James Darbouze*
Otè a voye tèks la 29 out 2024 pou l pibliye sou AlterPresse [1]
“The past is never dead. It’s not even past”
William Faulkner (1951:92).Nous avons juré de punir quiconque oserait nous parler d’esclavage. Nous serons inexorables, peut-être même cruels envers tous les militaires qui viendraient nous apporter la mort et la servitude. Rien ne coute, et tout est permis à des hommes à qui l’on veut ravir le premier de tous les biens.
Qu’ils fassent couler des flots de sang, qu’ils incendient pour défendre leur liberté les sept huitièmes du globe, ils sont innocents devant Dieu qui n’a pas créé les hommes pour les voir gémir sous un joug honteux.
PROCLAMATION DE L’INDEPENDANCE AU NOM DU PEUPLE NOIR ET DE COULEUR DE SAINT-DOMINGUE, Donné au quartier général du Fort-Dauphin, le 29 novembre 1803.
Signé: Dessalines, Christophe. Clervaux. Brice AIMÉ,
Secrétaire.ARMÉE INDIGENE.
Gonaïves, le 1er janvier 1804, an 1er de l’indépendance.« Aujourd’hui premier janvier, mil huit cent quatre, le Général en chef de l’armée indigène, accompagné des généraux, chefs de l’armée, convoqués à l’effet de prendre les mesures qui doivent tendre au bonheur du pays;
(…)Les généraux, pénétrés de ces principes sacrés, après avoir donné d’une voix unanime leur adhésion au projet bien manifesté d’indépendance, ont tous juré; à la postérité, à l’univers entier, de renoncer à jamais à la France et de mourir plutôt que de vivre sous sa domination. »
Extrait de l’Acte d’indépendance
Entwodiksyon
Toudabò m ap remèsye ekip òganizasyon Feminis Dantò ki te reyalize Space sa epi ki envite m pataje avèk nou kèk eleman refleksyon, analiz ak konpreyansyon sou kijan konesans Bwa Kayiman kapab sèvi feminis ayisyen pou pote kole nan soti kriz jounen jodi a. Pou mwen menm kesyonman sa byen vini paske nan apwòch pa m depi petèt 2-3 lane, pi gwo kriz n ap viv nan peyi a se sa m entèprete ak analize kòm yon « crise de l’imaginaire en Haiti aujourd’hui ».
Kriz imajinè sa konekte avèk « devenir dystopique » peyi a, konstriksyon l kòm yon espas repouswa – pou majorite moun k ap viv ladann – menmjan sa te ye nan peryòd kolonizasyon ak kaptivite ki te dire twa (3) syèk (1492 – 1793) [2]. Kriz imajinè sa mete nou nan enkapasite pou reve, panse epi pwojte peyi a yon lòt jan pase jan l ye a, li mete nou nan difikilte pou n konsevwa lavi nou an Ayiti, òganize espas nou, nan yon paradigm ki depaman ak sa peyi enperyalis yo planifye pou nou. Sa ki eksplike divès pote boure sou tout pwogram pou lage pye lòt bò dlo.
M ap presize kriz n ap pale la se kriz peyi a ap travese depi yon bon bout tan ki rive jounen jodi an nan yon pik. M ap presize tou sa lide m ap prezante la yo, soti nan yon refleksyon k ap konstwi, k ap deplwaye. Se pa ankenn verite definitif se pito pwodui refleksyon ki kwaze ak konpreyasyon nou degaje sou reyalite a apati yon pwosesis dyalektik rale mennen vini, epi echanj ak divès sous. Fòk mwen di tou, se vre m ap pataje refleksyon sa yo nan kad Space òganizasyon feminis Dantò a [3], men mwen ta swete pou pèspektiv refleksyon sa yo ale pi lwen epi louvri yon fenèt sou dinamik batay pou transfòmasyon global ak radikal sosyete ayisyen an.
Pataje refleksyon sa yo avèk nou nan kad yon gwoup ki pi laj ban m posiblite pou louvri yo pou diskisyon epi mete lide yo nan yon tansyon dyalojik. Sa ap pèmèt nou evite youn nan pi gwo risk ki genyen nan sosyete an nan moman sa yo la, kote nou jwenn avèk devlopman rezo sosyal yo, se « opinyon » san fondman k ap triyonfe, pawòl devan dèyè k ap anfonse nou nan yon estrikti « délire » san nou pa kapab rann nou kont akòz rasyonalite ki genyen nan irasyonalite sikotik la. Estrikti « delire » sa konstwi yon sistèm diskou ki parèt lojik pa anndan pandan anreyalite – nan rapò l avèk reyèl la – l ap vire tou won. Alòs nou kapab konprann, nou pa vin pale pou pale, pale pou fè chelbe ni fè wè. Pou mwen menm, finalite egzèsis sa se eseye konprann kibò nou ye jodi a, kijan ideyoloji altènatif ak pwogresis yo, anpatikilye feminis ayisyen an, kapab kontribye nan ede nou soti kote nou ye a yon fason k ap dire.
M ap swiv yon demach ki genyen twa moman pou m abòde kesyon : Kijan konnen Bwa Kayiman ka sèvi feminis ayisyen an nan pote kole nan soti kriz jounen jodi a?
a) Premye moman
N ap eseye klarifye nati kriz n ap viv jounen jodi a. Se pa yon senp kesyon sekirite, achte blennde, tonbe kouri dèyè « bandi », fizye jèn gason (sitou) ak jèn fanm avèk objektif pou retounen nan yon fonksyonman swadizan « nòmal » enstitisyon yo ak sosyete a. Kriz jounen jodi a se alafwa epi anmenmtan :
Yon kriz sistèm
Yon kriz modèl sosyal
Yon kriz imajinè (imajinè nou frakase, anplis n ap bleach nan po, nou bleach nan mind nou) ;
b) Dezyèm moman
N ap fè yon ti retounen rapid vit sou senbolik Bwa Kayiman an, enpòtans li nan lavi nou menm ayisyen kòm pèp ak sivilizasyon patikilye ; kisa sa vle di konnen Bwa Kayiman (filozofi ki chita dèyè douz prensip Bwa Kayiman yo)
c) Twazyèm moman
N ap pwopoze kèk pis refleksyon sou kijan konesans Bwa Kayiman ta kapab sèvi « feminis ayisyen » an pou pote kole nan soti kriz jounen jodi a.
I. KLARIFIKASYON SOU KARAKTERISTIK KRIZ N AP VIV LA
Ann kòmanse pote klate sou twa eleman ki nan premye pwen an.
Yon kriz sistèm.
