Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Bourad materyèl Taiwan bay lapolis nasyonal la, Etazini rekoumanse bay otorizasyon vwayáy an relasyon ak pwogram Biden nan, Amnesty international mande Repiblik Dominiken sispann tout politik migrasyon ki chita sou rayisans ak prejije sou baz ras

Pòtoprens, 30 dawout 2024 [AlterPresse] --- Kas ak jilè pwoteksyon kont bal, pòch pou chajè ak radyokominikasyon, materyèl pou bouche figi ajan sou teren an, gan ki ka anpeche ajan yo blese, linèt pwoteksyon ak pwoteksyon pou jenou. Se sa ki nan chak pakè sou yon total 400 lo ekipman peyi Taiwan fè peyi d Ayiti kado, jedi 29 dawout 2024, pou batay kont gang ak zam yo.

Pou ankouraje pi bon kòdinasyon ant lapolis nasyonal d Ayiti a ak fòs miltinasyonal la, gouvènman Etazini ak Kanada voye remèt, jedi 29 dawout 2024 la, yon lo radyo kominikasyon bay lapolis nasyonal la.

Apre 22 jou kanpe, kote yo te di y ap fè ankèt sou tout demann sipò nan pwogram Biden nan, depatman sekirite enteryè peyi Etazini fè konnen, jedi 29 dawout 2024 la, depatman sekirite enteryè peyi Etazini fè konnen, jedi 29 dawout 2024 la, li rekoumanse bay otorizasyon vwayáy pou natif natal Ayiti, Kiba, Venezyela ak Nikaragwa kapab antre sou teritwa ameriken an.

Depatman sekirite eteryè peyi Etazini presize l ap kontinye mennen ankèt sou magouy ak bagay kwochi, ki ta genyen nan demann sipò pou antre sou teritwa ameriken an. Fouye gade lanvè landrèt tout demann sipò, pou sila ki va benefisye pwogram Biden nan. Se pou sa, nan yon nòt avèstisman ki te parèt mèkredi 7 dawout 2024 la, depatman sekirite enteryè peyi Etazini te sispann pou yon bout tan otorizasyon vwayáy pou sila yo asepte nan pwogram Biden nan, ki soti nan peyi Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela.

Se ta bagay kwochi, ki ta fè depatman sekirite enteryè peyi Etazini a te deside sispann pou yon bout tan, koumansman mwa dawout 2024 la, otorizasyon vwayáy, pou sila yo deja asepte nan pwogram Biden nan. Se sa plizyè medya ameriken te rapòte.

Sèvis sitwayen ak imigrasyon peyi Etazini te mande tout sila, yo asepte nan pwogram Biden nan, verifye si yo gen otorizasyon pran avyon pou ale nan peyi Etazini, anvan yo òganize vwayay yo.

Sèvis sitwayen ak imigrasyon peyi Etazini te di tou y ap kontinye asepte demann moun k ap bay sipò, pou fè antre lòt moun nan peyi Etazini. Nan koumansman mwa dawout 2024 la, gen konpayi avyon ki te derefize anbake, nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, plizyè Ayisyèn ak Ayisyen, yo deja asepte nan pwogram Biden nan, malgre moun sa yo te deja achte biyè vwayáy yo pou antre sou teritwa Etazini a.

Depi pwogram Biden nan koumanse nan mwa janvye 2023 pou rive mwa jen 2024 la, gen plis pase 194 mil fanm ak gason natif natal Ayiti yo asepte antre nan peyi Etazini. Gen plis pase 104 mil natif natal peyi Kiba, plis pase 110 mil natif natal Venezyela ak plis pase 86 mil natif natal Nikaragwa, ki antre sou teritwa ameriken an, sou baz pwogram Biden nan. Se chif jounal ameriken Miami Herald rive ranmase.

