Pòtoprens, 5 septanm 2024 [AlterPresse] --- Jedi 5 septanm 2024 la, polisye nasyonal Wisly Villefranche, 28tyèm pwomosyon, mouri anba bal nan boukantáy kout zam ak bandi, nan ri Maglwa Anbwáz, Pòtoprens. Sendika polis nasyonal d Ayiti a (Spnh-17) ak Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha), yo chak bò kote pa yo, voye senpati yo bay fanmi polisye nasyonal Wisly Villefranche.
Depi byen bonè jedi 5 septanm 2024 la, te gen boukantáy kout zam ant lapolis nasyonal la ak gang ak zam nan zòn Kafou Fèy ak ri Magloire Ambroise, nan sant vil Potoprens lan. Sa te lakoz gwo tansyon nan zòn sa yo ak sou wout nasyonal nimewo 2 a, blòk avni Bòlòs yo.
Gen anpil chofè machin transpò piblik, ki t ap soti nan komin Kafou, ki te sètoblije kase tèt tounen, akoz kout bal ki t ap pete yo. Se depi madi 3 septanm 2024 la gen gwo panik nan plizyè katye, kip a twò lwen wout nasyonal nimewo 2 a, tankou blòk simityè Pòtoprens, ri Alèt ak lòt kote, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. Depi plizyè jou, moun nan zòn sa yo t ap mande lapolis vin pote yo sekou, anba gang ak zam yo k ap kase kay yo lannuit.
San l pa di ki lè, ni ki gouvènman, nan ki peyi, ki voye yo, premye minis Garry Conille ekri sou kont X li ekip tranzisyon an resevwa yon lo materyèl, pami yo zam, pou Fòs lame d Ayiti a.
Ekip tranzisyon an dwe poze aksyon, ki ka pèmèt popilasyon an jwenn lavi miyò, sitou nan zafè sekirite. Se kout rèl, douvan laprès, pati politik Fanmi Lavalas, ki denonse tout mannèv li konsidere k ap fèt pou pataje pòs nan administrasyon piblik la, detan soufrans popilasyon an toujou rete tennfas. Se dizon Maryse Narcisse, ki se kòdonatris komite ekzekitif pati politik Fanmi Lavalas.
Goumen kont koripsyon an dwe kontinye. Li pa twò ta pou n sove tranzisyon an. Se rekòmandasyon pati politik Fanmi Lavalas.
Nan vizit ofisyèl li fè jedi 5 septanm 2024 la nan peyi d Ayiti, sekretè leta ameriken an, ki se minis zafè etranje peyi Etazini, Anthony Blinken, chita pale ak Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), epi ak premye minis Garry Conille.
Anpil bri ap kouri nan milye politik la sou kesyon 3 manm Kpt yo, Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles, ki gen non yo site nan eskandal koripsyon nan Bank nasyonal kredi (Bnc), nan moman Anthony Blinken chita pale ak Kpt a.
Prezans sekretè leta ameriken an Anthony Blinken nan peyi d Ayiti, jedi 5 septanm 2024 la, plis sanble ak yon chèf k ap debake nan koloni li, pou vin fè sipèvizyon travay li te bay fè nan koloni an. Se kèk pami konsiderasyon Konbit òganizasyon politik, sendika ak popilè yo.
Èske vizit Blinken nan ta rantre nan yon nouvo deal ant pey Etazini ak peyi d Ayiti, pou ta rive met bout nan mòd relasyon mèt/esklav ant 2 peyi sa yo depi lontan ? Èske dirijan ayisyen yo ap ka ranmase kouraj yo pou diskite an granmoun ak Anthony Blinken sou sitiyasyon kriz fabrike sila a, popilasyon an ap sibi a, epi tire leson nesesè yo nan benefis ak enterè pèp ayisyen an ?
Antouka, pèp ayisyen an dwe kontintinye kale je l pou rejwenn dwa granmoun peyi d Ayiti, dwa poul chwazi ki wout li dwe ak vle fè limenm. Se sèl wout dwa granmoun peyi d Ayiti ki ka mennen nou nan chanjman n ap ekzijee depi lontan an.
Toutotan se pisans enperyalis yo, avèk ameriken nan tèt pisans enperyalis yo. k ap deside nan plas pa n. nou p ap gen okenn chans pou nou soti nan sa nou ye la a.
Kidonk, nou dwe mete fanm ak gason sou nou pou nou libere peyi nou anba enjerans epi konstwi yon Ayiti granmoun, kote byennèt la blayi pou tout moun, jan Jean Jacques Dessalines te vle sa pou peyi a. Nou dwe mobilize n pou fòse tout pisans enperyalis yo remèt tout lajan nou yo, kit lajan otorite ameriken yo te pran nan bank repiblik Ayiti nan dat 17 desanm 1914, kit lajan otorite Lafrans te fòse peyi d Ayiti peye pou lendepandans premye janvye 1804 la. Se dizon Konbit òganizasyon politik, sendika ak popilè yo, okazyon vizit sekretè leta ameriken an Anthony Blinken, jedi 5 septanm 2024 la, nan peyi d Ayiti.
Mèkredi 4 septanm 2024 la, ministè zafè etranje siyen ak Konferans rektè ak prezidan inivèsite ayisyen yo (Corpuha) yon akò pou ride fè pi bon jesyon bous entènasyonal yo, ranfòse Akademi Jean Price Mars lan nan vil pwovens yo ak louvri konkou sou tout teritwwa nasyonal la pou rive jwenn jèn fanm ak jenn gason, ki ka antre nan diplomasi peyi d Ayiti, sou baz merit yo genyen. [ppsf emb rc apr 05/09/2024 15:10]
