Español English French Kwéyol

Sanksyon Ameriken kont Martelly : « Support and Withdrawal », yon teknik demode, men ki toujou alamòd

Yon tèks Claudy Bastien *

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse

Parapo ak sanksyon Lèzetazini pran kont ansyen prezidan ayisyen an Joseph Michel Martelly, pou trafik dwòg ak blanchiman lajan, nou ekri atik sa a nan lide pou eksplike teyori Support and Withdrawal la, epi montre se pa premye fwa ameriken yo ap aplike teknik sa a, ki se apiye yon politisyen. Men yon fwa politisyen sa a pa itil yo ankò, yo jete l nan poubèl ak dosye yo gen sou li.

Depi aprè dezyèm Lagè Mondyal la, Etazini jwe yon wòl tèt chaje nan politik mondyal la. Youn nan estrateji yo itilize souvan, se sipòte lidè politik kowonpi nan plizyè rejyon nan monn nan, espesyalman nan Amerik Latin, Afrik ak Azi, pou anpeche ekspansyon kominis lan epi pwoteje enterè jeyopolitik ak ekonomik yo. Sepandan, yon fwa lidè sa yo pa itil oswa yo vin yon chay pou yo, Washington pa ezite retire sipò l bay lidè sa yo.

Nan ka Ayiti a, relasyon Etazini ak dirijan ayisyen yo te toujou make ak yon modèl sipò ak retrè. Se yon teknik ki sanble demode, paske tout moun ki gen kilti politik konnen l. Men, yo toujou itilize l tankou yon zouti politik estratejik nan politik etranje ameriken yo. Istwa Ayiti plen ak egzanp, kote Etazini founi gwo sipò báy kèk lidè, epi vin retire sipò sa a lè enterè yo chanje. Denye ka Support and Withdrawal la, se Joseph Michel Martelly.

Doctrine of Containment [1]

Pandan Lagè Fwad la, ki te mete fas pou fas Etazini ak Inyon Repiblik Sosyalis Sovyetik yo, pi gwo kè sote Ameriken yo se te anpeche ekspansyon ak enfliyans Inyon Repiblik Sosyalis Sovyetik yo nan monn nan. Se nan objektif sa a diplomat George Kennan ta pral vini ak Doctrine of Containment an, ki di Etazini dwe sipòte nenpòt gouvènman ki pa dakò ak kominis, menm lè gouvènman sa yo se rejim bout di yo ye oswa y ap benyen nan koripsyon. Se lide sa a ki pral jistifye sipò gouvènman peyi Etazini pral bay diktatè yo, malgre diktatè sa yo t ap maspinen dwa moun epi mare sosis yo ak tout pratik koripsyon yo.

Nan Amerik Latin nan, pa egzanp, gouvènman Etazini a te pote sipò l bay lidè, tankou Fulgencio Batista nan Kiba, Anastasio Somoza nan Nikaragwa ak Rafael Trujillo nan Repiblik Dominiken. Politisyen sa yo t ap benyen nan koripsyon rèd mare, represyon brital ak yon mòd gouvènman gwoponyèt. Dèske yo te montre yo fidèl nan lit kont kominis lan, lidè sa yo te resevwa asistans militè, lajan ak politik nan men Washington.

Ka Sipò ak ka kote gouvènman peyi Etazini a bandonnnen lòt gouvènman li t ap kore yo

Ka Fulgencio Batista nan Kiba a, se yon egzanp ki eksplike klè kou dlo kòk teyori Support and Withdrawal la. Batista, ki te dirije Kiba avèk sipò Etazini, te fon nan koripsyon ak represyon. Men, Washington te sipòte l, paske l te nan enterè ameriken yo, espesyalman nan sa ki gen rapò ak komès ak ekonomi kiben an, ki te makònen anpil ak kapital ameriken yo. Sepandan, lè Batista te kòmanse bat ba anba presyon revolisyon Fidel Castro te dirije a, Etazini te rapidman retire sipò l epi kite Batista san resous nesesè pou te fè fas kare ak Guerrilleros pou te kenbe pouvwa a. Yon lòt egzanp, se Ngo Dinh Diem nan Vyetnam di Sid. Diem, yon lidè gwoponyèt ak kowonpi, te jwenn sipò peyi Etazini, nan koumansman, kont kominis ki t ap devlope nan zon Azi Sidès la. Men, yon fwa Diem te vin tounen yon pwoblèm pou ameriken yo rive nan objektif yo nan Vyetnam, Ameriken yo pral sipòte taktikman yon koudeta militè kont li nan lane 1963 epi touye l.

