Pòtoprens, premye septanm 2024 [AlteerPresse] --- Komite ki anchaje mennen bak Federasyon ayisyen foutbòl lan voye senpati l bay fanmi ak tout sila ki pre ansyen foutbolè Marcel Joinvilmar, moun te plis konnen sou non Ismael, bandi ak zam asasinen lakay li Dèlma 3, lannuit jedi 29 pou antre vandredi 30 dawout 2024 la.
Marcel Joinvilmar te pami moun k ap dirije Racing Klib ayisyen, kote l te konn jwe kòm foubolè.
Sendika nasyonal polisye aysiyen yo (Synapoha) mande lapolis nasyonal la mete materyèl ki pou etenn dife, sa yo rele estenktè yo, andedan machin blende y ap itilize pou fè operasyon kont gang ak zam yo sou teren an.
Plizyè fwa, gang ak zam yo konn voye kòktèl molotov sou machin blende lapolis yo. Se sa Sendika nasyonal polisye ayisyen yo fè sonje. Sendika nasyonal polisye ayisyen yo di l wete chapo l douvan kouráy ak sans responsablite, polisye nasyonal yo montre nan operasyon yo tanmen sou Belè ak lòt katye nan Pòtoprens, depi madi 27 dawout 2024 la. Samdi 31 dawout 2024 la, alatèt lapolis nasyonal yo te fè yon seyans motivasyon ak ankourajman pou polisye nasyonal, k ap mennen operasyon kont gang ak zam yo sou teren an.
Yon lòt bò, lapolis nasyonal la fè konnen, vandredi 30 dawout 2024 la, li arete, mèkredi 28 dawout 2024 la, polisye nasyonal Yvenson Benoit, li sispèk ki ta mele nan zak dappiyanp ak vòlò yon kamyon machandiz nan Dèlma 32, lannuit samdi 24 pou antre dimanch 25 dawout 2024 la.
Lè yon patwouy lapolis te rive nan Dèlma 32, lannuit samdi 24 pou antre samdi 25 dawout 2024 la, Yvenson Benoit ta tire sou patwouy la epi kouri sove. Nan moman li t ap kouri sove a, li kite tonbe atè zam li, chajè zam li an ak telefòn yon moun ki te nan kamyon machandiz lan. Se sa lapolis nasyonal la fè konnen.
Ministè lajistis ak sekirite piblik mande konsèy ekzekitif enterimè zòn Nò peyi d Ayiti yo mete kanpe komite sekirite nan lakomin yo, pou rive kwape laterè gang ak zam yo. Se sa, san l pa bay plis presizyon, ministè lajistis di li te mande nan yon chita pale, finisman mwa dawout 2024 la, avèk konsèy ekzekitif enterimè, delege, delege an apre, manm Konsèy administrasyon seksyon kominal (Kasek) ak manm Asanble seksyon kominal (Asek) zòn Nò peyi d Ayiti yo.
Se ministè zafè etranje peyi d Ayiti a, ki ta dwe mande depatman leta ameriken pèmèt li jwenn dosye natif natal Ayisyen, ki tonbe anba sanksyon depatman trezo Etazini an. Se rekomandasyon mèt avoka Camille Leblanc sou AlterPresse ak AlterRadio.
Sistèm lajistis Ayiti a ka mennen enstriksyon sou dosye Michel Martelly, depatman trezo ameriken jwenn ki nan trafik dwog, blanchi lajan dwog ak parenn gang ak zam nan peyi d Ayiti. Se lot konsiderasyon met avoka Camille Leblanc sou AlterPresse ak AlterRadio.
Yon bourad lajan 100 milyon dola ameriken, pou kore pwogram ijans imanitè nan peyi ki gen gwo pwoblèm yo, tankou peyi d Ayiti k ap fè fas kare ak pwoblèm sekirite plis yon kokennchenn kriz imanitè. Se sa Òganizasyon nasyon zini anonse vandredi 30 dawout 2024 la, san l pa di ki kantite lajan, sou 100 milyon dola ameriken li prevwa a, l ap voye nan peyi d Ayiti.
Jedi 29 dawout 2024 la, gadkòt zile Pòtoriko pimpe vini pa bò isit 71 migran natif natal Ayiti, epi pimpe nan peyi Repiblik Dominiken 39 migran natif natal Dominiken. Gadkòt Pòtoriko di yo te jwenn migran Ayiti ak Repiblik Dominiken yo san papye sou yon ti bato sou lanmè, toupre zile Lamona ki sou teritwa Pòtoriko a.
Anvan lontan, otorite eleksyon nan peyi Brezil yo ap vini nan peyi d Ayiti pou tabli yon akò patnè sou eleksyon avèk otorite peyi d Ayiti yo. Se sa k soti nan yon reyinyon minis zafè etranje peyi d Ayiti a, Dominique Dupuy, di l te genyen, vandredi 30 dawout 2024 la, avèk prezidant tribinal siperyè elektoral Brezil la.
Gen nesesite pou divès peyi sou latè konsidere ansanm tout kalte madoulè, gwo chòk ak move konsekans, sistèm lesklaváy la kite sou popilasyon Nwa yo. Se mesaj minis zafè etranje Ayiti a, Dominique Dupuy, ki t ap patisipe, nan peyi Brezil samdi 31 dawout 2024 la, nan 6zyèm woumble dyaspora afriken nan espas Amerik yo.
Sa va pèmèt tout peyi, ki soufri anba lesklaváy yo, ki sot nan toyo Afrik yo, va rive jwenn fòs, kouráy, pou pran chimen lajistis, lapè ak pwogré. Se dizon Dominique Dupuy. Memwa, restitisyon, reparasyon ak rekonstriksyon, se sou tèm sa a 6zyèm woumble dyaspora afrike nnan espas Amerik yo te fèt samdi 31 dawout 2024 la, nan peyi Brezil. [ppsf emb rc apr 01/09/2024 14:48]