Nan 50 kesyon ak tout repons pou Ayisyen k ap mande chanje sistèm (GR-FPSPA, 2019), nou te fè jefò montre kouman kriz n ap viv nan peyi a depi plizyè deseni jounen jodi a se yon kriz sistèm. Kriz la granmoun, li fè dan zorèy e kriz la montre nou sistèm nan rive nan bout li. Sistem n ap pale a, li chita sou yon model sosyal « apatay », modèl Leta Petyon-Bwaye konstwi apre Koudeta kont Desalin an 1806, ki pa te fèt nan lide pou pote byennèt bay gwo popilasyon an. Sistèm Petyon an se yon seri mannèv politik li te devlope pou li pwoteje enterè ansyen lib (afranchi milat yo) kont aspirasyon mas ansyen esklav yo. Jounen jodi a, se sistèm sa a k ap tranble…
Nou rekonèt sistèm nan bout paske pèp la rive nan yon moman istorik kote li ranmase revandikasyon ki te toujou la yo depi Lendepandans epi fè yo retounen monte sou tab la nan mande bon jan kondisyon lavi pou tout moun.
Sistèm nan bout paske li rive nan yon moman kote tout klas sosyal yo ki nan kouch popilè yo ap mete revandikasyon yo deyò san sistèm nan pa gen mwayen abode epi rezoud revandikasyon sa yo. Kouch popilè yo – lavil tankou nan mòn – ki soti ak revandikasyon yo se pa yon parad. Pou plis detay m ap envite tout moun konsilte dokiman 50 kesyon ak tout repons… GR-FPSPA, 2019.
Yon kriz modèl sosyal
Dezyèm eleman nou konstate soti 2019 pou rive jounen jodi a (2024) sèke sou kriz sistem nan ki te deja ap kannale desann ak peyi a vin gen yon « metamorphose de la question sociale haitienne ». Yon transfòmasyon kesyon sosyal la ki vin grefe sou kriz sistèm nan ak pwoblematik divès gwoup ki gen zam nan men yo nan moman an epi ki nan yon sèten sans ap kesyone lavi pifò popilasyon rejyon metwopòl Pòtoprens lan chak jou ki pi plis. Yon konsta nou kapab fè sèke nan peyi a gen yon sistèm sosyal k ap ponn aryennafè, chomeko, simen dezespwa. Sa pa janm di pèsonn dirijan oswa lolit anyen. Depi plis pase senkant (50) lane, kondisyon lavi moun ap viv nan peyi a vin pi difisil. Jan Honorat (1983) te di sa, ekonomi peyi a tonbe an ranyon. Aryennafè fè kenken. Anpil moun k ap travay pa menm kapab manje tèlman sa yo resevwa kòm salè a pa reprezante anyen. Tout moun ap viv nan sistèm D (debwouye yo bat dlo pou fè bè, fè foulay, blofe, bay mato) oubyen yo ap mete odas yo deyò pou brase. Gen moman k rive menm enèji yo pa rete anko. Men sa pa di pèsonn anyen. Yo ap fantasme sou yon retou “a la normale” konmsi sa te nòmal.
Plis pase 200 000 timoun ki gen laj pou ale lekòl (ti gason tankou ti fi) pa kapab ale lekòl poutèt edikasyon tounen biznis. Paran yo ki pi pòv pase Job pa gen mwayen pou asire yo ti moso ledikasyon. Yon pòsyon ladan yo lage nan lari ak moso twal nan men ap siye machin. Yo rele yo grapyay. Yo viktim tout kalamite, veksasyon, agresyon ak imilyasyon. Sitiyasyon sa pi rèd toujou pou ti fi ki lage nan lari a. Pa gen ankenn sistèm pwoteksyon sosyal.
Anjeneral apwòch mwen se pa pou konsidere aktè-aktèz (oubyen ajan) sosyal yo kòm “manipile”, (enstriman oubyen zouti) nan men yon lòt gwoup sosyal. Aktè-aktèz k ap aji yo toujou gen yon liy, yon lojik pwòp pa yo ki mennen yo aji nan yon sans oubyen nan yon lòt. Si se vre ideyoloji – oubyen yon fo konsyans – kapab jwe yon wòl enpòtan nan oryantasyon aksyon yo men se toujou rapò sosyal ekonomik yo, kondisyon lavi moun yo ki pi detèminan. Mete sou sa, menm nan pèspektiv nou ta vle konsidere aktè-aktèz k ap aji yo kòm manipile pou yon analiz sosyal, nou dwe konsidere kom postila yon moun, à plus forte raison yon jèn moun gason oubyen fanm, pa janm chwazi mete lavi l nan balans lan, à son corps defendant, si l gen lòt chwa sosyal. Se toujou en desespoir de cause yon chwa konsa vini, lè l pa gen ankenn lòt opsyon ki pi vyab.
Yon kriz imajinè
Twazyèm eleman toujou sou premye pwen an se konsta depi plizyè dizèn lane imajinè nou menm an Ayiti an kriz. Kisa sa vle di ? Sa vle di nou gen difikilte pou n imajine, reve, pwojte, panse pou tèt nou apati nou menm menm. Nou enkapab pwodui yon imaj pwojeksyon sa nou vle pou tèt nou oubyen sosyete nou vle san se pa chache nou ale chache l deyò. Imajinè nou apovri. Youn nan egzanp ki kapab materyalize kriz imajinè sa se pwoblematik konstriksyon ak amenajman espas nou ap evolye ladann. Nan liv « Espaces Periphériques et économie d’archipel : la trajectoire contemporaine de Verrettes », Georges Eddy Lucien [4] montre enpak fenomèn dyaspora k ap fè konstwi kay pou yo sou enplozyon achitekti nan zon nan. Nou konstate menm sitiyasyoon sa nan kèk kominote nan zòn Sid la tou kote dyaspora yo ap eseye repwodui chema kote yo ap viv lòt bò dlo a an Ayiti avèk tout difikilte sa kapab genyen. Si m ta gen pou m fikse yon fenomèn sosyal ki ta pèmèt nou karakterize kriz sa, m panse nou ta kapab konekte l avèk devlopman dyaspora ayisyen nan peyi etranje anpatikilye nan peyi Amerik di Nò yo sitou Etazini [5].
Kidonk, pou adrese kriz imajinè ayisyen sa, mwen pwopoze pou n mobilize de (2) kategori konseptyèl : Distopi ak Etewopi (la dystopie et l’hétérotopie).
Anvan nou tabli sou distopi ak eterotopi a, ann fè yon ti gade lè nou ap pale de kriz « imajinè » oubyen de frakti imajinè de kisa n ap pale ?
