Sen Mak (Ayiti), 4 septanm 2024 [AlterPresse] --- Evenman ki te pase vandredi 16 dawout 2024 la nan prizon sivil Saint-Marc la, depatman Latibonit, se yon vrè masak, kote prizonye san defans, ki t ap revandike dwa pou jwenn manje akòz yon grèv ofisye prizon yo, tonbe anba bal an prezans otorite ki responsab pou garanti dwa yo. Se sa ògans dwa moun Fondasyon je klere (Fjkl) denonse nan yon rapò ankèt.
Fondasyon je klere di l rive konte 14 prizonye ki mouri ak 7 lòt ki blese nan evenman vandredi 16 dawout 2024 la, nan prizon sivil Sen Mak la. Sak rive a, se prèv degradasyon enstitisyon leta yo ak dwa lavi ki pa respekte nan peyi d Ayiti. Leta echwe nan misyon li pou garanti dwa prizonye yo, tankou ba yo manje, pwoteje lavi yo. Kalte evenman sa yo souke sistèm prizon ayisyen an.
Ki jan yo ka touye prizonye yo nan selil yo, san leta pa fe okenn reyaksyon? Evenman ki te pase nan prizon sivil Sen Mak la pa dwe rete san pinisyon. Responsablite yo dwe fikse. Fondasyon Je Klere (FJKL) mande Enspeksyon jeneral lapolis nasyonal Ayiti a (IgPnh) ak Direksyon santral lapolis k ap traváy pou lajistis la (Dcpj) louvri yon ankèt pou moun, ki responsab zak maspináy dwa moun grav sa yo, ta jwenn pinisyon yo merite.
Plis pase 2 mwa, depi premye gwoup polisye Kenya yo (se te madi 25 jen 2024 la) te koumanse deplòtonnen nan peyi d Ayiti, gouvènman Joe Biden nan ap etidye posiblite pou ta fè fòs miltinasyonal la tounen yon misyon lapè Nasyon zini. Se sa yon sous di jounal ameriken Miami Herald, ki souliyen konplikasyon pou gouvènman Lachin ak Larisi ta dakò pou pase men sa a fèt.
Gouvènman peyi Etazini a ap etidye posiblite sa a, akoz difikilte pou jwenn lajan ak ekipman ki ka pèmèt fòs miltinasyonal la ride fòs sekirite Ayiti yo kwape laterè gang ak zam yo sou teritwa nasyonal la. Se sa yon sous di jounal ameriken Miami Herald.
Se vandredi 30 septanm 2024, k ap vini a, Konsèy sekirite Òganizasyon Nasyon zini yo gen pou deside si l ap pwolonje manda fòs miltinasyonal la nan peyi d Ayiti. Se sa jounal ameriken Miami Herald rapòte.
Nan vizit ofisyèl l ap fè jedi 5 septanm 2024 la nan peyi d Ayiti, sekretè leta ameriken an, ki se minis zafè etranje peyi Etazini, Anthony Blinken, ta dwe chita pale ak Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), ak premye minis Garry Conille plis kèk dirijan pati politik.
Anpil bri ap kouri nan milye politik la sou kesyon 3 manm Kpt yo, Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gerald Gilles, ki gen non yo site nan eskandal koripsyon nan Bank nasyonal kredi (Bnc), nan moman Anthony Blinken pral chita pale ak Kpt a.
Konpayi leta Elektrisite d Ayiti fè konnen li pa an mezi pwodui kouran apati santral, li genyen Pelig, toupre Mibalè, depatman Plato santral.
Konpayi Elektrisite d Ayiti mande otorite yo louvri yon ankèt pou idantifye, jije ak pini tout sila, li di ki ta mele nan zak sabotáy nan santral Pelig la. Epi pou otorite yo pran bon jan dispozisyon [pou garanti sekirite santral kouran Pelig la. Konpayi Elektrisite d Ayiti soti nòt sa a, nan moman yon gwo blakawout blayi depi lendi 2 septanm 2024 la nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, ki pa resevwa kouran piblik la.
