Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Rezilta ekzamen 9vyèm ane fondamantal pou 5 sou 10 depatman, 15 moun lapolis nasyonal la sispèk kòm bandi mouri nan boukantáy kout zam ak lapolis depatman Grandans lan

Pòtoprens, 2 septanm 2024 [AlterPresse] --- Dimanch premye septanm 2024 la, ministè ledikasyon nasyonal bay rezilta ekzamen 9vyèm ane fondamantal jiyè 2024 yo pou depatman Nò, Nòdès, Nòdwès, Grandans ak Nip.

90 pousan elèv, ki te konpoze nan depatman Nò yo, pase nan ekzamen 9vyèm ane fondamantal jiyè 2024 yo. Se 84 pousan elèv ki pase nan depatman Nòdès. Gen 81 pousan elèv ki pase nan depatman Nòdwès, 75 pousan nan depatman Nip ak 73 pousan nan depatman Grandans.

Sou plis pase 40 jou, ant jedi 18 jiyè pou rive jedi 29 dawout 2024 la, gen 15 moun, lapolis nasyonal la sispèk kòm bandi, ki mouri nan boukantáy kout zam ak lapolis depatman Grandans lan. Sou menm peryòd lan, lapolis depatman Grandans lan arete 110 moun epi sezi 6 zam. Se yon ranmase lapolis depatman Grandans lan, nan yon kozman ak laprès samdi 31 dawout 2024 la.

Popilasyon Grandans lan pase alenfinitif 7 moun, yo sispèk ki te nan alyansáy ak gang ak zam nan komin Chambellan, Moron ak Anse-d’Hainault. Popilasyon an boule plizyè kay, kote bandi ak zam te konn kache nan zòn sa yo. Yo rive rekipere plizyè zannimo peyizan yo, bandi yo te vòlò. 2 manm yon gang, ki te konn simen laterè nan lokalite Desormeaux, komin Jeremi, te deside al remèt, mèkredi 28 dawout 2024 la, bay notab zòn nan yon revolvè kalib 38, yon pistolè 9 milimèt ak yon zam uzi manch long. Notab yo te remèt zam sa yo bay lapolis. Se sa alatèt lapolis depatman Grandans lan fè konnen, nan kozman ak laprès samdi 31 dawout 2024 la.

Lendi maten 2 septanm 2024 la, moun Nazon nan Pòtoprens, pa twò lwen Lali, pantan sou kadav 3 jenn gason, ki t ap benyen nan san yo, ki mouri anba bal, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Youn nan pi gwo defi ekip tranzisyon an dwe leve, se gade ki jan li ka ogmante kantite polisye ak militè pou garanti sekirite popilasyon Ayiti a. Se deklarasyon preye minis Garry Conille, ki pa di konbyen polisye nasyonal ak militè lame d Ayiti k ap feraye sou teren an.

Pou fè peyi d Ayiti retounen nan lapè, fòs miltinasyonal la fè konnen li pral mennen operasyon sou lanmè, atè ak anlè nan tan k ap vini yo. Se sa kòmandan fòs miltinasyonal la di nan yon kominike.

Operasyon fòs miltinasyonal lan pral fèt tou nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, ki anba kontwòl gang ak zam yo. Operasyon sou lanmè, atè ak anlè, fòs miltinasyonal la pral mennen yo, pral pèmèt debloke wout ak lari, pou tout moun ka mache libelibè ak pou machandiz ka fè ale vini sou teritwa a. Tout sa pral fèt pou garanti sekirite popilasyon an. Nou p ap kite okenn plas pou gang yo, ki dwe depoze zam yo epi rann tèt yo bay lajistis pou reponn de zak kriminèl yo fè sou popilasyon an. Se ekzijans fòs miltinasyonal la.

Otorite Leta yo dwe sispann lonmen fanm ak gason nan administrasyon piblik la, sou baz parenn ak marenn. Se deklarasyon Garry Conille, nan moman l ap louvri yon platfòm sou entènèt pou modènize jesyon ekip moun, yo bay non kontraktyèl yo nan administrasyon piblik la.

Platfòm sou entènèt sa a pral pèmèt leta gen bon jan enfòmasyon sou tout anplwaye l yo, pou ba yo pi bon tretman epi pèmèt yo bay pi bon rezilta. Fòk gen bon jan rezon pou lonmen fanm ak gason nan administrasyon piblik la. Li pa nòmal pou salè mwayen nan administrasyon piblik Leta a, se 35 mil goud. Ekip tranzisyon an ap traváy pou mete plis jèn fanm ak jenn gason kòm fonksyonè leta. Se pwomès Garry Conille.

Nan yon lòt pozisyon nan dat 30 daawout 2024 la, òganizasyon Amnesty international di l regrèt otorite Repiblik Dominiken yo, malgre tout prèv ki ekziste yo, pèsiste, derefize rekonèt zak maspináy dwa moun, espesyalman zak maspináy dwa fanm ak gason migran yo, plis konpòtman prejije/rasis kont fanm ak gason migran yo sou teritwa dominiken an.

Otorite Repiblik Dominiken yo ta dwe sèvi ak dezyèm manda prezidan Luis Abinader la pou fè pwomosyon anfavè respè dwa moun, respè dwa fanm ak gason migran yo, detan yo va sispann tout politik migrasyon ki chita sou rayisans ak prejije apati ras fam ak gason migran yo. Se te rekòmandasyon Amnesty Iternational nan yon pozisyon nan dat mèkredi 28 dawout 2024 la.

Gouvènman Repiblik Dominiken an dwe pran angajman pou l kwape tout fòm vyolans, abi ak pilonnáy dwa moun, leve kanpe kare bare kont zak maspináy dwa moun yo epi ranmase tout enfòmasyon, monte dosye tout enfòmasyon sou zak maspináy dwa moun, sou zak maspináy dwa fanm ak gason migran yo nan dènye was a yo. Otorite dominiken yo dwe suivi yon politik migrasyon, ki respekte diyite ak dwa moun. Se sa Amensty International ekri nan pozisyon li te pran mèkredi 28 dawout 2024 la.

Anvan lontan, otorite eleksyon nan peyi Brezil yo ap vini nan peyi d Ayiti pou tabli yon akò patnè sou eleksyon avèk otorite peyi d Ayiti yo. Se sa k soti nan yon reyinyon minis zafè etranje peyi d Ayiti a, Dominique Dupuy, di l te genyen, vandredi 30 dawout 2024 la, avèk prezidant tribinal siperyè elektoral Brezil la.

Gen nesesite pou divès peyi sou latè konsidere ansanm tout kalte madoulè, gwo chòk ak move konsekans, sistèm lesklaváy la kite sou popilasyon Nwa yo. Se mesaj minis zafè etranje Ayiti a, Dominique Dupuy, ki t ap patisipe, nan peyi Brezil samdi 31 dawout 2024 la, nan 6zyèm woumble dyaspora afriken nan espas Amerik yo.

Sa va pèmèt tout peyi, ki soufri anba lesklaváy yo, ki sot nan toyo Afrik yo, va rive jwenn fòs, kouráy, pou pran chimen lajistis, lapè ak pwogré. Se dizon Dominique Dupuy. Memwa, restitisyon, reparasyon ak rekonstriksyon, se sou tèm sa a 6zyèm woumble dyaspora afriken an espas Amerik yo te fèt. [ppsf emb rc apr 02/09/2024 15:00]