Tout moun kapab imajine yon zo ki kase sa sa vle di. Yon pye, yon bra, yon tèt. Men pou imajinè a li yon ti kras pi konplike. Ann gade !
Imajinè nou, se yon fakilte nou genyen kòm moun ki pèmèt nou konstwi « imaj ». Yon imaj se yon reprezantasyon kidonk n ap konprann konstriksyon imaj sa pa fèt nenpòt kijan, li pa fèt vaille que vaille, li fèt apati sa nou wè déjà, sa nou tande déjà, sa nou viv déjà. Se sa k fè moun ki reflechi sou sa di imajinè a konstwi imaj yo nan yon rapò dyalektik apati « d’actes antérieurs de perception.»
Nan imajinè (imajinasyon) a yo distenge jeneralman 2 nivo (etap) oubyen fonksyonman.
1. Imajinasyon k ap repwodui
2. Imajinasyon k ap kreye.
Men menm nan dezyèm fonksyon sa, lè imajinè a ap kreye, li pa kreye nan lib, konsa konsa. Zak kreyasyon an se yon sentèz orijinal imajinasyon an fè kote l konbine imaj li pran apati eksperyans li te fè deja (eksperyans sansoryèl).
Ti mizopwen sa enpòtan pou n konprann enpak kriz imajinè a genyen sou kapasite nou pou pwojte nou nan lavni.
Mwen p ap twòp devlope sou pwen sa men pou n pi byen konprann koneksyon kriz imajinè ak reyalite distopik la fòk petèt mwen raple kijan aspè sa nan refleksyon a te kòmanse. Nan kòmanse lane 2023 a, gen yon desizyon ki soti nan peyi Etazini ki lage yon veritab kafouyay nan peyi a. Se pwogram Biden nan. Kesyon? Kijan yon desizyon ki pran nan yon lòt peyi, Etazini, pou enterè Etazini, kapab fè lage kafouyay an Ayiti?
Kisa yon distopi (dystopie) ye ?
Nan dystopie nou jwenn de mo grèk (prefiks dys ki siyifi move, pa bon, li pèmèt nou eksprime difikilte epi topie ki soti nan topos, ki vle di espas, lye, yon kote)
Dystopie, yo rele tou Cacotopie (cacophonie) oubyen yon anti-utopie se yon espas, yon lye, yon kominote oubyen yon sosyete ki telman effrayant, tèlman horrible, tèlman fè moun pè, pesonn pa kapab viv ladann. Li vin yon repousa pou lavi moun, pou desten ak pwojè moun.
Au contraire de l’utopie, la dystopie est une société imaginaire, difficile ou impossible à vivre, pleine de défaut et dont le modèle ne doit pas être imité. Sosyete distopik la se yon sosyete enfènal ki gen anpil danje ladann. Anviwonman distopik la se yon anviwonman kochma, kote ankenn bèl rèv pa posib (La vie est ailleurs ! Milan Kundera).
Yon fwa nou byen kapte referansyèl distopik la, nou pa bezwen twòp jefò pou n konekte l avèk anviwonman n ap viv jounen jodi a oswa anviwonman Zansèt nou yo t ap viv nan moman yo fè Bwa Kayiman.
II.
III. SOU ENPOTANS BWA KAYIMAN NAN LAVI PEP AYISYEN
Nan lannwit 14 dawout 1791, nan Bwa Kayiman, toupre Mòn-Wouj, sou bitasyon Lenormand de Mézy, Boukman òganize yon kokenn chenn rasanbleman vodou ak yon pakèt lidè kaptif (esklav) [6] pami yo Jean François Papillon, Jeannot, Georges Biassou. Gen yon vèsyon istwa ki di yo touye yon kochon nwa (kochon mawon) epi tout moun ki te la yo bwè san kochon an pou yo kapab vin «envensib», yo pran yon pwen kouraj. Se apati moman sa Boukman pral lanse soulèvman jeneral kaptif (esklav) yo. Soulèvnman an deklannche nan lannwit 22 – 23 dawout 1791.
Sous : Manuel Covo, "Saint-Domingue, 1791. La révolte qui ébranla le monde", L’Histoire n°415, septembre 2015.
Nan menm lè nan lannwit la, tout kaptif ki te sou bitasyon Trême, Turpin, Clément, Flaville, Noé, revòlte, leve kanpe, ak nepe nan men yo epi dife, yo vanje tout lane long yo te sibi anba soufrans ak opresyon. Nou jwenn premye temwayaj istorik sou evenman sa anba plim Antoine Dalmas, yon doktè franse, ki te abite sou bitasyon Galifet. Pifò moun ki pral ekri apre sou Bwa Kayiman tankou Antoine Metral, nan resi li fè an 1818, rekonèt se Dalmas ki sèvi l kòm prensipal sous. Anmenmtan tou Metral pral premye moun ki rakonte apati temwayaj moun ki te la prezans yon fanm, yon manbo, ki t ap ofisye nan seremoni an.
Boukman ak tout moun ki t ap batay pou libète ak byennèt yo, te gen tan konprann pa gen batay san dekolonizasyon. E pou dekolonizasyon mantal, li fondamantal pou yon Pèp k ap batay gen pwòp valè spirityèl pa l, epi pou l pa aksepte pa kolon yo ak moun k ap dominen l epi fè l pase mati yo. Men sa yon istoryen ekri sou kesyon an :
« Dans son essence, la cérémonie du Bois Caiman demeure le symbole de la prise de conscience d’un collectif d’individus devenue souffle et énergie salvateurs. Cette cérémonie du Bois Caïman ou Bwa Kay Imam, son déroulement et l’identité des participants subsiste dans la mémoire du peuple d’Haïti (...) Un détail demeure cependant incontournable et irrémédiablement inscrit dans la chronique des nations : la cérémonie du Bois Caïman a écrit les premières lignes de la liberté des Noirs.»
FILOZOFI BWA KAYIMAN [7]
Filozofi natif natal pèp ayisyen an : Douz (12) prensip bwa kayiman pou libète ak byennèt tout moun nan peyi a.
Premye prensip : Tout moun se moun. Pa gen moun pase moun.
Dezyèm prensip : Tout moun gen plas yo anba syèl ble a.
Twazyèm prensip : Si gen pou youn gen pou de. Sonje moun ki dèyè.
Katriyèm prensip : Chak moun gen fason pa li pou li lapriyè.
Senkyèm prensip : Sa nou pa konnen pi gran pase nou.
Sizyèm prensip : Nan pwen anyen nan lavi a ki pa gen regleman. Se règleman ki bay lavi a ekilib.