Tout minis, ki ta fè pwopozisyon lonmen moun nan administtrasyon piblik la sou baz kòkòdáy politik, non sèlman y ap pase anba pye sa k ekri nan akò 3 qavril 2024 la, men tou y ap pilonnen tout sa k prevwa nan plan batay ekip tranzisyon an. Se pinga premye minis Garry Conille, nan yon konsèy gouvènman traqnzisyon an ki te fèt madi 34 septanm 2024 la.
Lakou dèkont dwe mennen yon ankèt sou jesyon ansyen direktris Phanese Laguerre nan tèt Pwogram nasyonal kantin lekòl yo (Pncs). Se rekòmandasyon Inite lit kont koripsyon (Ulcc), ki di Leta peyi d Ayiti ta pèdi plis pase 250 milyon goud akoz move jesyon ansyen direktris Phanese Laguerre ak akolit li yo.
Rapò ankèt Inite lit kont koripsyon an akize ansyen direktris Pwogram nasyonal kantin lekòl yo, Phanese Laguerre, ki ta fè sa pa sa nan fè wout kwochi ak lajan plis byen leta, nan moman li te nan tèt Pwogram nasyonal kantin lekòl yo (Pncs).
Inite lit kont koripsyon (Ulcc) mande lajistis rapousuiv direktè jeneral Germain Paulemon, direktè jeneral an apre Max Alex Joseph ak direktris zafè administrasyon Sèvis nasyonal k ap ranmase ak jere fatra (Sngrs), Bibiana Belizaire, li akize ki ta fè wout kwochi ak yon kantite gallon gaz, ki vo plis pase 125 milyon goud.
Inite lit kont koripsyon mande revokasyon 3 responsab sa yo, pou anpecvhe yo kanpe ankwa kont lajistis, akoz pòs yo okipe nan leta a.
Lajistis dwe rapousuiv ansyen minis plan Aviol Fleurant ak 13 diplomat, ki bay manti nan deklarasyon byen yo posede oswa ki pa fè deklarasyon byen yo posede kòmsadwa. Se rekòmandasyon Inite lit kont koripsyon (Ulcc).
Lajistis dwe rapousuiv ansyen minis plan Aviol Fleurant, ki ta bay manti nan deklarasyon byen li posede epi ki ta fè lajan nan move kondisyon. Lajistis ta dwe rapousuiv tou ansyen direktè jeneraal Ofis nasyonal asirans vyeyès / Lona, Jemley Marc Jean-Baptiste, ki ta prete moun kòb Lona nan move kondisyon. Epi lajistis ta dwe rapousuiv 13 diplomat, ki pa fè deklarsyon byen yo posede apre yo fin kite pòs kote yo t ap travay yo. Se plis pase 614 millyon goud leta pèdi nan tout dosye say o. Se sa Inite lit kont koripsyon jwenn nan 13 rapò ankèt li mennen.
Dwe gen bon jan ankèt serye ki fèt, pou chèche konnen tout byen ansyen prezidan Michel Martelly, madanm ni ak tout pitit yo posede, apre yo fin piye lajan leta yo. Se kout rèl rasanbleman òganizasyon Ansanm kont koripsyon.
Inite lit kont koripsyon / Ulcc dwe mennen ankèt sou tout byen Martelly ak konplis yo. Ankèt sa yo pral pèmèt Martelky ak akolit li yo jwenn pinisyon yo merite pou tout move zak dechèpiyáy yo fè nan resous leta yo, ki deja anpil anpil. Se yon fason pou defann enterè leta Ayiti. Se yon fason pou leta peyi d Ayiti fè suivi konsekan, apre depatman trezò peyi Etazini te pran sankksyon kont Michel Martelly, li te jwenn nan trafik dwòg, blanchi lajan dwòg ak parenn gang ak zam sou teritwa Ayiti a. Se dizon Ansanm kont koripsyon.
Madi 4 septanm 2024 la, lapolis nasyonal prezante Stanley Midi, ki te fè têt li pase pou yon polisye, li te arete jedi 29 dawout 2024 la nan Komin Taba.
Lapolis nasyonal la fè konnen Stanley Midi te konn sèvi ak materyèl yon polisye nasyonal, lapolis pa site non l, pou twonpe vijilans anpil moun. [ppsf emb rc apr 04/09/2024 15:11]