Entèvansyon ak Sipò bay diktati

Listwa modèn Ayiti parapò ak Etazini ka remonte depi lokipasyon ameriken nan lane 1915. Yon peryòd, kote Washington te chèche asire enterè ekonomik ak estratejik li nan Karayib la. Sepandan, youn nan peryòd ki plis montre teyori Support and Withdrawal la, se peryòd lane 1950 ak 1960 yo avèk diktati François Duvalier a.

Duvalier, ki te pran pouvwa politik la nan lane 1957, te tabli yon rejim bout di ak kowonpi. Li te sèvi ak milis Tonton Makout yo pou te kenbe yon kontwòl rèd mare, kraze tout tantativ rebelyon epi piye resous peyi a. Malgre zak maspináy ak koripsyon gouvènman li an, Etazini te sipòte l, sitou poutèt pozisyon antikominis li pandan Lagè Fwad la.

Lojik Washington te klè : kenbe Duvalier sou pouvwa a te sèvi kòm yon baryè kont ekspansyon kominis yo nan Karayib la, espesyalman apre monte Fidel Castro nan Kiba. Etazini te bay Duvalier asistans lajan ak militè, malgre pakèt zak maspináy dwa moun ak sitiyasyon lamizè ki te ogmante nan peyi a. Men, nan koumansman lane 1980 yo, Etazini te kòmanse pran distans ak Duvalier. Chanjman nan pozisyon sa a, se te yon ti kras akòz presyon entènasyonal yo epi paske yo te santi Jean-Claude Duvalier, ki te ranplase papa l, pa t ka kenbe yon sitiyasyon ekilib nan peyi a. Nan lane 1986, lè pwotestasyon yo kont gouvènman an te ogmante epi sitiyasyon an te koumanse vin deteryore, Etazini te fasilite sòti Jean Claude Duvalier nan peyi a, pote l an ekzil nan peyi Lafrans.

Michel Martelly pase nan menm woulo a tou

Pa gen dout nan sa, Michel Joseph Martelly se youn nan figi ki make politik peyi a pandan 10 dènye lane yo. Rive l sou pouvwa a nan lane 2011 montre kijan Etazini ka sipòte yon kandida epi fè l vin prezidan, san pèp la pa menm vote l. Martelly, ki gen non "Sweet Micky" akòz karyè li kòm chantè konpa, te antre nan politik kòm yon outsider. Ki vle di se pa yon moun ki te deja ap fe politik. Nan eleksyon prezidan 2010-2011 lan, li te parèt tankou yon kandida popilis nan simaye pwomès chanjman ak ekilib nan peyi a, ki te devaste anba tranbleman tè 2010 la ak yon peryòd 10 lane koripsyon ak move jesyon. Operasyon eleksyon, ki te mennen Martelly sou pouvwa a, te make ak chire pit ak akizasyon koken. Piske, dapre plizyè temwanyaj, pami yo, ansyen senatè Joseph Lambert, Sauveur Pierre Étienne ak Pierre-Louis Opont, ki te direkte Konsey elektoral pwovizwa a nan epòk la, ki te di Martelly pa t pase pou dezyèm tou eleksyon yo.

Men, apre gwo presyon ak entèvansyon Òganizasyon Leta ameriken yo (Oea) avèk yon sipò Etazini, yo te korije rezilta yo epi yo te mete Martelly nan dezyèm tou a, kote li ta pral finalman genyen eleksyon prezidan yo sou Mirlande Manigat.