Setyèm prensip : Pa defèt ekilib lavi a san rezon. Moun, ki mal deplase eleman yo, ap rale malè sou tout moun.
Uityèm prensip : Tank n ap aprann, se tank n ap konnen kòman pou nou respekte ekilib lavi a.
Nevyèm prensip : Pa janm manje manje bliye.
Dizyèm prensip : Toujou sonje : « Fè koupe fè » ; « Dèyè mòn gen mòn » ; « Pa fè san inosan koule » ; « Pa lage chay nan men manfouben ».
Onzyèm prensip : Veye !
Douzyèm prensip : Malè yon eritye ki bliye esklav fè bwa kayiman pou moun k ap sèvi Bondye pa lote moun nan mitan bèt.
SENBOLIK BWA KAYIMAN AN
Nan Bwa Kayiman gen aspè istorik, temwayaj sou evenman ki te pase tout bon vre nan dat la epi gen aspè senbolik la, sa l reprezante kòm yon pwen demaraj epi gen aspè politik la, yon ansanm lidè ki rasanble, reyini pou lanse yon mouvman politik altènatif anfas sosyete kolonyal eskalvajis la. Si se vre nou menm se plis aspè senbolik la ki enterese nou jounen jodi a, sa pa anpeche nou souliye konsènan Bwa Kayiman, plizyè temwen ki te la nan epòk la rakonte se pa yon lejann. Se bon jan istwa, bon zenzenn. Youn nan tou premye yo se Antoine Dalmas ki ekri yon tèks [8] onz (11) paj an 1793-1794 sou seremoni a.
Pou aspè senbolik la, nou kapab fè sa parèt apati tèks kanmarad nou Pyè Michel Chery ekri sou douz (12) prensip Bwa Kayiman [9] kòm baz filozofi otantik ayisyen. Pyè Michel, ki kite nou malerezman nan mwa me 2024 la, se yon moun ki te pwofonde anpil nan peyi a. Sete yon gwo obsèvatè antwopoloji, lavi ak pratik moun nan peyi a. Sete yon gwo patriyòt ki te kwè nan yon modèl sosyete altènatif kote lavi kapab. Nou wè sa atravè divès travay li fè anpatikilye liv li ekri [10]. Pou Pyè Michel pa gen filozofi pi imanis ki kapab depase – ale pi lwen – filozofi Bwa Kayiman an. Se filozofi sa ki sèvi toyo pou devlope modèl sosyete ayisyen an, yon lot modèl sivilizasyon.
Avèk douz (12) prensip Bwa Kayiman yo, filozofi sa chita sou de (2) manman poto. Nan premye poto a nou jwenn prensip yon modèl sosyal altènatif ayisyen ki chita sou egalite, solidarite ak pataj, tolerans ak reskonsablite, senplisite epi angajman. Nan dezyèm poto a nou jwenn « Jete Pòtre Dye Blan ki swaf / saf / dlo nan je nou ». Premye poto a se pwojè sosyete Zansèt nou yo te vle tabli pou nou ak pou tout Limanite. Dezyèm poto a se rejè modèl sosyete Loksidan kolonyalis kretyen te vle tabli sou nou ak sou tout planèt la.
Jete Pòtre Dye Blan an se pa senpman yon kesyon ikonografi relijye. Se pa rejte senpman Manman Mari, Jezi elt… se kase dominasyon kiltirèl enperyalis loksidan sou lavi nou nan tout sans. Jete Pòtre Dye Blan an se rejte mòd lavi blan yo, sispann fantasme sou mòd lavi etranje, konstwi pwòp modèl lavi pa nou paske egzistans mòd lavi blan an chita sou dominasyon, eksplatasyon ak opresyon nou.
Jete Pòtre Dye Blan an se tout yon pwojè ki te vle fè de ce lieu un espace vibrant de liberté et de dignité. Nou pral wè sa pi konkrètman le Zansèt yo fin pran Lendepandans epi yo pral deklare, dekrete espas sa kòm espas libète pou tout moun nwa sou Latè beni ak tout moun ki oprime tout kote.
Anmenmtan tou, yo fè sèman « Haine éternelle à La France [11] » pandan yo tou deklare ankenn blan pa kapab mete pye l pa bò isit la, sou bout tè sa, kòm pwopriyetè kwakseswa. Se anfas pwojè libète ak byennèt sa, filozofi Bwa Kayiman pote, ranmase ak tradui, Loksidan blan enperyalis ak kapitalis la kanpe.
Anreyalite fò n souliye pwojè Bwa Kayiman ki pral jwenn modòd li nan « Jete Pòtre Bondye Blan Ki Swaf / saf dlo nan je nou », kòmanse lontan anvan Boukman. L ap kontinye tou menm apre blan yo fin egzekite Boukman. Se yon dinamik ki anklannche epi k ap abouti nan Lendepandans peyi a.
Nou ta gen dwa di depi jefò Makandal pou debarase peyi a de tout blan yo apati pwazon ak fèy se pwojè Bwa Kayiman ki t ap mitonnen. Anpil kolon blan franse te pè kou sourit paske Makandal te vle konstwi yon espas san blan. E malgre blan yo te mete la men sou Makandal epi asasinen l an 1758, laperèz pa t janm soti nan tèt yo. Men sa Manigat (2001 : 79) [12] ekri sou enpòtans epizòd Makandal la :
« on a signalé de véritables cas de psychose communicative chez les colons : on avait peur des empoisonnements collectifs. Cette crainte restait à l’état endémique depuis l’épopée de Mackandal, nègre de Guinée, qui organisait les marrons en propagandistes chargés d’inciter les esclaves à détruire le monde blanc par le poison.»
Tranntwa (33) lane apre lanmò Makandal, Bwa Kayiman pral reyaktive pwojè pou konstwi yon sosyete nou menm, pou nou menm san blan pa ladann. Se lide sa a « Jete Pòtre dye blan » tradui. Se yon lide fòs paske fondamantalman politik fèt pou chanje lavi moun ak transfòme sosyete yo. Lide sa pral pote yon nouvo souf ki pral eksplike apre trèz lane batay (1791-1803), nan pwoklamasyon Lendepandans peyi a 1e janvye 1804, menm leyitmotiv anti blan sa (blan = kolon = esklavajis) pral retounen [13]. Nan refi tout kalamite, tout eksplwatasyon, tout veksasyon, tout soufrans yo te sibi, se chimen sa Zansèt yo te pran pou nou.