Otorite Repiblik Dominiken yo ta dwe sèvi ak dezyèm manda prezidan Luis Abinader la pou fè pwomosyon anfavè respè dwa moun, respè dwa fanm ak gason migran yo, detan yo va sispann tout politik migrasyon ki chita sou rayisans ak prejije sou baz ras fanm ak gason migran yo. Se rek`omandasyon Amnesty Iternational nan yon pozisyon nan dat mèkredi 28 dawout 2024 la.

Gouvènman Repiblik Dominiken an dwe pran angajman pou l kwape tout fòm vyolans, abi ak pilonnáy dwa moun, leve kanpe kare bare kont zak maspináy dwa moun yo epi ranmase tout enfòmasyon, monte dosye tout enfòmasyon sou zak maspináy dwa moun, sou zak maspináy dwa fanm ak gason migran yo nan dènye was a yo. Otorite dominiken yo dwe suiv yon politik migrasyon, ki respekte diyite ak dwa moun. Se sa Amensty International ekri nan pozisyon li pran mèkredi 28 dawout 2024 la.

Se ministè zafè etranje peyi d Ayiti a, ki ta dwe mande depatman leta ameriken pou pèmèt li jwenn dosye natif natal Ayisyen ki tonbe anba sanksyon depatman trezo Etazini an. Se rekomandasyon mèt avoka Camille Leblanc sou AlterPresse ak AlterRadio.

Sistèm lajistis Ayiti a ka mennen enstriksyon sou dosye Michel Martelly, depatman trezo ameriken jwenn ki nan trafik dwog, blanchi lajan dwog ak parenn gang ak zam nan peyi d Ayiti. Se lot konsiderasyon met avoka Camille Leblanc sou AlterPresse ak AlterRadio.

Ki plas ekip tranzisyon an bay fanm yo nan tranzisyon, yo rekoumanse depi finisman mwa avril 2024 la? Se kesyon Pascale Solages, kòdonatris jeneral òganizasyon Nègès Mawon, ak Sasha Filippova, ki nan Enstiti pou jistis ak demokrasi nan peyi d Ayiti poze nan yon dokiman, ou ka li nan espas entènèt AlterPresse.

Kontrèman ak sa Konstitisyon 1987 la prevwa, fanm yo toujou rete deyò nan gwo desizyon, y ap pran depi tranzisyon an koumanse finisman mwa avril 2024 la nan peyi d Ayiti. Ekip tranzisyon an gen posiblite pou rebati yon lòt akò sosyal, mete peyi d Ayiti nan lòt kalte jesyon ki koupe fache ak move pratik, ak move konpòtman politik lontan yo. Li dwe fè sa ak patisipasyon fanm yo.

Lè yo kontinye sou menm chimen lontan yo, gouvènman an ak patnè entènasyonal yo ap gaspiye okazyon pou atake baz sosyete miwo miba a, ki tabli sou prejije kont fanm yo nan tout nivo lavi nan sosyete a. Sa ki fè fanm yo vin plis espoze toujou pou yo sibi plis zak vyolans ankò, paske se fanm yo ye.

Ekip tranzisyon an dwe pote bon jan koreksyon, nan moman yo pral met kanpe div`es kalte enstitisyon, tankou Konsèy elektoral pwovizwa a ak Konsèy nasyonal sekirite a. Politik mete fanm sou kote a ap gen move konsekans sou ekonomi peyi d Ayiti a. Se lòt konsiderasyon militant feminis Pascale Solages, kòdonatris jeneral òganizasyon Nègès Mawon, ak Sasha Filippova, ki nan Enstiti pou jistis ak demokrasi nan peyi d Ayiti, fè nan yon dokiman, ou ka li nan espas entènèt AlterPresse.

Ekip tranzisyon an dwe respekte sa k di nan ako 3 avril 2024 la, yo dwe rann piblik. Epi met sou kote tout sila ki gen non yo site nan eskandal koripsyon. Se kek pami rekomandasyon Biwo suivi ako 30 dawout 2021 an, yo pis konnen sou non ako Montana a, ki gen 3 lane jounen jodi a. [ppsf emb rc apr 30/08/2024 15:10]