Pandan manda l la (ant lane 2011 pou rive lane 2016), Michel Martelly te montre l tankou yon lidè gwo ponyèt epi yo te akize l nan koripsyon ak mennen bak peyi a atravè dekrè, detan li t ap fè enstitisyon demokrasi yo vin pi fèb. Administrasyon l lan te make ak yon mank transparans nan fason yo t ap sévi ak lajan leta yo, espesyalman nan jesyon pwogram PetroCaribe a, yon akò koperasyon gaz ak Venezyela, ki te bay Ayiti gaz ak pri espesyal. Gwo kantite lajan nan pwogram PetroCaribe a te disparèt. Sa ki te lakoz kokennchenn pwotestasyon nan lari, pou mande kote lajan PetroCaribe a pase. Malgre gwo akizasyon sa yo ak ogmantasyon wounou wounou popilè yo nan mitan popilasyon an, Etazini te kontinye sipòte l. Martelly te fè fas ak ogmantasyon pwotestasyon ak yon kriz politik, ki te vin fè yo deside ranvwaye eleksyon lachanm yo. Presyon nasyonal ak entènasyonal yo te ogmante rèd mare. Gouvènman Etazini a, malgre li te la anba anba, te koumanse pran distans ak Martelly, lè yo te wè yo p ap kapab kenbe l sou pouvwa a. Finalman, nan mwa fevriye 2016, Martelly kite pouvwa a, san se pa t yon moun, ki te sòti nan eleksyon, ki vin ranplase l. Eritaj Martelly yo, se koripsyon ak feblès nan enstitisyon yo. Administrasyon li an, non sèlman pa t pote solisyon nan pwoblèm ki genyen nan peyi d Ayiti depi lontan yo, men tou li te fè yo vin angrave pi rèd nan plizyè nivo. Mank transparans, koripsyon rèd mare ak abi pouvwa, se te mak fabrik tan Martelly sou pouvwa a. San n pa bliye, li te kite Ayiti nan yon sitiyasyon frajil, ak plis divizyon.

Ka Michel Joseph Martelly a, se yon egzanp nan modèl Support and Withdrawal la, ki se mak fabrik relasyon Etazini ak lidè politik ayisyen yo, ki, malerezman, manke kapasite entèlektyèl ak lekti sou relasyon entènasyonal yo, pou konprann kijan gwo pisans yo aji. Gen moun ki te panse tip estrateji sa a demode avèk disparisyon Inyon Repiblik Sosyalis Sovyetik yo. Poutan, pil sanksyon sa yo kont Michel Martelly a, se prèv ki montre konbyen Etazini toujou pare pou l sipòte nenpòt vèditè depi l jwenn enterè l. Paske, malgre Martelly te di plizyè fwa li te konn vann ak pran dwòg, malgre l te montre yon konpòtman tèt chaje, malgre se koripsyon ak move jesyon ki te make manda l la, Etazini te toujou sipòte l. Men, depi lane 2022, yo koumanse ap maniganse pou rale dosye nan tiwa pou montre kijan Martelly se yon dilè dwòg, malgre yo te gen tout palmarès li san yo p at janm fè anyen kont sa.

Leson pou nouvo lidè politik yo tire

Se vre, premye objektif tout politisyen, se pran pouvwa a. Men, nan yon peyi tankou Ayiti, pran pouvwa a se pa bagay ki fèt sèlman ak pwogram, paske, non sèlman pa gen anpil moun ki vote nan eleksyon yo, sektè prive a ki mete gwo lajan pou bouste kandida ki reprezante enterè pa l. Men tou, gen enjerans moun ka wè pandan 20 dènye lane ki sot pase yo, ki lakoz eleksyon yo se FEK (Frans-Etazini-Kanada), ki kontwole kiyès ki pi byen plase pou vin prezidan. Men, malgre sa, politisyen yo prè pou fè kontra, menm ak dyab, pou gen pouvwa. Si n dakò peyi a bezwen yon lòt fòm lidèchip, fò n koumanse koupe fache ak mòd pratik sa yo, ki mete blan yo nan mitan tout gwo desizyon, k ap pran pou peyi a.

* Pwofesè, konsiltan, espesyalis nan kominikasyon politik


[1Nòt redaksyon AlterPresse lan : Doctrine of Containment an, se yon politik gouvènman peyi Etazini te deside suiv apre dezyèm lagè mondyal la pou anpeche Inyon sovyetik vin gen plis zòn enfliyans, pase kote yo te genyen yo jouk nan mwa mas 1947 la, epi fè fas kare ak tout gouvènman ki ta deside chwazi politik kominis la pou peyi yo