Depi Panyòl yo debake sou tè a an 1492, pou yon « blan » kapab mennen mòd lavi fè wè ak gran panpan l ap mennen nan peyi blan yo, li bezwen nan tout peyi periferik yo gen moun ki gen dlo nan je, moun k ap trimen, k ap trepase tankou nou menm jodi a, tankou Zansèt nou yo nan peryòd Bwa Kayiman. Li bezwen lote moun tankou bèt anmenmtan tou l ap enpoze mòd lavi pa l la kòm sèl mòd lavi valab, sèl mòd lavi devlope. Chema sa valab jiskaprezan kit se nan rapò Loksidan kretyen devlope avèk rès Lemonn kit se nan rapò yo devlope avèk anviwonman nou toupatou. Vyolans lan nan sistèm sa se pa yon aksidan, se nati menm sistèm nan. Sistèm nan bezwen vyolans ak inegalite, nan yon sans oubyen nan yon lòt pou l repwodui ak kontinye kenbe tèt li tenn fas. Anfas chema sa, filozofi Bwa Kayiman ofri yon lòt modèl sosyete, yon lòt demach sivilizasyonèl, yon lòt vizyon Lemonn ki depase lojik vyolans pou mennen nou nan libète, byennèt, respè ak rekonesans pou tout moun ak tout sa ki egziste. Sa mennen nou nan twazyèm pwen refleksyon sou konesans Bwa Kayiman.
IV. REFLEKSYON SOU KIJAN KONESANS BWA KAYIMAN KAPAB SEVI « FEMINIS AYISYEN » AN
Jan nou kapab wè sa nan twa (3) ekstrè (ti moso koze) nou mete alapapòt prezantasyon sa, sa k pase nan istwa nou pa janm kite nou. Yo toujou la, yo ap travay nou anba anba. Gen moman nou kapab gen konsyans sou sa, konsa tou gen moman nou gen dwa pa menm wè sa. Lè sa nou kapab pale de yon travay enkonsyan.
Apati ekleraj Sabine Lamour (2017), Myrtha Gilbert (2001), Arlette Gautier (1983, 1985, 1986), Elsa Dorin (2006), Gerda Lerdner (1975) ak lòt entelektyèl, chachèz fanm ak feminis ayisyen tankou etranje, nou kapab konsidere genyen yon batay otantik feminis ayisyen ki pa tann emèjans ideyoloji feminis loksidan yo pou l te afime l (Nou kapab toujou rele l pwoto-feminis si nou vle bay feminis loksidan matènite ideyoloji feminis la).
Pa egzanp, lè medam fanm blan nan peyi loksidan yo ap revandike nan mitan 20tyèm syèk la pou yo rantre sou mache travay nan peyi yo, gen lontan lakay pa nou, nan sosyete pòs kolonyal 19èm syèk la fanm ayisyen yo gen tan non sèlman sou mache travay la, yo te gen tan sou sèn batay sosyal ak politik la (Gilbert, 2001) men tou yo te gen « lwazi » sikile lib e libè nan peryod nasyonal la (1804-1915). Anplis medam kaptif yo te dinamik anpil nan kesyon travay agrikòl ak komès, yo te jwe yon wòl egal pandan tout istwa peyi a, sitou nan batay pandan revolisyon ayisyen an. Menm anvan sa tou, depi nan tan kolonizasyon ak kaptivite, medam yo te angaje batay anndan sosyete kolonyal pou tretman ki chita sou jistis ak ekite nan kesyon salè pa egzanp. Kesyon reprezantasyon politik fanm yo sou teren batay la pa t poze ni kesyon patisipasyon yo. Apati ki moman diskriminasyon sou baz « janr » nan reprezantasyon politik pral kòmanse poze nan sosyete a ? Apati ki moman patisipasyon fanm ayisyen yo nan espas desizyon yo pral kòmanse epi konsolide ?
Plizyè otè (Gilbert, 2001; Gautier, 2001; Lamour, 2017) rakonte kijan nan moman premye abolisyon an [14], travayèz Sendomeng yo te mande pou yo peye yo egal (yo te marande batay kont esklavaj ak lit kont dominasyon gason). « Poukisa nou ta dwe touche mwens pase gason yo? Èske n ap vini pita nan travay la? Èske n ap kite pi bonè a? [15]». Kidonk byen bonè nan devlopman rapò sosyal yo, medam yo te gen tan fòmile revandikasyon yon menm salè pou yon menm travay. Si gen egalite brital nan kondisyon sèks yo ap trimen, pa dwe gen diferans nan tretman yo ap touche.
Se pa san rezon pa egzanp nan seremoni Bwa Kayiman 14 out 1791 la, ofisyan yo se Cecile Fatiman avèk Dutty Boukman. Anpil nan moun k ap redi nan sosyete kolonyal esklavajis la, si se pa pifò ladan yo se fanm. Men sa Gautier (2001) ekri :
« le quart des esclaves venaient de zones où les femmes avaient certaines formes de pouvoir politique, que ce soit comme conseillères du roi, comme reines de la partie féminine de la population (dans le royaume du Kongo notamment) ou dans les conseils des démocraties. (…) L’esclavage a institué selon certains historiens « une brutale égalité entre les sexes », d’autres affirment même que les femmes y furent privilégiées. »
Myrtha Gilbert (2001) rakonte kijan menmsi te gen anpil resanblans nan kondisyon kaptif yo ant gason ak fi, menm si te gen yon divizyon travay ki te egziste, nan globalite l sosyete kolonyal esklavajis te chita sou yon devlopman ak yon espesyalizasyon wòl fanm yo nan kesyon komès pa egzanp. Sa ki mennen medam yo sibi yon doub eksplwatasyon yon bò antan moun pòv epi antanke fanm, menmjan n ap konstate sa ap kontinye jounen jodi a. Apati lekti Myrtha Gilbert nou kapab di kriz modèl sosyal nou te abòde nan kòmanse prezantasyon sa se yon kriz ki touche fanm yo anpil. Paske pwoblèm sosyal yo frape fanm sitou an Ayiti. Jan pawòl sajès popilè a di sa, de (2) moun mouye nan lapli, gen youn ki gen plis pwoblèm pase lòt.
Poutan lè nou swiv kadans seremoni Bwa Kayiman an, deja nou kapab wè yon senbolik nan prezans ak angajman 2 moun sa yo, 2 mentò sa yo, yon fanm ak yon gason. Sa siyale pou nou lakay Zansèt koneksyon ant 2 mwatye batay sa yo pou yon menm koz, yon menm kominote. Men pi wo toujou pase senbòl la gen prezans reyèl ak efektiv fanm kaptif yo nan pozisyon lidèchip ak reskonsablite nan dinamik yo. Bwa Kayiman kòm rasanbleman (kongrè) mistiko-politik te fèt pou enstitye yon kominote sou baz yon imajinè altènatif ki ankre nan ideyal libète, egalite ak solidarite tout moun. Twa motif batay feminis yo pa janm kite sou kote daprè konpreyansyon mwen menm !
