yo. Garr mande otorite ministè zafè etranje Ayiti a pran dosye sa a kòmsadwa, pou ekzije bon jan pwotesyon pou natif natal Ayiti, ki rete sou teritwa Etazini a, detan yo va bay natif natal Ayiti yo tout sipò nesesè yo.

Ant madi 10 pou rive vandredi 13 septanm 2024 la, ministè ledikasyon nasyonal ap òganize yon atelye konsiltasyon pou rive met kanpe dokiman k ap di ki jan yo pral fè kou sou teknoloji a nan nouvo segondè a nan peyi d Ayiti.

Ministè ledikasyon nasyonal di l konte bay jèn fanm ak jenn gason yo plis pòtinite, pou kapab antre, pou kapab jwenn plas pa yo sou mache travay la. Depi yo genyen yon bon fòmasyon nan teknoloji, jèn fanm ak jenn gason yo kapab tounen moun ki va fè biznis, ki va met kanpe biznis, pou vin genyen plis richès nan peyi d Ayiti, detan yo ka pèmèt fè fas kare ak ratman ki genyen sou mache travay yo. Se anbisyon ministè ledikasyon nasyonal di l genyen.

Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo leve lavwa kont move kondisyon, yo kenbe ti fi ak ti gason nan prizon pou timoun Cermicol nan Dèlma 33 a.

Sant ki ta dwe refè ak remete sou bon wout timoun ki fè zak ki depaman ak lalwa, yo plis konnen sou non Cermicol, rasanble nan Dèlma 33 a 93 ti gason, 10 ti fi, 149 fanm ak 118 granmoun gason li kenbe pou prizon sivil Pòtoprens lan. 118 granmoun gason sa yo nan 2 sal, kote yo te konn fè kou pou ti fi ak ti gason ki komèt zak ki depaman ak lalwa. 149 fanm ak 10 ti fi yo retwouve yo nan 2 sal, yon baryè separe. Kò fanm ak ti fi yo espoze anba je ti gason, anba je granmoun gason yo ak ajan prizon yo nan Cermicol la.

Gen nesesite pou yo refè prizon sivil Petyonvil la, kote yo ka mete fanm ak ti fi ki nan kontravansyon avèk lalwa. Gen ijans pou otorite yo reprann kontwòl zòn, kote te gen prizon gang ak zam kraze yo, epi repare espas prizon sa yo.

Gen nesesite tou pou yo reprann pwogram fòmasyon lekòl pou ti fi ak ti gason, ki fè zak ki depaman ak lalwa yo. Gen nesesite tou pou yo lonmen jij, ki pral anchaje ka timoun ki fè zak ki depaman ak lalwa yo. Epitou pou yo bay jij pou timoun yo espas travay nan bon kondisyon.

Se kèk pami rekòmandasyon Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh) bay, nan dokiman ranmase sou move kondisyon yo mete prizonye ti fi, ti gason, fanm ak granmoun gason nan espas Cermicol Dèlma 33 a.

Gouvènman peyi Jamayik la fè konnen li tanmen kore fòs miltinasyonal la avèk 24 natif natal Jamayik li voye jodi a. [emb rc apr 11/09/2024 14:00]