« Jete Pòtre Bondye Blan
Ki swaf dlo nan je nou
Koute la libète ki nan kè nou »
Malerezman nou devye sou wout Zansèt yo te trase a [16]. Sosyete a kontinye konte anpil anpil sou travay fanm yo pou asire repwodiksyon l ak pwodiksyon l san poutan pèsonn pa ba yo rekonesans pou sa, yo pa rekonèt lidèchip yo, dinamis yo ni yo pa pataje reskonsablite direksyon ak desizyon. Se konmsi sosyete a trete fanm yo tankou sitwayen dezyèm klas le pou gwo desizyon. Mwen sonje nan komanse mwa mas 2024, yon semèn apre kriz politik la te rantre nan faz rèd li, nan yon konvèsasyon m te genyen avèk Judite Blanc li te mande m pou jan li konprann sitiyasyon an difisil nan rejyon Pòtoprens lan kijan nou fè pou n kontinye siviv, apwovizyone, manje paske mache te andifiilte, Labank pa t louvri, makèt, tout te fèmen. Repons lan te senp : fanm machann pwomennen ki t ap riske lavi yo pou pèmèt lòt moun anndan sosyete a kontinye siviv. E sa k valab nan rejyon Pòtoprens lan, valab tout kote nan sosyete a.
Nan liv li te fè parèt an 2001, Myrtha Gilbert raple reyalite sa : apati divizyon sosyal seksyèl travay la se fanm yo ki asire fonksyon sosyal lamanjay sosyete a sou divès fòm chak jou. Fanm yo ale chache pwodui latè yo sou do kamyon, anpil fwa yo sibi anpil egzaksyon ak veksasyon – sitou nan dènye tan sa yo – san konte aksidan ki kapab fè yo pèdi lavi nan chache pote lavi ; fanm yo vini vann pwodui sa yo, genyen ki mache detaye ak pwomennen yo nan lari oubyen lakay moun (eksperyans pratik la) epitou yo se machann manje kwit (restoran, chen janbe, akoupi elt…) k ap nouri chak jou plizyè santèn milye moun tout kouch, tout kategori (etidyan-t, travayè-travayèz, ti komèsan, fonksyonè Leta elt…). Sabine Lamour souliye fanm yo pa jwi ankenn rekonesans sosyal pou sa. Yo pa jwenn ankenn pwoteksyon. Okontrè yo depafini pi rèd avèk sosyete a ! Konnen Bwa Kayiman ap pèmèt nou rekonekte ak ideyal sosyete ki chita sou egalite, libète ak byennèt pou tout moun. Kote bezwen rekonesans ak patisipasyon tout moun satisfè pou n soti nan lojik fanm ap travay, gason ap galonnen. L ap pèmèt nou soti tou nan lojik yerachi, « subordination » fanm yo anba gason. Lojik loksidan pote pou nou anmenmtan li t ap pote lakwa ak dlo nan je.
Nan nivo senbolik ak politik, seremoni Bwa Kayiman nan lannwit 14 out 1791 te tabli akò minimòm, antant minimòm, ki pèmèt divès gwoup ak kategori kaptif yo pran desten yo nan yon moman kote lavi yo te nan kafou tenten. Akò sa te konsidere fanm ak gason egal-ego. Tout moun ap pase mati, tout moun ap goumen, toulede mwatye limanite yo ap batay pou kanpe yon lòt sosyete sou baz solidarite, jistis, egalite, libète ak byennèt. Pwojè Bwa Kayiman an, nou jwenn nan sa douz prensip yo tradui, se te konstwi yon kominote, anba lidèchip eklere ak egal fanm ak gason, ak reskonsablite pataje pou mete ansanm yon bann eleman « disparate » (Ibo, Kongo, Nago, Sousou, Mandingue, Mondongue, Tayino elt…) ki sanble. Eleman « disparate » men sanblab, ki sanble. Yon resanblas ki monte apati kominote sò yo te genyen, kominote soufrans yo t ap sibi anba men kolon blan san kè, san pitye epi ki chita sou kominote ideyal yo te devlope. Se sa k fè nan kominote sò sa pa t gen plas pou blan, ajan blan ak Bondye blan ki swaf dlo nan je nou.
Petèt se sou wout sa, wout chimen Zansèt yo, nou kapab rive jwenn pi bon koneksyon ant pase nou, prezan nou ak lavni nou. Se petèt sou angajman sa tou konnen Bwa Kayiman ka sèvi feminis ayisyen an nan pote kole nan soti kriz jounen jodi a. Natirèlman, reprann chimen Zansèt yo mande tou pou n devlope ladrès kritik nou. Nou pa tibebe k ap aprann fè b. Nou menm (feminis, pwofeminis, anti-seksis, afwosantris ak alye) ki revandike yon pwojè sosyete pwogresis altènatif anfas loksidan, nou genyen pou n marande fidelite ak otonomi. Nou menm ki la, sou bout tè sa, jounen jodi a, 233 lane apre seremoni Bwa Kayiman nou gen avantaj konesans listwa nou ki pase deja, listwa nou viv deja avèk fòs ak feblès li. Nan batay pou konstwi yon sosyete ki revandike pwojè libète ak byennèt pou tout moun, granmoun, ti moun, ti granmoun, fanm, gason elt… youn nan reskonsablite nou genyen paske nou pa manfouben se pa repete menm erè ki te pase yo.
KONKLIZYON
Youn nan pi gwo pwoblèm ki poze nan sosyete ayisyen an depi apre koudeta sou Lanperè Jan Jak Desalin se lonbray blan ki pa janm sispann domine sosyete a. Si nou gade dokiman ak ki pwoklame Lendepandans peyi a an 1804, li di klèman pa gen plas pou blan sou bout tè sa. Blan yo se alafwa moun men eleman senbolik ki karakterize ansyen lòd ki chita sou lopresyon ak eksplwatasyon moun tankou nou. Li di klèman toutotan gen blan la, l ap difisil pou nou lib e libè [17]. Jouk jounen jodi a, pwoblèm sa se youn nan manman kesyon nou genyen pou nou reponn. Menm anpil moun k ap revandike yon “Ayiti souvren” nan bouch gen tandans bese tèt yo oswa bat ba devan blan sou pretèks apre Bondye se blan.
Penetrasyon kiltirèl ak ideyolojik vizyon Lemonn, filozofi ak langaj blan rive fè yo kwè nan « siperyorite » ak ejemoni mòd lavi blan an. Gen moun ki panse san blan pa gen ankenn mwayen pou nou trase wout pa nou pou kont nou. Genyen ki reve ale viv tankou blan nan peyi blan, menmjan tou genyen ki ta swete tounen entèlokitè blan yo pou konnen kijan pou yo transfòme peyi Makandal, Dutty Boukman, Cecile Fatiman, Sanite Belair ak Jan Jak Desalin nan tankou yon kontwa kote blan ap santi yo alèz. Sèl pwojè moun sa yo : se sèvi etranje . Aspirasyon yo se mete lavi yo kòm sibaltèn osèvis vizyon ak pwojè etranje pou peyi a ak moun k ap viv ladann.
Gen sèvi etranje par la force jan Zansèt yo t ap sibi sitiyasyon kolonyal eklavajis la. Gen sèvi etranje tou nan asire penetrasyon kiltirèl ak ideyolojik valè blan yo, ranmase chema panse blan yo, chema lavi yo, kontinye adore, admire, apresye Pòtre dye blan yo ki swaf dlo nan je nou. Pi gwo rèv moun sa yo se ajiste nou sou menm kadans avèk blan yo pou di gade, nou kapab blan tou. Poutan se pa sa chimen Zansèt yo ye. Okontrè !
Jan Moriso Lewa te ekri sa, anfas lide reyaktive pwojè Zansèt yo gen moun ki pral di :
« O ! tan jodi pa tan pase
La fraternité humaine, la civilisation
Tout sa se franse »
Nou menm se Bwa Kayiman pou n konnen. Se Cecile Fatiman pou n konnen. Se Boukman pou n konnen. Se Moyiz Louvèti, se Sanite Belair, se Desalin, se Ti Choute pou n konnen pou ideyal libète ak byennèt la blayi pou tout moun.
An konklizyon m ap fini pou m di : konnen Bwa Kayiman nan nivo senbolik, istorik, politik ak mistik li kapab pèmèt nou rekonekte, en toute lucidité radicale, ak chimen Zansèt yo. Li kapab pemèt nou rejwenn wout libète ak byennèt pou tout moun nan peyi a, fanm avèk gason, nan respè diferans yo, nan tolerans ak rekonesans patikilarite chak moun. San dominasyon, san eksplwatasyon, san dominasyon. Yon pwojè kominote posib lib e libè. Nou konnen loksidan enperyalis ki bezwen dlo nan je nou pou l ekziste ak tout ti Lafrans, ti kanadyen ak ti ameriken [18] k ap viv nan peyi a e ki ranmase vizyon blan yo p ap ban nou avantaj reyaktive pwojè sa. Men san n pa tonbe nan « angélisme », nou konnen se reskonsablite nou pou n kontinye kanpe tenn fas modèl altènatif sa anfas modèl blan yo.
Youn nan denyè pwen enpòtan konnen Bwa Kayiman kapab ede feminis ayisyen yo pote kole nan soti kriz la se nan pèmèt idantifye, refòme ak rebalanse fason nou reprezante mond lan, regade konstriksyon sosyal idantite seksyèl ak jwenn yon pi bon plasman nan wòl sèksyel yo anjeneral. An Ayiti, nou nan yon sistèm kote yo rekonèt se gason, ki dwe jwe wòl yo kòm papa ak founisè resous pou fanmi yo. Poutan jan n ap gade devlopman sosyete a, volim chomaj li jenere, gason yo toujou pa kapab asime fonksyon sa a, amwens yo lage nan pratik chache lajan fasil, koripsyon ak kriminalite sou baz pa gen travay.
V. KÈK REFERANS LIV AVÈK ATIK
CHARLIER, E. (1954). Aperçu sur la formation historique de la nation haitienne, Presses Libres, Port-au-Prince.
DORLIN, E. & PARIS, M. (2006). «Genre, esclavage et racisme : la fabrication de la virilité», Contretemps 16 : 96-105.
GAUTIER, A (1983). Les Sœurs de Solitude : Femmes et esclavage aux Antilles du XVIIe au XIXe siècle: Rennes : Presses Universitaires de Rennes
GAUTIER, A (1986). « Politique familiale et familles monoparentales en Métropole et dans les DOM depuis 1946 », Nouvelles Questions féministes 13 : 89-100.
GILBERT, M. (2001). Luttes des femmes et luttes sociales en Haïti : problématique et perspectives, Imprimeur II, Port-au-Prince.
LAMOUR, S. (2017). « Entre imaginaire et histoire : une approche matérialiste du poto-mitan en Haïti », thèse pour le doctorat de sociologie à l’Université Paris 8, sous la direction de Gail Pheterson, 17 octobre 2017.
LERNER, G. (1975). De l’esclavage à la ségrégation, les femmes noires dans l’Amérique des Blancs. New York, 1972, trad. française, Paris, Denoël-Gonthier.
MANIGAT, L.-F. (2001). Eventail d’histoire vivante, Tome 1, pp. 77-79
MERLET, M. (2002). La participation politique des femmes en Haiti : quelques éléments d’analyse, Editions Fanm yo la, Port-au-Prince.
…………
* Filozof kritik, espesyalis nan syans moun ak sosyal, pwofesè, militan Gwoup Refleksyon-FPSPA.
Logo : penti David Beaubrun, ki afiche sou sit Duke University
https://sites.duke.edu/blackatlantic/sample-page/storytelling-and-representation-of-bois-caiman/painting-and-bois-caiman/
[1] Yon vèsyon preliminè tèks sa te sèvi baz pou prezantasyon nan kad Space Oganizasyon Feminis Dantò te reyalize sou X (ansyen Twitter) jou mèkredi 21 out 2024. Menmsi m kenbe menm baz la men vèsyon sa pi devlope. M ap pwofite remèsye divès moun, zanmi ak kanmarad, kavalye pòlka ak « partenaire demarqué » ki te pran tan li tèks la epi pataje remak yo ak komantè yo avè m (Médy, Faubert, Judite, Venouse, Fanfan, Shanesa, Fritz).
[2] Menmjan Laraque fè sa mwen pwopoze pou n konsidere gen yon kontinite istorik alafwa nan pwosesis kolonizasyon/esklavak ak rezistans anfas pwosesis sa ki komanse apati anvayisman Panyòl yo fè sou tè sa an 1492. Si se vre gen kèk diskontinite nan pwojè okipan yo (panyòl, franse, angle, ameriken) globalman lojik dominasyon an, opresyon ak eksplwatasyon an pa janm kanpe. Menmjan tou, anfas pwojè sa, soti Kawonabo pou rive nan militan revolisyonè pou dezyèm Lendepandans (Yannick Rigaud), rezistans pou konstwi yon lòt sosyete pa janm bat ba. Cf. Franck Laraque, L’incessante lutte des masses haïtiennes pour la liberté et leur existence in Tanbou (http://www.tanbou.com/2005/IncessanteLutteLaraque.htm); « Construire Haïti par nous-mêmes », in Défi à la pauvreté by Franck Laraque, 1987, Éditions du CIDIHCA.
[3] Moun ki enterese kapab ale sou lyen anrejistreman Space la : https://x.com/i/spaces/1vAxROjygNVKl
[4] Georges Eddy Lucien, « Espaces périphériques et économie d’archipel: la trajectoire contemporaine de la commune de Verrettes (Haïti) », Université d’Etat d’Haïti ; Editions du CIDHICA, Port-au-Prince, [Montréal], 2009.
[5] Sa toujou frape m lè m ap tande mizik ane 70-80 (Rodrigue Milien, Skah Shah, Frères Dejean, Sweet Micky), sitou gwoup ak atis ki t ap evolye nan dyaspora yo, kijan atravè tèks yo yo konstwi lavi nan peyi etranje (USA) kòm difisil, lanfè. Yo tout se tray yo ap pase nan peyi etranje. Se konmsi yo lòt bò dlo se vre men lavi tout bon an se Ayiti. Cf. Rodrigue Milien, Mizè m nan Miyami (1981); Skah Shah, Ayiti (1975); Skah Shah, Santiman (1982) ; Frères Dejean, Ayiti ; Frères Dejean, Experience (1979) ; Sweet Micky, Ayiti (1996). Yon travay etid ki ta enteresan se ta petèt eseye gade apati ki moman pral gen yon « shift » ideyolojik, yon chanjman nan apwòch la, ki pral kòmanse vann lavi nan peyi etranje kòm ideyal epi prezante lavi lòt bò kòm « dezirab ».
[6] Ant 1789 ak 1790, nan Sendomeng te gen ant 450,000 ak 600,000 kaptif (esklav) pou sèlman 70,000 a 80,000 moun lib, pami yo 30,000 afranchi oswa desandan afranchi.
[7] Granmesi : Akademisyen Pierre Michel Chéry (Rechèch Istorik Bwa Kayiman)
[8] Antoine Dalmas, Histoire de la révolution de Saint-Domingue (Paris: Meme Frères, 1814), 116-127.
[9] Douz (12) Prensip Bwa Kayiman, Pierre Michel CHERY, 17 decembre 2010. Potomitan - Douz (12) Prensip Bwa Kayiman : The Twelve Bwa Kayiman Principles
[10] Depi apre lolit politik yo te fin bòykote refòm Bernard nan lane 1982, Pyè Michel Chery pran rezolisyon pou l ekri tout zèv li ankreyòl sèlman. Se yon angajman li pa janm trayi, jiskaske li mouri. Nan domèn literati, se klè li pa t ap travay ni pou pri Nobel, ni Goncourt, ni Renaudot. Li ekri nan lang manman nou paske prensipal piblik li te vize sete nou menm, ayisyen natif-natal. Pa gen pi dekolonyal pase sa !!!
[11] Paix à nos voisins ; mais anathème au nom français ; haine éternelle à la France; voilà notre cri.
[12] Leslie Francois Manigat, «Eventail d’Histoire Vivante d’Haïti: Des préludes à la Révolution de Saint Domingue jusqu’à nos jours (1789-1999)», Une Contribution à «la Nouvelle Histoire» Haïtienne, Collection du CHUDAC, Port-au-Prince, Haïti, 2001, Tome 1.
[13] Cf. Acte d’indépendance, ARMÉE INDIGENE, Gonaïves, le 1er janvier 1804, an 1er de l’indépendance in Auguste Linstant-Pradines, « Recueil général des lois et actes du gouvernement d’Haïti, depuis la proclamation de son indépendance jusqu’à nos jours », Tome 1, Paris, A. Durand
[14] Premye abolisyon esklavaj nan Sendomeng fèt 29 out 1793, plizyè mwa anvan Konvansyon (1792-1795) an deside aboli esklavaj nèt nan tout koloni Lafrans yo.
[15] Nan ka sa se ajan franse Polverel ki pral eseye monte tèt mesye yo pou montre yo gen dwa touche plis pase medam yo menm lè yo ap founi menm travay, menm lè yo eksplwate menm jan sou baz fanm dwe anba gason. Polverel itilize yon agiman patriyakal pou divize kominote travayè-travayèz yo.
[16] Nan pwosesis fòmalizasyon sosyete ayisyen an, batay fanm yo pou dwa politik yo pral demare an 1934 avèk kreyasyon Ligue Feminine d’Action Sociale (LFAS). Apati batay sa yo, fanm yo pral jwenn dwa pou vote ak patisipe nan eleksyon pou tout pòs an 1950, 146 lane apre Lendepandans, sou Dumarsais Estimé. LFAS sete yon òganizasyon ki t ap batay pou egalite sivil ak politik fanm tiboujwa ak gason tiboujwa. Revandikasyon yo te plis liberal, fòmèl. San sa pa retire merit medam sa yo, nou kapab konstate òganizasyon an pa t gen ankenn ankraj nan prensip ak filozofi Bwa Kayiman 1791 la ki te pèmèt fanm popilè yo patisipe aktivman nan tout mekanis batay la men l te konekte ak dinamik batay fanm ki t ap devlope nan moman an nan peyi Loksidan yo.
[17] Cf. Acte d’indépendance, ARMÉE INDIGENE, Gonaïves, le 1er janvier 1804, an 1er de l’indépendance in Auguste Linstant-Pradines, « Recueil général des lois et actes du gouvernement d’Haïti, depuis la proclamation de son indépendance jusqu’à nos jours », Tome 1, Paris, A. Durand
[18] Nan dat 29 out 1793, Lafrans pral pwoklame afranchisman jeneral esklav yo. Lame repibliken franse yo, ki te gen sitou "nouvo lib" ladann, bat Panyòl yo ak alye Britanik yo. Toussaint Louverture, kòmandan lame viktorye a, prale pran lidèchip tout zile a. Li enpòtan pou n sonje menm pandan moman sa se pa tout kaptif (oswa ansyen kaptif) ki te rekonèt yo nan pwojè libète ak byennèt pou tout moun nan. Genyen ki t ap fantasme tèt yo nan sistèm dominan an, ki te panse yo kapab jwenn chans yo. Youn nan ka pi selèb sete Laporte.